Vini, Suiv Mwen
24 Fevriye–1e Mas. 2 Nefi 26–30: “Yon travay mèveye ak yon pwodij”


“24 Fevriye–1e Mas. 2 Nefi 26–30: “Yon travay mèveye ak yon pwodij,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Liv Mòmon 2020 (2020)

“24 Fevriye–1e Mas. 2 Nefi 26–30,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2020

Imaj
Jezi k ap lonje lamen bay yon fi

L ap kondui w pa lamen, pa Sandra Rast

24 Fevriye–1e Mas

2 Nefi 26–30

“Yon travay mèveye ak yon pwodij”

Anvan w kòmanse planifye aktivite aprantisaj yo pou timoun ou yo nan klas la, etidye 2 Nefi 26–30. Sa ap envite Lespri a pou gide planifikasyon w lan.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Montre yon Liv Mòmon, epi eksplike ke Nefi te predi ke Liv Mòmon an t ap enpòtan nan epòk nou an. Mande timoun yo pou yo pataje yon bagay yo aprann sou Liv Mòmon an ane sa a.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan: timoun ki pi piti yo

2 Nefi 26:33

Jezikri vle tout moun vin jwenn ni.

Nefi te temwaye ke Sovè a renmen tout moun, kèlkeswa kiyès yo ye, epi li envite yo tout pou yo vin “goute bonte li.”

Aktivite posib

  • Montre foto moun ki gen orijin ak kilti diferan (ou gen dwa jwenn kèk nan revi Legliz yo). Mande timoun yo pou yo dekri kèk nan detay yo wè nan foto yo. Ouvri ekriti yo nan 2 Nefi 26:33 epi li, “[Jezikri] envite yo tout pou yo vin jwenn ni.” Repete fraz sa a avèk timoun yo pandan w ap montre chak foto. Apresa, lonje dwèt sou chak timoun epi di: “Jezikri envite w pou w vin jwenn ni.“ Kisa nou ka fè pou n vin jwenn Sovè a?

  • Chante yon chan avèk timoun yo sou renmen tout moun, tankou “Je viens vers toi” oubyen “Différences” (Chants pour les enfants, 78–79, 11). Fè yo remake mo oubyen fraz nan chan an ke w santi k ka ranfòse mesaj ki nan 2 Nefi 26:33 la.

2 Nefi 28:2; 30:6

Liv Mòmon an se yon benediksyon.

Reflechi sou fason pou w ede timoun nan klas ou yo santi ke Liv Mòmon an se “yon benediksyon yo resevwa nan men Bondye” (2 Nefi 30:6).

Aktivite posib

  • Montre timoun yo yon Liv Mòmon ki vlope an kado, epi di yo gen yon bagay ki valab andedan li. Fè yo kenbe kado a, epi ba yo endis pou ede yo devine kisa l ye; paregzanp, se yon bagay Senyè a ba nou, li ede nou kwè nan Jezikri, ekstera. Li nan 2 Nefi 30:6: “Se yon benediksyon yo resevwa nan men Bondye.” Fè yo ouvri kado a, epi apresa eksplike yo ke nou dwe ouvri Liv Mòmon an epi li l pou yo resevwa benediksyon ki ladan l yo.

  • Li 2 Nefi 28:2 pou timoun yo. Eksplike yo ke Nefi te wè Liv Mòmon an t ap “gen gwo valè“ pou nou, ki vledi sa ap ede nou epi beni nou. Di yo poukisa Liv Mòmon an gen gwo valè pou ou. Pataje vèsè oubyen istwa w pi renmen nan Liv Mòmon an, epi envite timoun yo pou yo pataje pa yo. Montre foto ki nan Liv Ilistrasyon Levanjil yo pou ba yo ide.

2 Nefi 28:30

Pè Selès la anseye m tikal pa tikal.

Petèt ou ka panse ak yon leson objè oubyen yon aktivite ki ap ede yo wè kisa sa vledi pou yo aprann “liy sou liy.“ Sigjesyon anba yo ka ba w kèk ide.

Aktivite posib

  • Ede timoun yo reyalize yon jwèt kastèt oubyen bati yon bagay avèk blòk. Ba yo yon moso kastèt oubyen yon blòk alafwa, epi, pandan y ap bati a, eksplike ke se fason Pè Selès la anseye nou—yon verite alafwa. Kisa t ap rive si nou te eseye mete tout pyès yo ansanm alafwa?

  • Anseye yo yon teknik etap pa etap, tankou mare yon ne oubyen fè yon desen. Li nan 2 Nefi 28:30: “M ap bay pitit lèzòm liy apre liy, … ti mòso isit, ti mòso lòtbò.” Poukisa Bondye anseye nou ti kal pa ti kal?

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan: timoun ki pi gran yo

2 Nefi 26:23–28, 33

Jezikri vle pou chak moun vin jwenn ni.

Ede timoun yo santi ke envitasyon pou vin jwenn Kris la adrese a yomenm epi a tout moun.

Aktivite posib

  • Pale avèk timoun yo sou okazyon kote yo te envite zanmi oubyen fanmi yo pou vin nan yon evenman espesyal, tankou yon fèt anivèsè. Kisa yo te fè pou ankouraje moun yo pou yo vini? Li 2 Nefi 26:23–28, 33 avèk timoun yo, epi ede yo jwenn kisa Senyè a envite nou pou nou fè. Mande yo pou yo fè yon kat oubyen yon lèt ki envite yon moun pou l vin jwenn Jezikri. Ankouraje yo pou yo itilize yon fraz nan vèsè sa yo nan envitasyon yo a (si bezwen, ekri kèk fraz sou tablo a pou ede).

  • Li 2 Nefi 26:33 avèk timoun yo, epi ede yo fè yon lis sou moun ki, daprè vèsè sa a, envite pou “vin goute bonte [Senyè a].” (Ou gen dwa eksplike yo ke “payen yo” se moun ki pa kwè nan Bondye.) Envite yo pou yo ajoute non yo sou lis la. Kijan nou goute bonte Senyè a?

  • Pale brèfman avèk timoun yo sou fason tout timoun nan mond lan diferan, epi temwaye yo ke Senyè a renmen yo tout (gade 2 Nefi 26:24, 33). Envite timoun yo pou yo desine yon foto evèk la k ap sèvi manm pawas yo.

2 Nefi 28:27–30

Pè Selès la revele laverite “liy sou liy.”

Nefi te avèti nou kont atitid moun ki di yo pa bewen okenn lòt verite nan men Bondye yo. Ede yo wè aprantisaj levanjil la kòm yon bagay pwogresif ki dire tout yon lavi.

Aktivite posib

  • Chwazi yon fraz nan 2 Nefi 28:30, epi mande yon timoun pou l ekri premye mo a sou tablo a. Apresa, mande yon lòt pou l ekri pwochen mo a, epi kontinye jiskaske tout fraz la fin ekri. Kijan aktivite sa a menmjan ak fason Bondye ba nou laverite?

  • Ede yo li ak konprann 2 Nefi 28:27–30, pandan w ap chèche repons pou yon kesyon tankou sa a: Kisa vèsè sa yo anseye sou moun ki panse yo gen ase verite epi yo pa bezwen ankò? Mande yo pou yo sigjere kèk fason nou ka montre Senyè a ke nou vle resevwa plis verite nan men li.

2 Nefi 29:7–11

Liv Mòmon an ak Bib la travay ansanm.

Paske nou gen Bib la, gen kèk moun ki panse ke Liv Mòmon an pa nesesè. Vèsè sa yo ka ede timoun yo konprann, epi eksplike lòt yo poukisa nou rekonesan pou liv ekriti yo.

Aktivite posib

  • Bay yon timoun yon Liv Mòmon epi bay yon lòt yon Bib. Mande yo kijan liv sa yo sanble ak nan ki fason yo diferan. Montre yo yon kat mond lan, epi ede yo matche chak liv avèk pati nan mond lan kote l soti a. Li epi diskite 2 Nefi 29:8. Poukisa Bondye ba nou de “temwayaj” oubyen de liv ekriti ki anseye nou sou li?

  • Mande yo pou yo imajine ke yon zanmi di yo: “M pa bezwen li Liv Mòmon an. M deja gen Bib la.” Li 2 Nefi 29:7–11 ansanm, epi eksplike fraz yo ak ekspresyon yo si bezwen. Apresa, mande yo pou yo pataje ide sou sa yo ta ka di zanmi yo a.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Envite yo pou yo eksplike fanmi yo kijan Bib la ak Liv Mòmon an travay ansanm pou temwaye de Jezikri.

Amelyore ansèyman nou

Konsantre sou moun yo, non pa sou leson yo. Ide ki nan plan leson sa yo se sigjesyon yo ye sèlman. Pa ezite adapte aktivite w yo avèk bezwen ak kapasite timoun w ap anseye yo.

Enprime