Nouvo Testaman 2023
11–17 Desanm. Revelation 6–14: “Yo Te Gen Laviktwa … atravè San Mouton an”


“11–17 Desanm. Revelation 6–14: ““Yo Te Gen Laviktwa … atravè San Mouton an” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2023 (2021)

“11–17 Desanm. Revelation 6-14,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2023

Imaj
Jezi ki kanpe nan mitan etwal

Konposisyon atistik pa Eric Johnsen: Gran Konsèy la, pa Robert T. Barrett; gran etwal koutwazi Ajans Espas Ewopeyen.

11–17 Desanm

Revelation 6–14

Revelation 6–14 “Yo Te Gen Laviktwa … atravè San Mouton an”

Pandan w ap li Revelation 6–14, panse a timoun w ap anseye yo. Sentespri a ka ede w idantifye verite ki gen rapò avèk yo.

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Montre kèk foto ki ap ede timoun yo sonje bagay yo te aprann resammanan lakay yo oubyen nan Primè a. Envite timoun yo pou yo pataje sa yo konnen sou foto yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Revelasyon 7:9, 13–14

Jezikri ede m vin pwòp.

Jan te wè anpil moun ki te abiye an rad ki te “vin … blan nan san Ti Mouton an” (vèsè 14). Konsidere kijan vizyon sa a ta ka ede timoun yo konprann jan li enpòtan pou nou pwòpte anba peche nou atravè Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a.

Aktivite Posib

  • Montre timoun yo kèk rad blan (oubyen yon foto rad blan) ak yon foto Jezi. Li Revelasyon 7:9, 13–14 pou timoun yo, epi mande yo pou yo montre foto a ak rad yo chak fwa yo tande mo blanan. Eksplike yo ke rad blan reprezante pwòpte epi li raple nou ke Jezikri ka fè nou vin pwòp anba peche nou.

  • Montre yo yon moso twal blan oubyen yo moso papye, epi fè yo sal li nan ekri sou li avèk yon plim oubyen nan mete tè sou li. Eksplike ke lè nou dezobeyi kòmandman yo, nou ka santi se tankou nou gen tè sou rad nou. Montre foto Jezi nan Jetsemane (tankou Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 56) mete twal sal la oubyen papye a akote epi montre yo yon twal pwòp. Temwaye ke Jezikri ka ede nou vin pwòp.

  • Chante yon kantik sou batèm, tankou “Le jour de mon baptême“ (”Chants pour les enfants, 53), epi rann temwayaj sou jan Jezi ede nou vin pwòp lè nou batize.

Revelasyon 12:7–11

M te montre lafwa nan Jezikri nan lavi premòtèl la.

Nan Lagè nan syèl la, pitit fidèl Bondye yo te venk Satan ak “pawòl temwayaj yo” epi pa lafwa yo te montre nan Jezikri (Revelasyon 12:11). Yo kontinye fè sa jodia.

Aktivite posib

  • Pou ede yo konprann kisa sa vle di suiv egzanp yon moun, chwazi yon timoun pou l yon “dirijan” epi mande lòt yo pou yo suiv li nan fè tout sa l ap fè. Apre sa fè lòt timoun vin lidè. Li Revelasyon 12:7–11 pou timoun yo epi eksplike ke anvan nou te fèt, nou te chwazi pou nou suiv Jezi e pa Satan.

  • Chante ansanm yon chan sou lavi premòtèl la, tankou “I Lived in Heaven” oubyen “Je veux suivre le plan de Dieu” (Children’s Songbook, 4, 86). Poze kesyon tankou, “Kisa k te pase nan syèl la anvan nou te fèt? ” ak “Kisa nou te chwazi fè?” (Gade tou nan “Entwodiksyon: Plan Pè Selès nou an” nan Istwa Nouvo Testaman yo, 1–5, oubyen videyo korespondan an nan ChurchofJesusChrist.org.)

Revelasyon 14:6-7

Levanjil la te retabli nan epòk pa nou an.

Jan te ekri konsènan yon anj ki tap pote “levanjil etènèl la” (Revelasyon 14:6). Yon diskisyon sou Revelasyon 14:6–7 ka ba w yon opòtinite pou w temwaye sou Retablisman Levanjil Jezikri a nan epòk pa nou an.

Aktivite Posib

  • Montre timoun yo yon foto Mowoni ki ap pale avèk Joseph Smith pandan w ap li Revelasyon 14:6 (gade nan Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 91). Envite timoun yo lonje dwèt sou zanj lan nan foto a. Pataje istwa vizit Mowoni an avèk yo (gade nan “Chapit 3: Anj Mowoni ak Plak Lò yo,” nan Istwa Doktrin ak Alyans, 13-17, oubyen nan videyo ki koresponn avèk sa a nan nan ChurchofJesusChrist.org).

  • Envite timoun yo jwe wòl istwa Mowoni ki ap vizite Joseph Smith (gade Istwa—Joseph Smith 1:29-35). Ede yo site kèk benediksyon nou jwi poutèt levanjil Jezikri a te retabli. Pataje temwayaj ou sou Retablisman an.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Revelation 9:1–2

Levanjil la ka ede m simonte tantasyon.

Nou ka konpare lafimen ki te fè lè a vin sonb nan ki nan Revelasyon 9:2 a avèk tantasyon (gade 1 Nefi 12:17).

Aktivite posib

  • Desine foto yon solèy ak yon nyaj tou nwa, epi koupe yo. Envite timoun yo pou yo li Revelasyon 9:2 ak 1 Nefi 12:17 epi pou yo ekri sou nyaj nwa yo kisa lafimen oubyen bwouya ki nan vèsè sa yo reprezante. Mete nyaj nwa a sou tablo a, epi envite timoun yo pou yo fè yon lis tantasyon timoun ki nan laj yo ap rankontre. Apre sa, mete solèy la sou tablo a epi mande yo pou yo fè yon lis zouti Pè Selès la ban nou pou nou ka simonte fènwa nan mond lan.

  • Kijan nou ka ede lòt moun ki nan tenèb espirityèlman? Pou ede timoun yo reflechi sou kesyon sa a, montre yon pati nan videyo “Choose the Light [Chwazi Limyè a]” (ChurchofJesusChrist.org), sitou dezyèm mwatye videyo a. Kijan nou ka tankou moun ki te ede siklis la nan tinèl la?

Revelasyon 12:7–11

M te montre m gen lafwa nan Jezikri nan lavi premòtèl la.

Timoun w ap anseye yo vini sou tè a paske yo te gen lafwa nan Jezikri nan lavi premòtèl la epi yo te chwazi pou yo suiv li.

Aktivite posib

  • Li ansanm Revelasyon 12:7–11, epi ekri sou tablo a mo dragon, Lagè nan syèl la, chase, temwayaj, ak Ti Mouton. Mande timoun yo pou yo rezime vèsè sa yo pandan y ap itilize mo ki sou tablo a. Kisa nou aprann konsènan Jezikri (Mouton an) nan vèsè sa yo? Kisa nou aprann konsènan chwa nou te fè nan lavi premòtèl la?

  • Sou tablo a, kreye twa kolòn epi mete etikèt Anvan lavi sa a, Pandan lavi sa a, ak Toulède. Prepare kèk moso papye ki deklare verite osijè lavi premòtèl la ak lavi mòtèl la, tankou Nou gen kò, Nou pa gen kò, Nou viv nan prezans Bondye, Nou nan lagè avèk Satan, Nou egzèse lafwa nan Jezikri, ak Nou suiv plan Bondye a. Fè timoun yo pran yon moso papye lè tou pa yo rive epi pou yo deside nan ki kolòn pou yo mete l. Pataje konfyans ou ke timoun yo ka kontinye montre lafwa nan Kris la.

Revelasyon 14:6-7

Kòm yon pati nan Retablisman an, Levanjil la ap preche nan tout mond lan.

Timoun w ap ansenye yo ka ede preche levanjil la “ak tout nasyon, lang, ak pèp“ (Revelasyon 14:6).

Aktivite Posib

  • Mande timoun yo pou yo li Revelasyon 14:6-7 epi pou yo ekri mo oubyen ekspresyon nan vèsè sa yo ki siyifikatif pou yo. Mande yo pou yo di poukisa yo te chwazi mo oswa ekspresyon sa yo. Eksplike ke vèsè sa yo dekri retablisman levanjil la nan epòk pa nou an. Mande yo kijan yo ka fè pati travay preche levanjil la a mond lan.

  • Envite timoun yo pou yo li Revelasyon 14:7 epi pou yo redi mesaj anj lan te gen pou mond lan nan pwòp mo pa yo. Oubyen envite yo desine yon foto ki reprezante mesaj anj lan. Kisa nou ka pataje avèk lòt moun konsènan levanjil Jezikri a?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Ede timoun yo ekri yon mo oubyen yon ekspresyon ki ap ede yo sonje yon bagay yo te aprann nan klas la jodi a. Envite yo pou yo montre sa yo te ekri yon moun lakay yo epi pataje sa yo te aprann yo.

Amelyore Ansèyman Nou

Anseye doktrin nan atravè mizik. Chante chan ak timoun yo ka ranfòse doktrin w ap ansenye nan ekriti yo. Pou ide, gade nan “Itilize Mizik pou Ansenye Doktrin” nan seksyon ki gen tit “Enstriksyon pou Peryòd Echanj ak Prezantasyon Reyinyon Sentsèn Timoun yo” nan fen manyèl sa a.

Enprime