Vini, Suiv Mwen
16–22 Mas. Jakòb 5–7: “Senyè a travay avèk nou”


“16–22 Mas. Jakòb 5–7: ‘Senyè a travay avèk nou,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Liv Mòmon 2020 (2020)

“16–22 Mas. Jakòb 5–7,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2020

Imaj
gason ki t ap travay nan yon forè pye olivye

Alegori pye olivye a, tablo Brad Teare

16–22 Mas.

Jakòb 5–7

Senyè a travay avèk nou

Li ekriti yo envite revelasyon. Konsa pandan w ap li Jakòb 5–7 la, chèche gidans Lespri a pou ede oumenm avèk fanmi ou. Ki mesaj Senyè a genyen pou ou?

Ekri enpresyon ou

Gen anpil, anpil moun ki potko tande levanjil Jezikri a. Si w konn santi w depase pa gwosè tach pou rasanble yo nan Legliz Senyè a, alegori pye Olivye yo nan Jakòb 5 la gen yon rapèl rasiran: jaden rezen an se pou Senyè a. Li ba nou chak yon ti pati pou n pote èd nou nan travay li a—fanmi nou, sèk zanmi nou, domèn enfliyans nou. Epi pafwa premye moun nou ede rasanble se tèt pa nou. Men, nou pa janm poukont nou nan travay sa a, paske Senyè jaden an travay ansanm avèk sèvitè l yo (gade Jakòb 5:72). Bondye konnen pitit li epi l renmen yo, epi l ap prepare yon fason pou yo chak tande levanjil li a, menm moun ki te rejte l nan lepase yo (gade Jakòb 4:15–18). Epi, apresa, lè travay la fèt, tout moun ki te “travay avèk dilijans avèk [li] … pral gen lajwa avèk [li] akòz fwi jaden [l] yo” (Jakòb 5:75).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

Jakòb 5–6

Kisa yon alegori ye?

Alegori yo se istwa ki anseye verite spirityèl atravè senbòl. Nan alegori pye olivye yo, paregzanp, jaden rezen an reprezante mond lan, pye olivye fran an reprezante Izrayèl (moun ki fè alyans avèk Bondye yo), epi pye olivye sovaj la reprezante nasyon janti yo (moun ki pa fè alyans avèk Bondye yo).

Pandan w ap etidye alegori nan Jakòb 5 la, chèche senbòl adisyonèl epi medite sou sa yo ka reprezante. Paregzanp, kisa w panse bon fwi a reprezante? Kisa move fwi a senbolize?

Jakòb 5; 6:3–5

Jezikri se Mèt jaden rezen an.

Anvan w kòmanse etid ou sou alegori pye olivye a nan Jakòb 5 la, li ta bon pou w ta repase Jakòb 4:10–18 pou w ka aprann poukisa Jakòb te santi l te enspire pou l te pataje alegori sa a avèk pèp li a. Nan Jakòb 6:3–5, ou ka jwenn kèk mesaj adisyonèl Jakòb te vle souliyen; chèche mesaj sa yo nan alegori a. Ki mesaj ou jwenn pou tèt ou nan Jakòb 5 la?

Jacob 5 la se yon chapit ki long—ki pi long nan Liv Mòmon an. Petèt li ta bon pou w ta divize l an seksyon sa yo, ki dekri peryòd nan istwa mond lan:

Vèsè 3–14:Dispèsyon Izrayèl anvan epòk Kris la

Vèsè 15–28:Ministè Kris la ak Apot yo

Vèsè 29–49:Gran Apostazi a

Vèsè 50–76:Rasanbleman Izrayèl nan dènye jou yo

Vèsè 76–77:Milenyòm nan ak fen mond lan

Pou enfòmasyon adisyonèl sou alegori a, gade dyagram ki akonpaye plan leson sa a.

Imaj
yon koup moun aje sou yon konpitè avèk lòt moun

Nou tout ka sèvi Bondye nan ede l rasanble pitit li yo.

Jakòb 5: 61-75

Bondye envite m pou m ede l rasanble pitit li yo.

“Lòt sèvitè” yo (Jakòb 5:70) yo te rele nan jaden Mèt la te gen moun tankou nou—kòm manm Legliz la, nou tout gen responsablite pou ede Bondye rasanble pitit li. Ki prensip ou ka jwenn nan Jakòb 5, espesyalman nan vèsè 61–62 ak 70–75 yo, konsènan travay nan jaden Mèt la? Kijan w te santi l aple w pou w sèvi nan jaden rezen l lan? Ki eksperyans ou te fè pandan w t ap patisipe nan travay li?

Gade “Travay misyonè,” Sijè Levanjil, topics.ChurchofJesusChrist.org; “Old Testament Olive Vineyard,” “Help the Church Grow” (videos, ChurchofJesusChrist.org).

Jakòb 7: 1-23

M ka kanpe solid lè lòt moun ap kesyone lafwa mwen.

Eksperyans Nefit yo avèk Cherèm nan souvan repete jodia: ka gen dè moun enstwi ak elokan ki ap eseye detwi lafwa ou. Men yo “pa t kapab ebranle” Jakòb (Jakòb 7:5). Kijan Jakòb te reponn lè yo te atake lafwa li? Kisa w aprann nan repons li yo? Kisa w ka fè kounyeya pou prepare w pou moman kote yo pral kesyone lafwa w yo?

Gade “Reponn kesyon levanjil yo,” Sijè Levanjil, topics.ChurchofJesusChrist.org; Jeffrey R. Holland, “Pri—ak benediksyon—yon lavi disip,” Ensign oswa Liahona, Me 2014, 6–9.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Pandan w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konn ki prensip pou w souliyen ak diskite pou ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk ide.

Jakòb 5

Kèk fanmi twouve l itil pou yo desine senbòl nan alegori pye olivye yo pandan y ap li li. Fanmi w ta ka renmen apwòch sa a, oubyen ka gen yon lòt mwayen ou ka ede manm fanmi w vizyalize senbòl yo nan alegori sa a. Petèt ou ta ka delimite yon zòn sou yon tab oubyen atè a pou reprezante jaden rezen an (oubyen mond lan) epi dekri pye olivye fran an (oubyen mezon Izrayèl la) avèk yon objè, tankou yon je kastèt, ki ka divize an pyès (pou reprezante dispèsyon Izrayèl) epi apresa mete yo ansanm (pou reprezante rasanbleman Izrayèl). Kisa alegori sa a anseye nou sou Senyè a? sou sèvitè l yo?

Jakòb 5:70–77

Pandan w ap li osijè “dènye fwa” Mèt jaden rezen an travay nan jaden l lan, kisa k enspire oumenm avèk fanmi w pou w sèvi Senyè a “ak tout fòs nou”? (Jakòb 5:71). Ou gen dwa envite kèk manm nan fanmi an pou yo pèsonalize vèsè 75 la nan ajoute non yo nan vèsè sa a—paregzanp, “Benediksyon pou [non li].” Petèt yo ka rakonte eksperyans kote yo konn santi lajwa pandan yo t ap sèvi Mèt jaden an, paregzanp atravè pataje levanjil la, sèvi nan tanp, oubyen fòtifye manm Legliz yo. (Gade M. Russell Ballard, “Mete konfyans ou nan Senyè a,” tou nan Ensign oswa Liahona, Nov. 2013, 43–45.)

Jakòb 6:4–7

Kijan Senyè a etann bra mizèrikòd li ba nou? Kisa mo “atache” a vledi nan vèsè sa yo? Kijan Senyè a atache l avèk nou? Kijan nou ka atache nou avèk li?

Jakòb 7: 1-12

Kisa nou aprann nan vèsè sa yo sou fason moun eseye egare lòt moun? Kijan nou ka suiv egzanp Jakòb epi rete inebranlab nan lafwa nou nan Kris la?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore ansèyman nou

Memorize yon ekriti. Chwazi yon pasaj ekriti ki patikilyèman enpòtan pou fanmi ou, epi memorize li ansanm. Èldè Richard G. Scott te anseye: “Yon ekriti nou memorize vin yon zanmi chè ke lwayote l p ap febli avèk letan” (Pouvwa ekriti yo,”Ensignoswa Liahona,Nov. 2011, 6).

Enprime