Vini, Suiv Mwen
Ide pou amelyore etid ekriti familyal ou


“Ide pou amelyore etid ekriti familyal ou,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2020 (2020)

“Ide pou amelyore etid ekriti familyal ou,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2020

Imaj
yon fanmi k ap li ekriti yo

Ide pou amelyore etid ekriti familyal ou

Etid ekriti familyal regilye se yon mwayen puisan pou ede fanmi w aprann levanjil la. Kantite sa w li ak dire lekti ou an fanmi an pa osi enpòtan ke konsistans nan efò w yo. Lè w fè etid ekriti yo vin yon pati enpòtan nan lavi familyal ou, w ap ede manm fanmi w rapwoche yo de Jezikri e bati temwayaj yo sou fondasyon pawòl li yo.

Reflechi sou kesyon sa yo:

  • Kijan w ka ankouraje manm fanmi w pou yo etidye ekriti yo pèsonèlman?

  • Kisa w ka fè pou ankouraje manm fanmi w pataje sa y ap aprann?

  • Kijan w ka mete aksan sou prensi w ap aprann nan Liv Mòmon yo nan moman ansèyman chak jou yo?

Sonje ke fwaye a se kote ideyal pou n aprann levanjil la. Ou ka aprann ak anseye levanjil la nan fwaye ou nan fason ki pa posib nan yon sal klas nan Legliz la. Se pou w kreyatif lè w ap panse sou fason pou w ede fanmi w aprann nan ekriti yo. Itilize kèk nan ide sa yo pou anrichi etid ekriti familyal ou:

Itilize mizik.

Chante kantik ki ranfòse prensip yo anseye nan ekriti yo. Apendiks D a nan manyèl sa a genyen mizik ki anrapò avèk doktrin yo nan plan leson chak semèn yo.

Imaj
yon mesye k ap li ekriti yo

Pataje vèsè ekriti enpòtan yo

Bay manm fanmi w tan pou yo pataje pasaj ekriti yo twouve ki enpòtan nan etid pèsonèl yo.

Itilize pwòp mo pa w

Envite manm fanmi w yo pou yo fè rezime sa yo aprann nan ekriti w ap etidye yo nan pwòp mo pa yo.

Aplike ekriti yo nan lavi ou

Lè w fin li yon pasaj ekriti, mande manm fanmi yo pou yo di ki fason pasaj sa a aplike ak lavi yo.

Poze kesyon

Envite manm fanmi yo pou yo poze yon kesyon sou levanjil la, epi apresa, pran tan pou w chèche vèsè ki ka ede reponn kesyon an.

Afiche yon ekriti

Chwazi yon vèsè w twouve ki enpòtan, epi afiche l kote tout manm fanmi an ka wè l souvan. Envite lòt manm fanmi yo pou yo chak pran tou pa yo pou chwazi yon ekriti pou yo afiche.

Fè yon lis ekriti

Antanke fanmi, chwazi plizyè vèsè nou ta renmen diskite pandan semèn k ap vini an.

Memorize ekriti yo

Chwazi yon pasaj ekriti ki enpòtan pou fanmi ou epi mande yo pou yo memorize li kote y ap repete l chak jou oubyen y ap jwe yon jwèt memwa.

Prezante leson objè

Chèche objè ki anrapò avèk vèsè n ap li an fanmi yo. Envite manm fanmi yo pou yo di kijan chak objè gen rapò avèk sa yo anseye a nan ekriti yo.

Chwazi yon sijè

Fè chak manm fanmi w yo pran tou pa yo pou yo chwazi yon sijè pou fanmi an etidye ansanm. Itilize Gid pa sijè a, Diksyonè Bib la a, oswa Gid ekriti yo nan (scriptures.ChurchofJesusChrist.org) pou n ka jwenn pasaj ekriti sou sijè a.

Fè yon desen

Li kèk vèsè an fanmi, epi bay tan pou manm fanmi yo desine yon bagay ki anrapò avèk sa w ap li a. Pran tan pou nou chak diskite sou desen lòt.

Jwe wòl yon istwa

Lè w fin li yon istwa, envite manm fanmi yo pou yo jwe wòl istwa a. Apresa, pale sou fason istwa a anrapò avèk sa n ap viv pèsonèlman oubyen antanke fanmi.

Èldè DavidA. Bednar te anseye: “Chak priyè familyal, chak tan etid ekriti familyal, e chak sware familyal se yon kout penso sou tablo nanm nou an. Okenn lòt bagay pa ka pi enpresyonan ni pi memorab pase sa. Men, menmjan kout penso jòn ak dore ak brun yo konplete youn lòt pou pwodui yon tablo enpresyonan an, se konsa tou si nou pèsevere nan fè ti bagay ki aparaman piti yo, sa ka mennen nan rezilta espirityèl siyifikan” (Pi dilijan ak pi sousye lakay,”Ensign oswa Liahona,Nov. 2009, 19–20).

Enprime