Vini, Suiv Mwen
30 Mas–12 Avril. Pak: “Li va leve … avèk gerizon nan zèl li”


“30 Mas–12 Avril. Pak: ‘Li va leve … avèk gerizon nan zèl li,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Liv Mòmon 2020 (2020)

“30 Mas–12 Avril. Pak,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2020

Imaj
Kris resisite a avèk Apot li yo

Kris la avèk Apot yo, tablo Del Parson

30 Mas–12 Avril

Pak

“Li va leve … avèk gerizon nan zèl li”

Pandan jou anvan Dimanch Pak yo, panse pou w konsantre etid ekriti pèsonèl ak familyal ou sou temwayaj puisan konsènan lavi, lanmò, Rezirèksyon, ak pouvwa ekspyatwa Jezikri ki nan Liv Mòmon an.

Ekri enpresyon ou

Ansyen Apot yo te brav nan temwayaj yo konsènan Jezikri ak Rezirèksyon l lan. Dè milyon moun kwè nan Jezikri epi y ap efòse yo pou yo suiv li akoz pawòl yo ki ekri nan Bib la. Men, gen moun ki ka panse: si Jezikri se Sovè tout mond lan, enben, poukisa temwen l yo limite a yon ti gwoup moun ki konsantre nan yon sèl ti rejyon?

Liv Mòmon an kanpe kòm yon temwen adisyonèl pou konvenk nou ke Jezikri se Sovè mond lan, “ki manifeste tèt li a tout nasyon” (paj tit Liv Mòmon an) epi l ofri sali a tout moun ki vin jwenn ni. Epitou, dezyèm temwen sa a klarifye sa sali vle di. Se poutèt sa, Nefi, Jakòb, Mòmon, ak tout pwofèt yo te travay “avèk dilijans pou yo te kapab ekri pawòl sa yo sou plak”—pou deklare pou fiti jenerasyon yo ke yomenm tou yo te “konnen konsènan Kris la, epi … yo te gen espwa nan laglwa li” (Jakòb 4:3–4). Sezon Pak sa a, reflechi sou temwayaj yo nan Liv Mòmon an ki di ke pouvwa Ekspyasyon Kris la inivèsèl ak pèsonèl la—paske li rachte tout mond lan epi li rachte ou.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

2 Nefi 9:6–15, 22; Alma 11:41–45; 40:21–23; 3 Nefi 26:4–5

Gras ak Rezirèksyon Jezikri a, tout moun ap resisite.

Tradisyon Pak se medite sou Rezirèksyon Jezikri a, men kisa resisite vle di egzakteman? Ki ekplikasyon Liv Mòmon an ofri sou rezirèksyon? Petèt kòm yon pati nan selebrasyon Pak ou, ou ka fè lis verite sou rezirèksyon an ou jwenn nan 2 Nefi 9:6–15, 22; Alma 11:41–45; 40:21–23; ak 3 Nefi 26:4–5 yo. Ou gen dwa ekri pou ki rezon w panse l enpòtan pou nou konn chak nan verite sa yo.

Ou ka petèt remake ke yo souvan anseye verite osijè Rezirèksyon yo ansanm ak verite konsènan Jijman Final la tou. Medite sou kisa sa anseye w apwopo enpòtans Rezirèksyon an nan plan sali a.

Gade Lik 24:36–43; Travay 24:15; 1 Korentyen 15:12–23 tou.

Mozya 3:7; 15:5–9; Alma 7:11–13

Jezikri te pran peche m, doulè m ak enfimite m yo sou tèt li.

Bib la anseye klèman ke Jezikri te ekspye pou peche nou. Men, Liv Mòmon an elaji konpreyansyon nou sou sakrifis ak soufrans Kris la nan fason enpòtan. Ou ka jwenn kèk nan ansèyman sa yo nan Mozya 3:7; 15:5–9; ak Alma 7:11–13. Lè w fin li pasaj sa yo, panse pou w ekri sa w dekouvri yo nan yon tablo tankou sa a:

Kisa Sovè a te soufri?

Poukisa l te soufri?

Kisa sa vle di pou mwen?

Kisa Sovè a te soufri?

Poukisa l te soufri?

Kisa sa vle di pou mwen?

Gade Ezayi 53; Ebre 4:14–16 tou.

Imaj
Jezi ap priye nan Jaden Jetsemani an

Jetsemani, tablo Michael T. Malm

Mozya 5:1–2; 27:8–28; Alma 15:3–12; 24:7–19

Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a pwòpte m epi l ede m pèfeksyone m.

Nou te ka di ke Liv Mòmon an se an gran pati yon istwa konsènan moun ki te chanje gras ak Ekspyasyon Jezikri a. Anfèt, kèk nan moun sa yo te komèt peche ki te grav epi yo te menm enmi pèp Bondye a anvan pouvwa Sovè a te travay nan yo pou pote yon gwo chanjman selon lafwa yo nan li. Ou ka li kèk nan eksperyans sa yo nan Mozya 5:1–2; 27:8–28; ak Alma 15:3–12; 24:7–19; ou gen dwa panse a lòt egzanp pou w etidye tou. Kisa w remake chak nan eksperyans sa yo gen an komen? Ki diferans ou remake? Kisa resi sa yo anseye w sou fason Sakrifis Ekspyatwa Sovè a ka chanje ou?

Gade Alma 5:6–14; 13:11–12; 18; 19:1–16; 22:1–26; 36:16–21; Etè 12:27; Mowoni 10:32–33.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Pandan w ap selebre Pak avèk fanmi ou, chèche fason pou nou aprann ansanm sou Sovè a ak Ekspyasyon l lan, enkli Rezirèksyon an. Men kèk ide.

3 Nefi 1117

Gen kèk fanmi k twouve ke etidye resi sou vizit Sovè resisite a te fè nan kontinan Ameriken an patikilyèman enpòtan pandan sezon Pak la. Ankouraje manm fanmi ou pou yo imajine a kisa sa t ap sanble si yo ta touche plè l yo 3 Nefi 11:14–15) oubyen si yo ta youn nan timoun li te beni yo (gade 3 Nefi 17:21). Kijan istwa sa a apwofondi rekonesans ou pou Rezirèksyon Sovè a? Gen yon ton tablo ki dekri istwa sa a ki akonpaye plan leson sa a; gen lòt ou ka jwenn nan ChurchofJesusChrist.org. Manm fanmi ou gen dwa ta kontan desine pwòp yomenm apwopo sa y ap li yo tou.

Mesaj ki soti nan konferans jeneral

Nan plizyè pati nan mond lan, konferans jeneral Avril ane sa a fèt nan semèn anvan Pak la. Petèt si yo koute mesaj konferans yo, sa ta ka ede fanmi w konsantre sou Sovè a pou Pak sa a. Paregzanp, ou gen dwa envite yo pou yo koute mesaj konferans ki temwaye de Jezikri ak Rezirèksyon l lan—espesyalman mesaj Apot yo, ki se temwen espesyal Jezikri. Apresa, ou gen dwa repase mesaj sa yo ansanm epi chèche idantifye ansèyman ladan yo ki fòtifye temwayaj ou konsènan Sovè a.

Kris Vivan an: Temwayaj Apot yo

Ansanm an fanmi, li Kris Vivan an: Temwayaj Apot yo”Ensign oswa Liahona, Me 2017,2–3; andedan kouvèti devan an; gade ChurchofJesusChrist.org) tou, epi envite chak manm fanmi pou yo chwazi yon mesaj Pak nan temwayaj sa a pou yo pataje avèk lòt. Paregzanp, ou gen dwa kreye afich pou w pibliye sou rezo sosyal, devan pòt ou, oubyen sou fenèt ou.

Videyo: Temwwen espesyal Kris la

ChurchofJesusChrist.org ak app Bibilyotèk Levanjil la gen yon seri videyo ki rele Temwen espesyal Kris la. Yo gen ladan yo videyo chak manm Premye Prezidans lan ak Kolèj Douz Apot yo k ap rann temwayaj yo konsènan Jezikri. Fanmi w gen dwa gade youn oubyen plis ladan yo epi diskite sou sa yo anseye nou osijè sa Sovè a fè pou nou.

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore ansèyman nou

Viv Levanjil Jezikri a. “Petèt bagay ki pi enpòtan w ka fè antanke paran se viv levanjil la ak tout kè ou. Sa se pi bon mwayen pou w ka kalifye pou konpayi Sentespri a. Ou pa bezwen pafè, men, senpleman eseye fè tout sa w kapab nan tout dilijans epi chèche padon atravè Ekspyasyon Sovè a. (Gade Anseye nan fason Sovè a,13–14.)

Imaj
Kris la k ap akeyi Nefit yo

Ilistrasyon Ben Sowards ki reprezante Kris la avèk Nefit yo

Enprime