Vini, Suiv Mwen
30 Desanm–5 Janvye. Paj entwodiksyon Liv Mòmon an: “Yon lòt temwayaj konsènan Jezikri”


“30 Desanm–5 Janvye. Paj entwodiksyon Liv Mòmon an: ‘Yon lòt temwayaj konsènan Jezikri,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Liv Mòmon 2020 (2020)

“30 Desanm–5 Janvye. Paj entwodiksyon Liv Mòmon an,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2020

Imaj
plak lò yo

30 Desanm–5 Janvye

paj entwodiksyon Liv Mòmon an

“Yon lòt temwayaj konsènan Jezikri”

Etid ou sou Liv Mòmon an ka anrichi si w kòmanse l avèk lekti paj ki anvan 1 Nefi yo. Kisa w jwenn ki fòtifye temwayaj ou?

Ekri enpresyon ou

Anvan menm ke w rive nan 1 Nefi chapit 1 an, sa klè ke Liv Mòmon an se pa yon liv òdinè. Paj entwodiksyon l yo dekri yon istwa aryèplan san parèy, ki gen vizit zanj, ansyen anal ki te antere pandan dè syèk sou yon kolin, ak yon fèmye enkoni ki tradui yo pa pouvwa Bondye. Liv Mòmon an se pa jis yon resi istorik sou sivilizasyon ansyen Amerik yo. Li gen “plenitid levanjil etènèl la” (entwodiksyon Liv Mòmon an), epi Bondye limenm te dirije parisyon li—fason l te ekri, fason l te prezève, ak fason li disponib pou nou nan epòk nou an. Ane sa a, pandan w ap li Liv Mòmon an, pandan w priye konsènan li, epi aplike ansèyman l yo, w ap envite pouvwa li nan lavi ou, epi ou gen dwa santi w ta di, menmjan Twa Temwen yo te di nan temwayaj yo a, “Se yon mèvèy nan je [mwen].”

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

Paj tit Liv Mòmon an

Liv Mòmon an ka fòtifye lafwa m nan Jezikri.

Paj tit Liv Mòmon an founi plis pase yon tit. Pami lòt bagay, li bay lis plizyè objektif anal sakre sa a. Chèche objektif sa yo, epi apresa, pandan w ap etidye l ane sa a, note pasaj ou santi ki akonpli objektif sa yo. Paregzanp, ki pasaj ki ede nan konvenk ou “ke Jezi se Kris la, Bondye Etènèl la”?

Entwodiksyon Liv Mòmon an.

Liv Mòmon an “dekri plan sali a.”

Plan sali a se plan Papa nou ki nan syèl la pou ede pitit li yo egzalte menmjan avèk li, epi pou yo fè eksperyans menm lajwa l santi a (gade 2 Nefi 2:25–26). Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a rann plan sa a posib, epi chak doktrin, chak òdonans, chak alyans, ak kòmandman Bondye bay se pou ede akonpli plan an.

Si w ta renmen konprann plan sali a, pa gen pi bon liv pou w li pase Liv Mòmon an. Li fè referans a plan Bondye a—kote l itilize plizyè kalite non—plis pase 20 fwa. Pandan w ap etidye l ane sa a, note kilè yo mansyone plan Bondye a oubyen yo fè alizyon avèk li ak kisa Liv Mòmon an di konsènan li.

Men yon aktivite pou ede w derape. Li pasaj sa yo, epi fè lis diferan non yo bay pou plan Bondye a: 2 Nefi 9:13; 11:5; ak Alma 12:32–34; 24:14; 41:2; 42:15–16. Kisa chak nan non sa yo sigjere w osijè plan Pè Selès la?

Temwayaj Twa Temwen yo”; “Temwayaj Yuit Temwen yo

M ka yon temwen Liv Mòmon an.

Sentespri a ka temwaye w ke Liv Mòmon an se verite, menmsi w pa t wè plak lò yo jan Twa Temwen yo ak Yuit Temwen yo te wè l la. Kijan temwayaj yo a ranfòse temwayaj pa w? Kijan w ka “bay mond lan [non ou], pou w temwaye devan mond lan” sa w konnen osijè Liv Mòmon an? (“Temwayaj Yuit Temwen yo”).

Temwayaj Pwofèt Joseph Smith

Parisyon Liv Mòmon an sete yon mirak.

Si yon moun ta mande w ki kote Liv Mòmon an soti, kisa w t ap reponn ni? Kijan w t ap dekri men Senyè a nan parisyon Liv Mòmon an? Kijan Joseph Smith te dekri parisyon Liv Mòmon an?

Temwayaj Pwofèt Joseph Smith la

Kijan Liv Mòmon an te tradui?

Liv Mòmon an te tradui “pa don ak pouvwa Bondye.” Nou pa konn anpil detay sou pwosesis mirakile tradiksyon an, men, nou konnen ke Joseph Smith sete yon vwayan, ki te jwenn èd atravè enstriman Bondye te prepare: de wòch transparan ki rele Oumim ak Toumim ak yon lòt wòch yo rele yon wòch vwayan. Nan wòch sa yo, Joseph te wè entèpretasyon Anglè karaktè ki te grave sou plak yo, epi li te li tradiksyon an awotvwa pandan ke yon sekretè t ap ekri li. Chak sekretè Joseph yo te temwaye ke pouvwa Bondye te manifeste nan tradiksyon travay sakre sa a.

Gade “Tradiksyon Liv Mòmon an” (Sujets de l‘évangile, topics.ChurchofJesusChrist.org).

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Pandan w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konn ki prensip pou w souliyen ak diskite pou ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk ide.

Paj tit Liv Mòmon an

Petèt fanmi w ta ka kòmanse avèk yon lis nan vèsè nan Liv Mòmon an ki te bati lafwa w pou fè w konnen “Jezi se Kris la” epi yo ka ajoute sou li pandan tout ane a. Sa te ka yon bon moman pou kreye yon plan familyal pou n ka li Liv Mòmon an ansanm tou: Kilè ak ki kote n ap reyini pou n li l? Kijan chak manm fanmi an ap patisipe? Pou kèk ide, gade seksyon “Ide pou amelyore etid ekriti pèsonèl ou” a nan kòmansman manyèl sa a.

Entwodiksyon Liv Mòmon an.

Yon wòch santral nan yon vout se yon wòch ki koupe an fòm kwen anlè tèt vout la, ki makònen lòt wòch yo ansanm. Pou ede fanmi w konprann kijan Liv Mòmon an se “kle relijyon nou an,” ou gen dwa konstwi oubyen desine yon vout ki gen yon wòch santral anlè tèt li. Kisa k ap rive si yo ta retire wòch sa a? Kisa k t ap rive si nou pa t gen Liv Mòmon an? Kijan nou ka fè Liv Mòmon an vin fondasyon lafwa nou nan Jezikri?

Imaj
yon vout an wòch ki gen yon wòch kle ki kenbe l anplas.

Liv Mòmon an se kle relijyon nou an.

Temwayaj Twa Temwen yo”; “Temwayaj Yuit Temwen yo

Fanmi w ka ekri pwòp temwayaj pa yo konsènan Liv Mòmon an, siyen non yo anba li, epi panse a fason pou yo pataje temwayaj yo avèk lòt moun.

Temwayaj Pwofèt Joseph Smith la

Nan istwa Joseph Smith la, ki prèv nou jwenn ki montre ke Bondye te enplike nan parisyon Liv Mòmon an?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore etid pèsonèl nou

Yon pwomès pwofesik. Prezidan Russell M. Nelson te di: “Mwen pwomèt nou ke, si nou medite sou sa n ap etidye [nan Liv Mòmon an], fenèt syèl yo ap louvri, epi n ap resevwa repons pou kesyon nou yo ak direksyon pou lavi nou” (“Liv Mòmon an: kisa lavi nou t ap ye san li?Ensign oubyen Liahona, Nov. 2017, 62–63).

Imaj
Joseph k ap resevwa plak lò yo nan men Mowoni

Mowoni delivre Plak Lò yo, tablo Gary L. Kapp

Enprime