Vini, Suiv Mwen
23–29 Mas. Enòs–Pawòl Mòmon: Li aji nan mwen pou m ka fè selon volonte li


“23–29 Mas. Enòs–Pawòl Mòmon: Li aji nan mwen pou m ka fè selon volonte li,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Liv Mòmon 2020 (2020)

“23–29 Mas. Enòs–Pawòl Mòmon,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2020

Imaj
Enòs lè l te yon ti gason avèk papa li, Jakòb, ak manman l

Jakòb ak Enòs, tablo Scott Snow

23–29 Mas

EnòsPawòl Mòmon

Li aji nan mwen pou m ka fè selon volonte li

Pandan w ap li Enòs rive nan Pawòl Mòmon yo, chèche mesaj ki ap pi enpòtan pou oumenm oubyen fanmi ou.

Ekri enpresyon ou

Enòs t al nan forè a pou l te chase bèt, men li te fini pa rete pou l te priye “tout jounen an … ak lè lannuit te rive” (Enòs 1:3–4). Paske nanm li te vrèman swaf pou l te resevwa yon remisyon pou peche li, Enòs te dispoze pou l te priye osi lontan sa te nesesè e menm pou l te “lite” devan Bondye (Enòs 1:2). Se poutèt sa yon priyè sensè se: pa sitèlman mande tout sa nou vle men se yon efò sensè pou n kominye avèk Bondye epi aliyen volonte nou avèk volonte li. Lè w priye nan fason sa a, lè vwa w “atenn syèl la,” ou dekouvri, jan Enòs te dekouvri a, ke Bondye tande ou, epi li vrèman sousye pou ou, pou moun ki chè pou ou yo, e menm pou enmi ou (gade Enòs 1:4–17). Nan moman sa yo, Bondye ka fè w konnen volonte li, epi w ap vin pi dispoze ak pi kapab pou w fè volonte li paske ou an amoni avèk li. Tankou Mòmon, ou gen dwa “pa konnen tout bagay; men Senyè a konnen tout bagay … [epi] li aji nan [ou] pou w ka fè selon volonte li” (Pawòl Mòmon 1:7).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

Enòs 1:1–3

Pawòl yon paran ka gen yon enfliyans dirab.

Ki mesaj vèsè sa yo genyen pou paran yo ak pou timoun yo?

Enòs 1:4–27.

Priyè sensè m yo ap jwenn repons.

Eksperyans Enòs avèk lapriyè a se youn nan eksperyans ki pi memorab nan ekriti yo. Eksperyans pa w yo gen dwa pa osi enpresyonan, men yo pa oblije mwens enpòtan. Eksperyans Enòs yo ka revele kèk fason pou amelyore priyè ou. Men kèk kesyon pou w medite:

  • Ki mo ki dekri efò Enòs pandan l t ap priye a?

  • Poukisa Enòs te priye toudabò? (gade Enòs 1:4). Kisa w ka aprann nan reyaksysyon Enòs la lè l te fin resevwa repons lan? (gade Enòs 1:4).

  • Kijan Enòs te reyaji apre repons li te resevwa yo?

  • Kisa w ka aprann nan men Enòs sou fason pou w gen yon lafwa “inebranlab” nan Senyè a? (Enòs 1:11).

JawòmOmni

Senyè a ap beni m lè m obeyi kòmandman yo.

Youn nan pwomès Bondye ki pi repete nan Liv Mòmon an se pwomès ke, si Nefit yo te kenbe kòmandman yo, yo t ap pwospere a (gade 2 Nefi 1:20; Jawòm 1:9–12; Omni 1:6). Liv Jawòm ak Omni yo monte kèk nan fason pwomès sa a te akonpli. Kisa w aprann nan resi sa yo ki ka ede w “pwospere nan peyi a”?

Omni 1:14, 21

Kiyès pèp Zarayemla a te ye?

Apre Nefit yo te kouri kite peyi Nefi a, yo te dekouvri yon kantite moun ki t ap viv nan yon kote yo te rele Zarayemla. Pèp Zarayemla a sete desandan yon gwoup Izrayelit ki, menmjan ak fanmi Leyi, te kouri kite Jerizalèm epi Bondye te dirije yo al nan tè pwomiz la. Pami gwoup moun sa yo, te gen Milèk, youn nan pitit Zedekya yo, Wa Jida a, ke Babilonyen yo te kaptire nan zòn 587 AK la (gade Jeremi 52:1–11; Mozya 25:2; Elaman 8:21).

Lè pèp Zarayemla a te rive nan tè pwomiz la, yo te rankontre Koryantumr (gade Omni 1:21), dènye sivivan Jaredit yo, ke yo rakonte iswa li nan liv Etè a.

Pawòl Mòmon

Kisa Pawòl Mòmon an ye?

Pawòl Mòmon an sèvi kòm yon pon ant de seri plak ki konpoze Liv Mòmon an. Ladan li, Mòmon bay yon eksplikasyon sou de anal sa yo, epi pawòl li yo anseye yon mesaj enpòtan sou konfyans nan Senyè a, menm lè nou pa totalman konprann direksyon li.

Lè Nefi t ap ekri istwa pèp li a, Bondye te enspire l pou l te kreye de seri plak, ki te rele ti plak ak gwo plak Nefi yo. Nefi pa t konn poukisa Senyè a te kòmande l pou l te kreye de seri plak, men li te gen konfyans ke Senyè a te gen “yon bi saj … , ke limenm li pa t konnen” (1 Nefi 9:5; gade “Yon brèf eksplikasyon sou Liv Mòmon an” tou).

Dè syèk apre, lè Mòmon t ap fè rezime gwo plak Nefi yo, li te jwenn ti plak yo. Ti plak yo te kouvri anpil nan menm evenman yo dekri nan gwo plak yo Mòmon te deja rezime yo, men yo te konsantre plis sou bagay spirityèl yo ak ministè ak ansèyman pwofèt yo. Bondye te enspire Mòmon pou l te enkli ti plak Nefi yo nan anal li a anplis gwo plak yo. Menmjan ak Nefi, Mòmon pa t konprann bi Bondye nan kreye de seri plak yo men, li te kwè ke sete “pou yon bi ki saj” (Pawòl Mòmon 1:7).

Jodia, nou konn kisa objektif Bondye a te ye. Nan lane 1828 la, apre Joseph Smith te fin tradui yon pati nan rezime Mòmon yo ki te sou gwo plak Nefi yo (116 paj maniskri), Martin Harris te pèdi paj sa yo. Bondye te kòmande Joseph pou l pa t retradui pati sa a paske kèk moun mechan t ap chanje mo yo epi yo t ap eseye jete diskredi sou Joseph (gade DA 10, antèt seksyon; DA 10:14–19, 30–45). Erezman, Bondye te prevwa bagay sa a epi li te founi ti plak yo, ki te kouvri menm istwa a ki te pèdi avèk 116 paj. Ti plak yo konpoze liv ki vini anvan Pawòl Mòmon yo, epi rezime Mòmon an sou gwo plak yo kòmanse apre Pawòl Mòmon yo.

Imaj
Mòmon k ap konpile plak lò yo

Mòmon k ap konpile plak yo, tablo Jorge Cocco

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Pandan w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konn ki prensip pou w souliyen ak diskite pou ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk ide.

Enòs 1:1–17

Fanmi w gen dwa gade yon foto Enòs k ap priye epi chèche Enòs 1:1–17 pou yo ka jwenn fraz yo ta ka itilize kòm tit pou foto a. Ou gen dwa mande yo pou yo fè desen sou eksperyans Enòs la tou. Kisa nou aprann nan men Enòs sou chèche padon?

Jawòm 1:2

Kijan etid nou sou Liv Mòmon an “revele plan sali a” pou nou?

Omni 1:12–22

Kisa vèsè sa yo anseye sou enpòtans pou n gen pawòl Bondye a nan lavi nou?

Pawòl Mòmon 1:3–9

Ki benediksyon n ap jwenn nan kenbe jounal pèsonèl ak familyal nou? Kijan nou ka plis konsantre anal nou yo sou Kris la?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore ansèyman nou

Reyini ansanm souvan. Prezidan Henry B. Eyring te anseye: “Pa janm rate yon chans pou reyini pitit nou yo ansanm pou yo aprann doktrin Jezikri a. Kalite moman sa yo ra an konparezon avèk efò enmi an” (Pouvwa pou anseye doktrin nan,”Ensign,Me 1999, 74).

Imaj
Enòs k ap priye

Enòs k ap priye, tablo Robert T. Barrett

Enprime