Vini, Suiv Mwen
17–23 Fevriye. 2 Nefi 11–25: “Nou rejwi nan Kris la”


“17–23 Fevriye. 2 Nefi 11–25: ‘Nou rejwi nan Kris la,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Liv Mòmon 2020 (2020)

“17–23 Fevriye. 2 Nefi 11–25,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2020

Imaj
Ezayi k ap ekri woulo

17–23 Fevriye

2 Nefi 11–25

“Nou rejwi nan Kris la“

Preparasyon ou pou anseye a kòmanse lè w ap li 2 Nefi 11–25 la. Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a ka ede w konprann chapit sa yo, epi plan sa a ka ba w ide pou ansèyman.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Brèfman repase avèk timoun yo sa yo te aprann sou Sovè a ak Sakrifis Ekspyatwa l la semèn pase a. Si yo te pataje sa yo te aprann yo avèk fanmi yo, ankouraje yo pou yo pale de sa.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan: timoun ki pi piti yo

2 Nefi 12:2–3

Tanp lan se kay Senyè a.

Pwofesi Ezayi a sou “montay Senyè a“ ta ka yon opòtinite pou w anseye timoun yo sou tanp epi pou ede yo prepare pou y ale ladan yon jou.

Aktivite posib

  • Fè yon timoun kenbe yon foto yon tanp (plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a gen youn), epi mande lòt yo pou yo pataje sa yo konnen osijè tanp. Li 2 Nefi 12:3, epi eksplike ke nan vèsè sa a, yon pwofèt ki te rele Ezayi te pwofetize ke t ap gen tanp nan dènye jou yo. Li vèsè a ankò, epi mete aksan ke lè n al nan tanp, Senyè a “ap anseye nou fason li“ epi l ap ede nou “mache wou wout li.“

  • Trase yon wout atè a, epi nan fen wout la, mete yon foto tanp ke w kouvri. Fè timoun yo mache sou wout la, epi pandan y ap fè sa a, ede yo repete fraz “mache sou wout li.“ a. Lè yo rive nan fen wout la, fè yo dekouvri foto a. Kisa sa vle di pou n mache sou chemen Bondye?

  • Chante yon chan sou tanp avèk timoun yo, tankou “Oh, j‘aime voir le temple” (Chants pour les enfants, 95). Ede yo jwenn mo ak fraz nan kantik la ki anseye sa tanp la ye ak sa nou fè ladan.

2 Nefi 19:6; 25:26

“Nou rejwi nan Kris la“

Nefi ak Ezayi te gen temwayaj konsènan Sovè a, epi temwayaj yo te fè yo rejwi. Ede timoun yo wè ke w “rejwi nan Kris la.“

Aktivite posib

  • Envite yon timoun pou l kenbe yon foto sou nesans Jezikri (tankou Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 30), epi ede yo chèche tibebe Jezi nan foto a. Li 2 Nefi 19:6 oubyen pase videyo “Un Sauveur est né—vidéo de Noël” la nan (ChurchofJesusChrist.org), epi mande timoun yo pou yo montre Jezi lè yo tande mo timoun ak pitit gason yo. Eksplike ke pwofèt Ezayi, ki te ekri pawòl ki nan 2 Nefi 19:6 yo, te okouran nesans Jezi dè santèn ane anvan sa te rive.

  • Rakonte yo yon istwa sou Jezikri k ap pote lajwa bay lòt moun, oubyen pase yon videyo tankou “Jezi k ap geri yon mesye avèg” la oubyen “Kite timoun yo vin jwenn mwen” an nan (ChurchofJesusChrist.org). Fè yo remake moman lajwa yo nan istwa a oubyen nan videyo a. Li 2 Nefi 25:26 epi di yo poukisa ou “rejwi nan Kris la.” Mande yo pou yo di kijan Jezi pote lajwa pou yo.

2 Nefi 21:6–922

Milenyòm nan se pral yon tan lapè ak lajwa.

Apre Dezyèm Vini l lan, Jezikri ap demere avèk pèp li a pandan yon peryòd lapè yo rele Milenyòm.

Aktivite posib

  • Montre timoun yo foto bèt yo mansyone nan 2 Nefi 21:6–7 yo, epi mande yo pou yo di non yo. Eksplike yo ke bèt sa yo se anjeneral enmi nou men, Ezayi te anseye ke, lè Jezikri retounen ankò, ap gen yon tan lapè, ki rele Milenyòm, kote bèt yo papa fè youn lòt mal ankò. Kijan nou ka suiv egzanp bèt sa yo nan fason nou trete lòt moun? Envite yo pou yo desine bèt sa yo k ap viv nan lapè.

  • Li 2 Nefi 22:5, epi mande timoun yo pou yo ede w jwenn yon kantik ki dekri “bagay mayifik” Senyè a fè. Kèk egzanp sou sa ka enkli “Mon Père céleste m‘aime” (Chants pour les enfants, p. 16–17) oswa “Seigneur, mon Dieu” (Cantiques, no. 44). Chante kantik la ansanm. Eksplike ke nan Milenyòm nan, tout moun pral konnen osijè “bagay mayifik“ Senyè a fè.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan: timoun ki pi gran yo

2 Nefi 12:2–3

Tanp la se kay Senyè a.

Kijan w ka itilize pawòl ki nan vèsè sa yo pou ede timoun yo prepare yo pou jou kote yo ka ale nan tanp lan?

Aktivite posib

  • Montre foto yon tanp (plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a gen youn). Mande yon timoun pou li 2 Nefi 12:2–3, epi envite lòt timoun yo pou yo koute rezon k fè Ezayi te di nou bezwen tanp yo. Ou gen dwa eksplike ke Ezayi te rele tanp lan “montay kay Senyè a.“ Poukisa yon montay se yon bon senbòl pou tanp?

  • Envite timoun yo pou yo desine yomenm k aprale nan tanp. Si posib, mande youn nan jènjan oubyen jènfi yo nan pawas la pou vin di timoun yo kijan yo fè batèm pou mò yo nan tanp lan. Jèn sa a oubyen yon lòt moun nan pawas la ta ka anseye yo kijan pou yo jwenn non zansèt yo ki bezwen òdonans tanp.

2 Nefi 15:20

Satan ap eseye mete konfizyon nan mwen osijè byen ak mal.

N ap viv nan yon mond kote, jan Ezayi te pwofetize a, moun yo rele mal byen epi yo rele byen mal. Kijan w ka ede timoun yo rekonèt twonpri sa yo?

Aktivite posib

  • Montre yo yon bagay ki anmè oubyen ki si, tankou yon kònichon oubyen yon sitwon, ki vlope andedan yon papye sirèt. Li 2 Nefi 15:20 ansanm, epi eksplike yo ke Satan eseye fè bagay ki mal yo parèt bon. Ede yo panse sou kèk fason Satan fè sa. Kijan nou ka detekte mansonj li yo?

  • Pase premye minit edmi videyo “N ap libere a” nan (ChurchofJesusChrist.org). Poukisa pechè a degize pyèj li a? Poukisa Satan degize peche?

2 Nefi 17:14; 19:6; 25:23–26

“Nou rejwi nan Kris la.“

Timoun yo bezwen konnen ke levanjil Jezikri a gen lajwa. Kijan w ap ede yo “rejwi nan Kris la“?

Aktivite posib

  • Ede timoun yo chèche non Jezikri nan 2 Nefi 17:14 ak 19:6. Ou gen dwa oblije eksplike yo ke “Emanyèl“ se youn nan non sa yo, epi li vle di “Bondye avèk nou.“ Kisa chak nan non sa yo anseye nou osijè li?

  • Mete yon foto Sovè a sou tablo a, epi li ansanm 2 Nefi 25:26. Poukisa Nefi te pale ak ekri si anpil konsa konsènan Jezikri? Bò kot foto Jezi a sou tablo a, fè chak nan timoun yo ekri yon bagay sou Sovè a ki pote lajwa pou yo.

  • Mande yo pou yo panse a yon moun yo ta renmen “pèsyade … pou kwè nan Kris la” (2 Nefi 25:23). Kijan nou ka di lòt moun ki lajwa Sovè a pote nan lavi nou? Fè timoun yo ekri oubyen jwe wòl kèk bagay yo gen dwa fè pou ede moun yo panse a kwè nan Jezikri.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Envite yo pou yo panse a youn nan sa yo ka fè pou montre fanmi yo ke yo “rejwi nan Kris la.“

Amelyore ansèyman nou

Ankouraje timoun yo pou yo kreyatif. “Lè w ap anseye timoun, kite yo konstwi, fè desen, kolorye, ekri, ak kreye. Bagay sa yo se plis pase aktivite ki amizan—yo esansyèl pou aprantisaj la” (Anseye nan Fason Sovè a, 25).

Enprime