Vini, Suiv Mwen
30 Mas–12 Avril. Pak: “L ap leve … avèk gerizon nan zèl li”


“30 Mas–12 Avril. Pak: ‘L ap leve … avèk gerizon nan zèl li’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Liv Mòmon 2020 (2020)

“30 Mas–12 Avril. Pak,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2020

Imaj
Kris resisite a avèk Apot li yo

Kris la ak Apot yo, pa Del Parson

30 Mas–12 Avril

Pak

“L ap leve … avèk Gerizon nan Zèl Li”

Dimanch Pak se yon okazyon ekselan pou manm klas yo fòtifye temwayaj yo konsènan Jezikri ak Rezirèksyon l la—ak pou youn fòtifye temwayaj lòt. Kenbe sa nan lespri w pandan w ap etidye ekriti yo an preparasyon pou leson sa a. Chèche gidans espirityèl konsènan sa k ap touche kè moun yo nan klas ou a.

Anrejistre enpresyon ou yo

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Manm klas yo te petèt fè eksperyans siyifikan nan de semèn ki sot pase yo pandan yo t ap li sa Liv Mòmon an anseye sou Rezireksyon ak Ekspyasyon Jezikri a. Ba yo kèk minit pou yo chèche jwenn yon pasaj ki te enpresyone yo, epi apresa envite yo pataje sa yo jwenn.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

2 Nefi 9:7–15; Alma 11:41–45; 40:21–23

Rezirèksyon se yon reyinyon pèmanan kò a ak lespri a.

  • Konparezon ka yon mwayen efikas pou anseye prensip levanjil yo. Petèt ou ka envite manm klas yo pou yo li 2 Nefi 9:7–15 ak Alma 11:41–45 epi idantifye mo ak fraz nan vèsè sa yo ki anseye konsènan rezireksyon an. A kisa yo konpare lanmò? Kijan yo dekri rezirèksyon? Poukisa nou bezwen yon kò resisite? (Gade D&A 93:33–34) tou. Manm klas yo ka diskite sou fason yo ta ka itilize konparezon sa yo pou anseye yon moun sou rezirèksyon an. Pandan y ap pataje ide yo avèk klas la, ou ka diskite avèk yo poukisa yo valorize verite sa yo konsènan Rezireksyon an.

  • Panse pou w envite manm klas yo pou yo pataje moman kote yo te santi yo rekonesan pou konesans yo genyen sou Rezirèksyon an. Kijan konesans sa a ta ka enfliyanse lavi nou pi regilyèman? Ou ta ka ede yo reponn kesyon sa a nan envite yo chak pou yo gade nan 2 Nefi 9:7–15; Alma 11:41–45; oswa Alma 40:21–23 epi drese sou tablo a yon lis verite yo jwenn konsènan Rezirèksyon an. Apresa, ou ka ekri de fraz sa yo sou tablo a epi mande yo pou yo medite pandan kèlke minit avan yo pataje kijan yo ta ka konplete yo: Si m pa t konnen bagay sa yo… ak Paske m konnen bagay sa yo….

Imaj
Jezi ap priye nan Jaden Jetsemani a

Jetsemani, pa Michael T. Malm

Mozya 3:5–7; 15:5–9; Alma 7:11–13

Jezikri te pran peche, doulè, ak enfimite nou yo sou tèt li.

  • Medite epi diskite sou soufrans Sovè a nan plas nou kapab envite Lespri a epi sa ka enspire santiman lanmou ak gratitid anvè Sovè a. Pou ankouraje kalite meditasyon ak diskisyon sa a, ou ka desinen yon dyagram sou tablo a ki menmjan avèk sa yo sigjere nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a epi envite manm klas yo pou yo konplete l kote y ap itilize Mozya 3:5–7; 15:5–9; ak Alma 7:11–13 ak pwòp eksperyans pa yo. Selon jan Lespri a dirije w, ou ka envite manm klas yo pou yo pataje santiman yo konsènan sa Jezikri te fè pou yo tou.

  • Mizik sakre ka envite Lespri a ak ranfòse doktrin w ap anseye a. Petèt manm klas yo ta ka repase Mozya 3:5–7; 15:5–9; ak Alma 7:11–13 epi chèche ak chante kantik yo santi ki koresponn avèk mesaj ki nan vèsè sa yo (ou ka envite yon moun pou chante oswa jwe kantik yo tou). Endèks ekriti yo nan dènye paj liv kantik la ka ede, ak lòt kantik yo sigjere nan seksyon “Resous Adisyonèl” la. Ankouragje manm klas yo pataje pasaj nan kantik yo ak nan ekriti yo ki ka ede yo apresye sakrifis Sovè a pi pwofondeman.

Enòs 1:1–19; Mozya 5:1–2; 27:8–28:4; Alma 24:7–19

Ekspyasyon Jezikri a netwaye nou epi ede nou pèfeksyone.

  • Yon fason efikas pou n aprann konsènan pouvwa Sovè a pou chanje lavi nou an se etidye egzanp sou fason li te chanje lavi lòt moun lè yo te repanti epi vin jwenn li. Liv Mòmon an gen anpil egzanp konsa. Petèt ou ta ka bay chak manm klas la tach pou li konsènan youn nan egzanp sa yo, tankou Enòs (gade Enòs 1:1–19), Pèp Wa Benjamen an (gade Mozya 5:1–2), Alma, pitit la (gade Mozya 27:8–28:4), oswa Anti-Nefi-Leyi yo (gade Alma 24:7–19), oubyen yo ka panse a lòt egzanp nan ekriti yo. Apresa kèk manm klas la ka fè rezime sou eksperyans yo te li yo. Petèt klas ou a ta p renmen fè sa nan bay endis pou ede rès klas la devine kimoun y ap dekri a. Yo ka diskite kesyon tankou sa yo tou: Kijan moun nan egzanp sa yo te chanje? Ki wòl Sovè a te jwe nan chanjman yo a? Petèt kèk manm nan klas la ka pale konsènan fason Sovè a te opere “yon chanjman puisan … nan kè [yo] ” (Mozya 5:2). Pou aprann plis sou fason Sovè a chanje nou—ak poukisa chanjman sa a enpòtan anpil—ou gen dwa pataje analoji Prezidan Dallin H. Oaks bay nan “Resous Adisyonèl” la.

Imaj
Senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Pou enspire manm klas yo li Mozya 1–3, ou gen dwa envite yo pou yo panse a yon moman kote yo te santi yon dezi pou yo te rejwi apre yo te fin li oubyen tande yon mesaj levanjil. Envite yo chèche verite ki ka pote lajwa pou yo pandan y ap li Mozya 1–3 a.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Kantik sou Ekspyasyon Sovè a.

  • Oui, je crois en Christ,” Cantiques,no. 71

  • Je sais qu’il vit, mon Rédempteur,” ,“Cantiques no. 73

  • Thy Will, O Lord, Be Done,” Cantiques, no. 188

  • Ce matin-là,” Cantiques, no. 120

Nou ka jwenn videyo sou Kè Tabènak la k ap chante kèk nan kantik sa yo nan ChurchofJesusChrist.org.

Analoji: Nou dwe plis pase pwòp.

Prezidan Dallin H. Oaks te pataje yon analoji pou eksplike kijan Sovè a prepare nou pou n retounen nan prezans Bondye:

“Nou gen tandans pou n panse ke rezilta repantans se tou senpleman netwaye nou de peche, men sa se yon vizyon enpkonplèt. … Yon moun ki peche se tankou yon pyebwa ki koube fasilman anba yon van. Nan yon jou gwo lapli ak van, pyebwa a sitèlman koube prèske touche tè a ke fèy li vin sal anba labou, tankou peche. Si nou konsantre n sou netwaye fèy yo sèlman, feblès pyebwa a ki te fè l panche epi sal fèy li yo ka rete. Menmjan an tou, yon moun ki sèlman dezole paske peche sal li pral peche ankò pwochèn fwa gen yon van ankò. Risk pou repete peche a ap kontinye jiskaske pyebwa a fòtifye.

“Lè yon moun suiv pwosesis ki mennen nan sa ekriti yo rele ‘yon kè brize ak yon lespri kontri‘ a, Sovè a fè plis pase netwaye moun sa a anba peche. Li ba l yon nouvo fòs. Ranfòsman sa a esansyèl pou nou akonpli bi netwayaj la, ki se retounen al jwenn Pè Selès la. Pou yo admèt nou nan prezans li, nou dwe plis pase pwòp. Nou dwe chanje soti nan yon moun moralman fèb ki te peche pou n vin tounen yon moun solid avèk nivo espirityèl ki nesesè pou n rete nan prezans Bondye” (“Ekspyasyon ak Lafwa,” Ensign, Avr. 2010, 33–34).

Amelyore ansèyman nou

Viv diy pou n resevwa gidans Lespri a. Lè n viv levanjil la, nou diy pou n gen konpayi Lespri a, ki se vrè enstriktè a. Lè n chèche gidans li, Sentespri a ap bannou panse ak enpresyon sou fason pou n satisfè bezwen moun n ap anseye yo. (Gade Anseye nan fason Sovè a, 5.)

Enprime