Vini, Suiv Mwen
16–22 Mas. Jakòb 5–7: “Senyè a travay avèk nou”


“16–22 Mas Jakòb 5–7: ‘Senyè a travay avèk nou,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Liv Mòmon 2020 (2020)

“16–22. Jakòb 5–7,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2020

Imaj
mesye k ap travay nan yon boskè pye olivye

Alegori pye olivye a, tablo Brad Teare

16–22

Jakòb 5–7

Senyè a travay avèk nou

Etidye, medite, epi priye pou w konnen kijan w ka pi byen anseye verite nou jwenn nan Jakòb 5–7 la. Ekri enpresyon ou resevwa yo.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Pou kòmanse yon diskisyon sou mesaj nou jwenn nan Jakòb 5–7 la, envite timoun yo pou yo pale sou kisa nan lavi yo ki ede yo santi amou Pè Selès la ak Jezikri. Nan ki fason nou montre amou nou pou lòt moun?

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan: timoun ki pi piti yo

Jakòb 5

Misyonè yo sèvi pitit Papa nou ki nan syèl la.

Reflechi sou fason w ka anseye alegori pye olivye a nan yon fason timoun yo ka konprann.

Aktivite posib

  • Montre foto yon pyebwa, oubyen fè yon mache deyò a pou gade yon pyebwa, epi brèfman repase pwen prensipal pye olivye a ki nan Jakòb 5 la. Paregzanp: Senyè jaden an (ki ka reprezante Jezi) te travay trè di pou n veye sou pye olivye l yo (ki ka reprezante moun yo sou tè a) paske li sousye anpil pou yo. Li aple ouvriye (ki ka reprezante misyonè yo) pou ede pran swen pyebwa yo. Chwazi youn oubyen de vèsè nan Jakòb 5 pou w li pou timoun yo (tankou vèsè 71–72 yo).

  • Mande timoun yo si yo konnen yon moun ki te sèvi yon misyon, oubyen pale de yon moun ou konnen. Ede yo sitiye kote misyonè sa yo ap sèvi yo sou yon kat. Eksplike ke Jakòb te konpare mond lan avèk yon gwoup pye olivye. Pyebwa yo se tankou pèp yo sou tè a, epi pran swen pyebwa yo se tankou sa misyonè yo ap fè pou pitit Bondye yo. Kisa misyonè yo fè pou beni pitit Pè Selès yo? Chèche repons ansanm pou kesyon sa a nan yon kantik tankou “Appelés à servir” (Chants pour les enfants, 94–95). Kijan nou ka tankou misyonè?

Imaj
koup misyonè sou yon konpitè avèk lòt moun

Travay misyonè se youn nan fason nou ka ede pitit Bondye yo retounen al jwenn ni.

Jakòb 6:5

Pè Selès la renmen m.

Kijan w ka anseye klas ou a ke Bondye renmen tout pitit li epi l lonje “bra mizèrikòd” li ba yo?

Aktivite posib

  • Envite timoun yo pou yo bay tèt yo yon akolad. Kijan nou santi nou lè yon moun nou renmen ba nou yon akolad? Li Jakòb 6:5 pou timoun yo, epi eksplike yo fraz “[Bondye] kole avèk nou” ak ”bra mizèrikòd li louvri ba nou” an anseye ke Pè Selès la renmen nou epi l vle nou retounen al jwenn ni yon jou.

  • Chante ansanm yon chan sou lanmou, tankou “Je ressens son amour” (Chants pour les enfants, 42–43). Envite yo pou yo site kèk bagay ki ede yo santi amou Sovè a.

Jakòb 7:1–23

M ka kanpe pou sa m konnen ki vrè.

Jakòb se yon egzanp ekselan sou yon moun temwayaj fèm ni te ede l defann laverite anfas lopozisyon.

Aktivite posib

  • Rakonte istwa Jakòb ak Cherèm (Jakòb 7:1–23) nan nan yon fason timoun yo ka konprann. Ou gen dwa itilize “Chapit  10: Jakòb ak Cherèm” (Istwa Liv Mòmon yo, 27–29, oubyen videyo korespondan an nan ChurchofJesusChrist.org). Apresa rakonte istwa a ankò, men fwa sa a kite timoun yo ede ajoute detay yo. Mande yo sa yo aprann nan men Jakòb. Kijan nou ka suiv egzanp li?

  • Envite timoun yo yon chan sou chwazi sa ki byen, tankou “Fais donc le bien” oubyen “Defends le bien” (Chants pour les enfants, 80, 81). Mande yo pou yo kanpe chak fwa yo chante mo tankou byen oubyen vrè yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan: timoun ki pi gran yo

Jakòb 5

Senyè a pran swen pèp li a.

Jakòb te pataje alegori pye olivye yo pou ede envite pèp li a vin jwenn Kris la. Li ka fè menm bagay la pou timoun w ap anseye yo.

Aktivite posib

  • Li vèsè kle yo pou timoun yo epi eksplike yo pandan w ap rezime alegori pye olivye yo, tankou Jakòb 5:3–4, 28–29, 47, ak 70–72, epi envite yo pou yo desine foto vèsè sa yo dekri yo. Kisa nou aprann nan vèsè sa yo sou fason Senyè a santi l osijè pèp li a? Mande timoun yo pou yo pretann ke y ap pran swen yon pye olivye pandan w ap brèfman rezime vèsè 61–71 yo (yo gen dwa fè tankou y ap fouye, awoze, eksetera). Envite kèk timoun pou li Jakòb 5:11, 41, 47, ak 72, pandan y ap chèche kèk bagay ki montre konbyen Senyè jaden an(Jezikri) te sousye pou pyebwa yo. Kisa Sovè a fè pou montre ke l sousye pou nou? Videyo “Jaden Olivye Ansyen Testaman an” nan (ChurchofJesusChrist.org) ka ede avèk aktivite sa a tou.

  • Fè lis kèk senbòl nan Jakòb 5 yo sou tablo a, tankou jaden rezen an, mèt jaden rezen an, sèvitè a, ak pye olivye yo. Apresa, fè yon lòt lis, an dezòd, sou sa senbòl sa yo ka reprezante, tankou mond lan, Sovè a, dirijan oswa misyonè Legliz yo, ak pèp Bondye a. Li vèsè nan Jakòb 5 yo ki mansyone senbòl sa yo ansanm, epi ede timoun yo desine liy sou tablo a ki konekte senbòl yo avèk siyifikasyon posib yo (paregzanp, gade, vèsè 3–4, 28–29, 47, 70–72).

Jakòb 6:4–5

Pè Selès la renmen m epi l ap padone m lè m repanti.

Li enpòtan pou w ede timoun w ap anseye yo konprann ke Bondye renmen yo epi l ap toujou padone yo si yo repanti sensèman.

Aktivite posib

  • Trase de kolòn sou tablo a ki rele Pè Selès la avèk Noumenm. Li Jakòb 6:4–5 ansanm, epi mande mwatye klas la pou yo chèche fraz ki aplike a Bondye epi lòt mwatye a ap chèche fraz ki aplike a noumenm. Ekri sa yo dekouvri yo nan kolòn apwopriye a. Ede yo defini mo yo pa konprann yo.

  • Pataje istwa Èldè Allen D. Haynie ki te sal kò li nan yon twou plen labou a nan mesaj li ki rele “Rappelons-nous en qui nous avons mis notre confiance la” (Ensign oswa Liahona, Nov. 2015, 121–22). Kisa istwa sa a anseye nou sou sa nou bezwen fè pou n ka sove nan wayòm Bondye a? Ki lòt bagay nou aprann nan Jakòb 6:4–5?

Jakòb 7: 1-23

M ka kanpe pou sa m konnen ki vrè.

Kijan w ka enspire timoun yo pou yo defann laverite jan Jakòb te fè a?

Aktivite posib

  • Envite yo pou yo mime echanj ant Jakòb ak Cherèm nan, kote w ap itilize Jakòb 7:1–23 a kòm gid. Oubyen pase videyo “Jakòb ak Cherèm” nan nan (ChurchofJesusChrist.org). Mande yo pou yo di ki pati yo pi renmen nan istwa a. Kijan Jakòb te fè kanpe pou sa l te konnen ki te byen? Envite yo pou yo pataje eksperyans kote yo te kanpe pou sa ki byen, oubyen pataje eksperyans pa w.

  • Envite yo pou yo chante yon kantik sou chwazi bon bagay, tankou “Fais donc le bien” oubyen “Défends le bien” (Chants pour les enfants, p.80, 81). Divize yo an de gwoup, epi envite yo pou yo fabrike yon banyè oubyen yon postè ki reprezante yon bagay yo defann oubyen yo kwè.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Envite yo pou yo panse a yon fason yo ka ede fanmi yo santi amou Sovè a—paregzanp, nan eksplike sa yo te aprann sou fason Senyè jaden rezen an te pran swen pye olivye yo.

Amelyore ansèyman nou

Timoun renmen pataje sa yo aprann. Menmsi yo jèn, yo ka fòtifye manm fanmi yo. Ankouraje yo pou yo pataje sa yo aprann nan Primè a avèk fanmi yo. (Gade Anseye nan fason Sovè a, 30.)

Enprime