Vini, Suiv Mwen
20–26 Janvye. 1 Nefi 11–15: “Ame avèk jistis epi avèk pouvwa Bondye”


“20–26 Janvye. 1 Nefi 11–15: ‘Ame avèk jistis epi avèk pouvwa Bondye,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Liv Mòmon 2020 (2020)

20–26 Janvye. 1 Nefi 11–15,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2020

Imaj
moun k ap manje fwi pyebwa lavi a

Pi dous pase tout sa ki dous, tablo Miguel Angel González Romero

20–26 Janvye

1 Nefi 11–15

“Ame avèk jistis epi avèk pouvwa Bondye”

Èske w ka wè tèt ou nan 1 Nefi 11–15 la? Ki mesaj ki ap gen plis valè pou oumenm avèk fanmi ou?

Ekri enpresyon ou

Lè Bondye gen yon gwo travay pou pwofèt li fè, li souvan bay pwofèt sa a yon vizyon monimantal ki ede l konprann objektif Bondye pou pitit li. Moyiz te fè yon vizyon sou “ tè sa a, ak abitan ki sou li yo, ak syèl yo” (Moyiz 1:36). Apot Jan te wè istwa mond lan ak Dezyèm Vini Sovè a (gade liv Revelasyon an). Joseph Smith te wè Papa a ak Pitit Gason an (gade Joseph Smith—Istwa 1:17–18). Leyi te fè yon vizyon ki te dekri vwayaj nou dwe fè pou n al jwenn Sovè a ak lanmou li.

Jan yo ekri nan 1 Nefi 11–14 la, Nefi te wè ministè Sovè a, avni posterite Leyi nan tè pwomiz la, ak destine travay Bondye a nan dènye jou yo. Vizyon sa a te ede prepare Nefi pou travay ki t ap tann ni an, epi l ka prepare w tou—paske Bondye gen yon travay pou w fè nan wayòm ni an. Ou nan pami “sen nan legliz Anyo a” Nefi te wè yo, “ki te dispèse sou tout sifas tè a; epi yo te ame avèk lajistis, e avèk pouvwa Bondye nan anpil glwa” (1 Nefi 14:14).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

1 Nefi 11

Bondye te voye Jezikri kòm yon ekspresyon lanmou li.

Pou l te ede Nefi konprann siyifikasyon pyebwa papa l te wè a, yon zanj te montre l “Pitit Gason Papa Etènèl la” (1 Nefi 11:21). Sa te fè Nefi rive nan konklizyon ke pyebwa a reprezante lanmou Bondye. Men vizyon an potko fini. Pandan w ap li ak medite sou 1 Nefi 11 la, kisa w wè ki ka ede w konprann poukisa Jezikri se ekspresyon siprèm amou Bondye a?

Pou w aprann sou lòt senbòl nan rèv Leyi yo, gade 1 Nefi 11:35–36; 12:16–18; ak 15:21–30.

Gade Jan 3:16 tou.

1 Nefi 12–13

Senyè a te prepare wout pou Retablisman an.

Nefi pa t janm te wè anpil bagay nan sa l te wè nan vizyon l yo pandan l te vivan. Poukisa w panse li te valab pou Nefi te konn bagay sa yo? Poukisa li valab pou w konnen bagay sa yo? Petèt ou te ka poze kesyon sa a chak fwa w li yon bagay Nefi te wè nan vizyon l lan.

Men kèk nan evenman Nefi te wè nan vizyon l lan: avni pèp li a (gade chapit 12), kolonizasyon kontinan Amerik la ak Revolisyon Amerikèn nan (gade chapit 13:12–19), Gran Apostazi a (gade chapit 13:20–29), ak Retablisman levanjil la (gade chapit 13:32–42).

1 Nefi 13:1–9; 14:9–11

Kisa “gwo legliz abominab” Nefi te wè a vledi?

Èldè Dallin H. Oaks te eksplike ke “gran legliz abominab la” Nefi te dekri a reprezante “tout filozofi oubyen òganizasyon ki opoze a kwayans nan Bondye. Epi ‘kaptivite’ a ‘legliz’ sa a ap chèche redui sen yo se pa anprizonman fizik men se kaptivite fos ide” (“Kanpe kòm temwen Bondye,” Ensign, Mas 2015, 32).

1 Nefi 13:12

Kiyès mesye Nefi te wè Lespri a te “tonbe sou li” pou te pouse l “ale sou pil dlo yo” te ye?

Nefi te wè Sentespri a te enspire Christophe Colomb pou l te fè vwayaj selèb li a al nan Amerik yo. Jou 14 Mas 1493 a, Colomb te ekri apwopo vwayaj sa a: “Gwo rezilta mèveye sa yo se pa nan merit pa m yo soti … ; paske sa entelèk lòm pa t ka konprann san èd la, Lespri Bondye ba li l, paske Bondye tande priyè sèvitè li ki renmen presèp li yo, pou yo ka akonpli bagay ki aparaman enposib” (The Annals of America [Encyclopedia Britannica, Inc., 1976], 1:5).

1 Nefi 13:20–42

Ekriti dènye jou yo retabli “bagay klè ak presye yo.”

Nan vizyon sa a, Nefi te wè Bib la—ke yo dekri kòm “yon anal Juif yo”—t ap gen “anpil bagay klè ak presye yo retire ladan l” (1 Nefi 13:23, 28). Men, li te wè Bondye te retabli bagay sa yo nan “lòt liv ” tou—Liv Mòmon an ak lòt ekriti dènye jou (gade 1 Nefi 13:39–40). Ki kèk nan verite presye Liv Mòmon an ede nou pi byen konprann? Kijan lavi w diferan paske bagay klè ak presye sa yo te retabli a?

Imaj
kopi Liv Mòmon an nan diferan lang

Liv Mòmon an retabli verite levanjil ki te pèdi pandan Apostazi yo.

Gade “Des vérités claires et précieuses,” Ensign, Mas 2008, 68–73; Russell M. Nelson, “Le livre de Mormon: que serait votre vie sans lui?Ensign oswa Liahona, Nov. 2017, 60–63.

1 Nefi 15:1–11

Senyè a ap reponn mwen si m mande l ak lafwa avèk yon kè adousi.

Èske w janm konn santi ke w pa resevwa revelasyon pèsonèl, ke Bondye pa t pale avèk ou? Ki konsèy Nefi te bay frè l yo lè yo te santi yo konsa? Kijan w ka aplike konsèy Nefi a nan lavi w, epi kijan w ka itilize konsèy li a pou ede lòt moun?

Gade Jakòb 4:8; Alma 5:46; 26:21–22 tou.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Pandan w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konn ki prensip pou w souliyen ak diskite pou ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk ide.

1 Nefi 11–14

Pandan fanmi w ap li chapit sa yo, fè yon ti kanpe tanzantan pou w poze kesyon tankou sa yo: Kisa Nefi te wè nan vizyon l la ki te petèt fè l kontan? Kisa k ta rann ni tris? Poukisa?

1 Nefi 13:20–42

Pou ede fanmi w konprann valè “verite klè ak presye yo” nan Liv Mòmon an, konpare yon mesaj ki ekri klèman avèk yon mesaj ki ekri an kòd. Poukisa Pè Selès la ta renmen nou anseye verite l yo klèman? Manm fanmi w yo gen dwa rann temwayaj de kèk “verite klè ak presye” yo te aprann nan Liv Mòmon an.

1 Nefi 14:12–15

Poukisa nou “ame avèk lajistis epi avèk pouvwa Bondye” lè nou onore alyans nou fè avèk Bondye yo?

1 Nefi 15:8-11

Ki eksperyans manm fanmi w ka pataje sou okazyon kote yo te “entèwoje Senyè a”? Kisa nou aprann nan egzanp Nefi a?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore etid pèsonèl nou

Itilize èd pou etid yo. Referans yo, Gid Ekriti yo, ak lòt èd pou etid yo ka pèmèt ou pi byen konprann ekriti yo. Paregzanp, kisa referans anba paj yo ede w konprann sou 1 Nefi 14:20–21?

Imaj
Vizyon Nefi sou Mari ak tibebe Jezi

Vizyon Nefi sou Mari, tablo James Johnson

Enprime