Vini, Suiv Mwen
17–23 Fevriye. 2 Nefi 11–25: “Nou rejwi nan Kris la”


“17–23 Fevriye. 2 Nefi 11–25: ‘Nou rejwi nan Kris la,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Liv Mòmon 2020 (2020)

“17–23 Fevriye. 2 Nefi 11–25,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo 2020

Imaj
Ezayi ap ekri sou maniskri

17–23 Fevriye

2 Nefi 11–25

“Nou rejwi nan Kris la”

Nefi te anseye ke pawòl Ezayi yo “klè pou tout moun ki ranpli avèk lespri pwofesi a” (2 Nefi 25:4). Pandan w ap li a, chèche lespri pwofesi a nan prepare w spirityèlman, nan koute Lespri a, ak ekri enpresyon w resevwa yo.

Ekri enpresyon ou

Ekri sou plak metal se pa yon bagay ki fasil, epi espas sou ti plak Nefi yo te limite. Konsa, poukisa Nefi te fè gwo efò sa a pou l te kopye yon gwo kantite nan ekri Ezayi yo nan anal li yo? Li te fè sa “pou nenpòt moun … ki wè pawòl sa yo kapab leve kè yo, e pou yo rejwi” (2 Nefi 11:8). Nan yon sans, envitasyon pou li ekriti Ezayi yo se yon envitasyon pou n rejwi. Menmjan ak Nefi, ou ka rejwi nan pwofesi Ezayi yo sou rasanbleman Izrayèl la, sou vini Mesi a, ak lapè milenè yo pwomèt moun ki jis yo. Ou ka rejwi dèske menm nan yon epòk “detrès ak fènwa,” ou ka “wè yon gwo limyè” (2 Nefi 18:22; 19:2). Ou ka rejwi dèske w ka “tire dlo nan pi sali yo” (2 Nefi 22:3). Otremandi, ou ka “rejwi nan Kris la” (2 Nefi 25:26).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

2 Nefi 11–25

Kijan nou ka pi byen konprann ansèyman Ezayi yo?

Nefi te rekonèt ke “pawòl Ezayi yo pa klè” (2 Nefi 25:4) pou kèk moun. Se siman sa k rive pou moun ki, kontrèman ak Nefi, pa familye avèk kilti ak jewografi Juif tan lontan yo (gade 2 Nefi 25:6). Men Nefi te bay konsèy pou ede nou jwenn siyifikasyon ekriti Ezayi yo tou:

“Aplike pawòl li yo a” oumenm (2 Nefi 11:2).Anpil nan ansèyman Ezayi yo gen plizyè siyifikasyon ak aplikasyon posib. Paregzanp, ekri l yo ki pale de dispèsyon ak rasanbleman Izrayèl yo ka pouse w reflechi sou nesesite pou w “rasanble” avèk Sovè a.

Chèche pou w “ranpli ak lespri pwofesi a” (2 Nefi 25:4).Pi bon fason pou w konprann pwofesi Ezayi yo se nan chèche enspirasyon nan men Lespri a. Priye pou w jwenn gidans spirityèl. Ou gen dwa pa konprann tout bagay yon sèl kou, men, Lespri a ka ede w aprann sa w bezwen konnen pou lavi w jodia.

Ou gen dwa twouve l itil pou w ta sèvi ak èd etid yo bay nan ekriti yo, ansanm ak referans anba paj yo, antèt chapit yo, Gid Ekriti yo, eksetera.

2 Nefi 11:2–8; 25:19–29

“Chemen dwat la se kwè nan Kris la.”

Nefi te entwodui sitasyon l lan epi l te fini l avèk temwayaj li konsènan Jezikri (gade 2 Nefi 11:2–8; 25:19–29). Kisa k enpresyone w nan temwayaj li a? Pandan w ap etidye semèn sa a, panse a dezi Nefi pou “pèsyade pitit [li] yo … pou yo kwè nan Kris la, epi pou yo rekonsilye yo avèk Bondye” a (2 Nefi 25:23), epi ekri pasaj ki pèsyade w pou w kwè nan Jezikri ak pou w suiv li yo.

Li ta bon tou pou w ta sonje ke anpil nan ansèyman Ezayi yo sou Sovè a, se atravè senbòl li bay yo. Paregzanp, ou ka wè Sovè a nan senbòl tankou mèt jaden rezen an (gade 2 Nefi 15:1–7), yon wòch (gade 2 Nefi 18:14), ak yon limyè (gade 2 Nefi 19:2). Ki lòt senbòl ou jwenn konsènan Jezikri nan chapit sa yo? Kisa senbòl sa yo anseye w sou Sovè a?

2 Nefi 12–13

Ògeye yo ak moun enpi yo pral imilye.

Nefi te predi ke ògèy t ap lakoz chit pèp li a (gade 1 Nefi 12:19). Konsa, sa pa etonan ke l te anseye pèp li a avètisman repete Ezayi te bay kont lògèy yo. Nan chapit 12 ak 13 yo, chèche mo Ezayi te itilize pou l te dekri lògèy yo, tankou mepri ak awogans. Apresa ou gen dwa eseye parafraze avètisman sa yo nan pwòp mo pa w, kòmsi se te ou ki t ap ekri yon mesaj bay tèt ou pou avèti w de lògèy.

Gade “Chapit 18: Prenez garde à l‘orgueil” tou nan (Enseignements des présidents de l‘église: Ezra Taft Benson [2014], 249–60).

2 Nefi 12:2–5; 21:9–12; 22; 24:1–3

Nan Milenyòm nan, pèp Bondye a pral jwi lapè.

Li ta bon si w ta mete tèt ou nan plas Nefi ak pèp li a. Imajine ke w t ap kouri kite Jerizalèm anvan l te detwi (gade 2 Nefi 25:10), epi kounyeya, ou fè pati Izrayèl dispèse a. Kisa w t ap santi si w t ap li ansèyman Ezayi yo sou fiti rasanbleman Izrayèl la ak yon Milenyòm pezib? Antanke Sen Dènye Jou, nou aple pou n ede rasanble pèp Bondye a nan dènye jou yo an preparasyon pou rèy milenè Kris la. Pandan w ap li vèsè sa yo, reflechi sou fason w pral ede pwofesi yo dekri yo akonpli. Kisa w santi w enspire pou w fè pou ede rasanble pèp Bondye a?

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Pandan w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konn ki prensip pou w souliyen ak diskite pou ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk ide.

2 Nefi 12:1–3

Si w deja al nan tanp—“montay mezon Senyè a”—ou gen di fanmi w kijan alyans tanp yo ede w “mache nan chemen [Senyè] a.” Si w poko al nan tanp, lekti vèsè sa yo ansanm kapab mennen yon diskisyon sou fason w ka prepare pou benediksyon tanp yo.

2 Nefi 15:18–23

Èske fanmi w ka panse sou kèk egzanp ki egziste jodia sou ide enjis vèsè sa yo dekri yo? Kijan nou ka evite pou fos ide apwopo byen ak mal yo twonpe nou?

2 Nefi 21

Si fanmi w bezwen èd pou yo konprann chapit sa a, (ki koresponn a Ezayi 11), ou gen dwa jwenn kèk ide nan Doktrin ak Alyans 113:1–6, kote Pwofèt Joseph Smith reponn kèk kesyon konsènan Ezayi 11. Kisa nou aprann konsènan Jezikri nan vèsè sa yo?

2 Nefi 21:9

Ki kèk bagay espesifik nou ka fè pou ede ranpli tè a ak “konesans Senyè a”?

2 Nefi 25:23–26

Kijan w ka ede manm fanmi w “rejwi nan Kris la”? Petèt ou ta ka envite yo pou yo ekri kèk bagay osijè Sovè a ki pote lapè pou yo sou kèk moso papye. Apresa, pandan sware familyal oubyen etid ekriti familyal, yon moun ta ka li yon feyè. Yo ka ajoute feyè sou li pandan tout ane a.

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore etid pèsonèl nou

Chèche modèl. Nan ekriti yo, nou ka jwenn modèl ki montre nou kijan Senyè a travay. Paregzanp, nan 2 Nefi 11–25, ou ka wè modèl ki montre kijan Senyè a vle avèti nou ak padone nou.

Imaj
Tanp Panama nan vil Panama

Tanp Panama nan vil Panama a. “Kay Senyè a pral tabli sou tèt mòn yo, … epi tout nasyon pral vide kò yo sou li” (2 Nefi 12:2).

Enprime