Vini, Suiv Mwen
Pwomès pwofèt yo


“Pwomès pwofèt yo” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Liv Mòmon 2020 (2020)

“Pwomès pwofèt yo,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2020

Pwomès pwofèt yo

Etid Liv Mòmon an ap chanje ou. L ap chanje fanmi ou. Pwofèt dènye jou yo ap fè pwomès sou pouvwa Liv Mòmon an depi Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo te retabli a. Medite sou deklarasyon sa yo, epi repase yo regilyèman. Kiyès nan benediksyon sa yo ou ta renmen resevwa? Pandan w ap li Liv Mòmon an, panse pou w ekri ak pataje avèk lòt moun kijan pwomès sa yo akonpli nan lavi ou.

Pwofèt Joseph Smith: “Konsènan Liv Mòmon an, Pwofèt Joseph Smith te di: “M te di frè legliz yo Liv Mòmon an se liv ki pi kòrèk pase tout lòt liv sou tè a, e li se fondman relijyon nou an, e si yon moun swiv presèp liv la, l ap vin pi pre Bondye pase si l swiv presèp nenpòt lòt liv” (Enseignements des Présidents de l’église: Joseph Smith [2007], 64).

Prezidan Ezra Taft Benson: “Liv Mòmon pa anseye nou laverite sèlman, byenke l anfèt fè sa. Se pa ke Liv Mòmon an rann temwayaj konsènan Kris la, byenke anfèt li fè sa tou. Men gen yon lòt bagay ankò. Gen yon pouvwa nan liv la ki ap kòmanse vide nan lavi nou nan moman nou kòmanse fè yon etid serye sou liv la. W ap jwenn plis pouvwa pou reziste anba tantasyon. W ap jwenn pouvwa pou w evite desepsyon. W ap jwenn pouvwa pou rete sou chemen dwat e etwat la. Ekriti yo rele ‘pawòl lavi yo’ (DA 84:85), e pa gen okenn lòt kote kote sa gen plis verite pi vrè pase nan Liv Mòmon an.” Lè w kòmanse grangou ak swaf pou pawòl sa yo, w ap wè lavi a plis anplis abondan” (Enseignements des Présidents de l’église: Ezra Taft Benson [2014], 141).

Prezidan Gordon B. Hinckley “Frè m ak sè m yo, mwen pwomèt nou san rezèv ke si nou li Liv Mòmon an nan yon espri lapriyè, kèlkeswa kantite fwa nou deja li li, Lespri Senyè a ap antre nan kè nou nan pi gwo abondans. N ap vin santi yon pi gran detèminasyon pou n respekte kòmandman l yo, epi n ap resevwa yon pi gwo temwayaj sou reyalite divin Pitit Gason Bondye a” (Enseignements des présidents de l’église: Gordon B. Hinckley [2016], 233).

Prezidan Russell M. Nelson: “Chè frè m ak sè m yo, mwen pwomèt nou ke si nou etidye Liv Mòmon an nan yon espri lapriyè chak jou, n ap ka pran pi bon desizyon—chak jou. Mwen pwomèt nou ke si nou medite sou sa nou etidye yo, fenèt syèl yo va louvri, epi n ap resevwa repons pou pwòp kesyon nou ak direksyon pou lavi nou. Mwen pwomèt ke si nou plonje tèt nou nan Liv Mòmon an, nou ka pwoteje kont mal nan epòk nou yo, menm fleyo tenas pònografi ak lòt adiksyon ki angoudi lespri yo” (“Liv Mòmon an: Kisa lavi ou t ap ye san limenm?Ensign oubyen Liahona, Nov. 2017, 62–63).

Enprime