“27 Janvye–2 Fevriye. 1 Nefi 16–22: ‘M ap prepare chemen an devan w,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Liv Mòmon 2020 (2020)
“27 Janvye–2 Fevriye. 1 Nefi 16–22,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2020
27 Janvye–2 Fevriye
1 Nefi 16–22
“M ap prepare chemen an devan w”
Pandan w ap etidye 1 Nefi 16–22 a, chèche pasaj ki enpresyone ou. Gen kèk moun ki renmen make vèsè sa yo nan liv ekriti yo; gen lòt ki ekri nòt nan maj yo. Panse a ki fason w ap ekri enpresyon w resevwa yo.
Ekri enpresyon ou
Pandan fanmi Leyi t ap vwayaje al nan tè pwomiz la, Senyè a te fè yo pwomès sa a: “M ap prepare chemen an devan nou, si nou respekte kòmandman m yo” (1 Nefi 17:13). Sa klè ke pwomès sa a pa t vledi vwayaj la t ap fasil—manm fanmi yo t ap gen dezakò, flèch te kase, epi moun te rankontre difikilte e moun te mouri, epi yo te ankò oblije konstwi yon bato avèk materyèl yo te ka jwenn. Sepandan, lè fanmi an te rankontre advèsite oswa tach ki te aparaman enposib, Nefi te rekonèt ke Senyè a pa t janm lwen. Li te konnen Bondye “nouri [moun ki fidèl yo], epi li ranfòse yo, e li ba yo mwayen pou yo kapab akonpli bagay li kòmande yo” (1 Nefi 17:3). Si w janm konn mande tèt ou poukisa move bagay rive bon moun tankou Nefi ak fanmi li, ou gen dwa jwenn repons nan chapit sa yo. Men, petèt sa k pi enpòtan, w ap wè sa bon moun fè lè move bagay rive.
Ide pou etid ekriti pèsonèl
Lè m obeyi kòmandman yo, Bondye ap ede m fè fas ak pwoblèm yo.
Chapit 16–18 nan 1 Nefi yo dekri plizyè pwoblèm fanmi Nefi te rankontre, enkli fè fas ak yon flèch kase (gade 1 Nefi 16:17–32), lanmò Izmayèl (gade 1 Nephi 16:34–39), konstwi yon bato (gade 1 Nefi 17:7–16; 18:1–4), ak dezakò nan fanmi an (gade 1 Nefi 18:9–22). Nan ki fason reyaksyon Nefi devan pwoblèm sa yo diferan avèk fason kèk nan manm fanmi li te reyaji? Ki konsekans ki te genyen poutèt reyaksyon sa yo?
Sa ta bon pou w ta ekri sa w jwenn yo nan yon tablo avèk antèt tankou sa yo: “Pwoblèm,” “Reyaksyon Nefi,” “Reyaksyon lòt yo,” ak “Rezilta.” Poukisa w panse Nefi te kapab rete si fidèl konsa pandan ke lòt yo pa t fidèl? Reflechi sou fason egzanp Nefi ak fanmi l la ka ede w avèk pwoblèm ou.
Gade videyo korespondan yo nan koleksyon Videyo Liv Mòmon yo nan ChurchofJesusChrist.org oswa app Bibliyotèk Levanjil la.
1 Nefi 16:10–16, 23–31; 18:11–22
Senyè a gide m pa dè ti mwayen tou senp.
Lè Bondye te mennen fanmi Leyi nan dezè a, li pa t ba yo yon plan vwayaj detaye pou yo t al nan tè pwomiz la. Men li te bay Leyi Lyawona a pou te gide fanmi l kotidyènman pou yo t al nan destinasyon yo. Kisa Pè Selès la ba ou pou ba w gidans ak direksyon? Kisa w panse pawòl ki di “avèk ti mwayen Senyè a kapab fè gwo bagay” la vledi? (1 Nefi 16:29).
Pandan w ap li 1 Nefi 16:10–16, 23–31 ak 18:11–22, panse pou w fè yon lis sou prensip ki ilistre fason Bondye gide pitit li (paregzanp, 1 Nefi 16:10 ka anseye ke Bondye pafwa gide nou nan fason nou pa atann). Ki eksperyans ou te fè avèk prensip sa yo?
Gade Alma 37:7, 38–47; Doktrin ak Alyans 64:33–34 tou.
M ka “aplike tout ekriti yo” a mwenmenm.
Ezayi te ekri pou tout pitit Izrayèl yo, epi Nefi te wè ke sa te enkli pwòp fanmi pa l spesifikman—epi sa enkli oumenm tou (gade 1 Nefi 19:23–24). Prezidan Henry B. Eyring te di: “Mwen li pawòl Ezayi yo … pandan m asime ke Nefi te chwazi pati nan Ezayi ke, san m pa sousye de imaj yo, m ta ka antre nan kè m dirèkteman yo, kòmsi sete avèk mwen Senyè a t ap pale” (“Liv Mòmon an ap chanje lavi ou,” Ensign, Fev. 2004, 10).
Avèk pawòl Prezidan Eyring yo nan lespri w, reflechi a kesyon tankou sa yo pandan w ap li chapit 20–22 yo:
-
1 Nefi 20:1–9.Ki fraz nan vèsè sa yo ki dekri pitit Izrayèl yo? Kijan yo dekri Laman ak Lemyèl? Ki avètisman ak aplikasyon w jwenn pou tèt pa w?
-
1 Nefi 20:17–22.Kijan Senyè a te gide pitit Izrayèl yo? Kijan l te gide fanmi Leyi? Kijan l gide ou?
Ki lòt bagay ou jwenn nan 1 Nefi 20–22 a ki ba w enpresyon ke se avèk ou Senyè a ap pale? Kijan kòmantè Nefi yo nan chapit 22 a ede w konprann pwofesi Ezayi yo?
Kiyès kay Izrayèl la ak Janti yo ye?
Kay Izrayèl la se desandan pwofèt Jakòb nan Ansyen Testaman an, ke Senyè a te bay non Izrayèl (gade Jenèz 32:28; 35:10; gade “Israel” nan Gid Ekriti yo tou). Senyè a te fè alyans avèk Izrayèl, epi desandan l yo vin konsidere kòm pèp alyans Bondye. Men, dè jenerasyon apre, anpil ladan yo te vire do bay Senyè a epi yo te fini pa dispèse sou tout tè a.
Tèm Janti a nan pasaj sa yo fè referans a moun ki poko gen levanjil la (gade “Janti” nan Gid Ekriti yo). Ezayi te anseye ke, nan dènye jou yo, yo t ap bay Janti yo levanjil la epi yo t ap vin sèvi kòm enstriman pou anseye ak rasanble kay Izrayèl la (gade 1 Nefi 21:22; 22:8–12; gade Ezayi 60; 66:18–20 tou).
Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal
Pandan w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konn ki prensip pou w souliyen ak diskite pou ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk ide.
1 Nefi 17:1–6, 17–22
Petèt fanmi w ta ka konpare resi Nefi fè sou vwayaj yo nan dezè a (gade 1 Nefi 17:1–6) avèk resi frè l yo (gade 1 Nefi 17:17–22). Poukisa w panse yo te wè menm bagay yo si diferan konsa? Kisa nou aprann nan men Nefi osijè kenbe yon pèspektif fidèl?
1 Nefi 17:17–22; 18:9–16
Ki konsekans jalouzi, kontansyon, ak plenyen genyen nan yon fanmi? Kijan nou ka simonte pwoblèm sa yo?
1 Nefi 19:22–24
Nefi te konpare ekriti yo avèk fanmi li “pou [yo] te kapab pwofite ak aprann” (1 Nefi 19:23). Gen plizyè istwa nan 1 Nefi 16–18 la fanmi w ta ka renmen aplike a yomenm. Petèt ou gen dwa fè mizansèn avèk istwa sa yo epi pale sou fason yo aplike pou fanmi ou.
1 Nefi 21:14–16
Kijan mesaj ki nan vèsè sa yo ka ede yon moun ki santi yo bliye li?
Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.