Vini, Suiv Mwen
Resous adisyonèl


Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Liv Mòmon 20202020)

“Resous adisyonèl,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2019

Imaj
fanmi k ap jwe

Resous adisyonèl

Tout dokimantasyon sa yo disponib nan app Bibliyotèk Levanjil la ak nan ChurchofJesusChrist.org.

Cantiques ak Chants pour les enfants

Mizik sakre envite Lespri epi l anseye doktrin nan nan yon fason inoubliyab. Anplis vèsyon nou ka enprime pou Cantiques ak Chants pour les enfants yo, ou ka jwenn anrejistreman odyo ak videyo pou anpil kantik ak chan timoun tou nan music.ChurchofJesusChrist.org ak nan app LDS Music la.

Revi Legliz yo

Revi Zanmi an, New Era, Ensign, ak Liahona yo gen istwa ak aktivite ki ka kore prensip w ap anseye nan manyèl Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a.

Istwa Liv Mòmon yo

Istwa Liv Mòmon yo ka ede timoun yo aprann doktrin ak istwa ki nan Liv Mòmon yo. Nou ka jwenn videyo sou istwa sa yo nan app Bibliyotèk Levanjil la tou ak nan medialibrary.ChurchofJesusChrist.org.

Manyèl Seminè ak Enstiti

Manyèl Seminè ak Enstiti yo bay kontèks istorik ak kòmantè doktrinal sou prensip ak istwa ki nan ekriti yo.

Medyatèk

Ilistrasyon, videyo, ak lòt medya kapab ede oumenm ak timoun yo vizyèlman reprezante doktrin ak istwa ki nan Liv Mòmon yo. Vizite medialibrary.ChurchofJesusChrist.org pou fè yon koudèy sou koleksyon resous medya Legliz la genyen yo, ansanm avèk seri video sou Bib la, ki dekri evenman nan Liv Mòmon yo. Bibliyotèk Medya a disponib kòm app mobil tou.

Sijè Levanjil yo

Nan topics.ChurchofJesusChrist.org ou ka jwenn enfòmasyon debaz sou yon varyete sijè levanjil, ansanm avèk lyen pou w al nan resous itil tankou, diskou konferans jeneral, atik, ekriti, ak videyo ki anrapò avèk sijè sa yo. Ou ka jwenn Gospel Topics Essays (Tèks sou sijè Levanjil) tou, ki ofri repons an pwofondè pou kesyon sou levanjil la.

Ankre nan Lafwa

Si w bezwen èd adisyonèl pou w ka konprann prensip fondamantal levanjil yo, ou gen dwa al gade nan liv Ankre nan lafwa a. Liv sa a gen yon lis alfabetik sou kèk sijè levanjil ke yo eksplike an tèm senp.

Enprime