Vini, Suiv Mwen
Ide pou amelyore etid ekriti pèsonèl ou


“Ide pou amelyore etid ekriti pèsonèl ou,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2020 (2020)

“Ide pou amelyore etid ekriti pèsonèl ou,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2020

Imaj
yon jènfi k ap li ekriti yo

Ide pou amelyore etid ekriti pèsonèl ou

Men kèk fason senp pou w amelyore etid ou sou pawòl Bondye a nan ekriti yo:

Chèche verite osijè Jezikri

Ekriti yo anseye nou ke tout bagay temwaye de Kris la (gade 2 Nefi 11:4; Moyiz 6:63), konsa, chèche li nan evenman, istwa, ak ansèyman Nouvo Testaman yo. Panse pou w pran nòt oubyen make vèsè ki pale de Sovè a e ki di kijan pou w suiv li yo.

Chèche mo ak fraz enspire

Ou ka petèt jwenn kèk mo ak fraz nan ekriti yo ki enpresyone w, kòmsi sete pou ou espesyalman yo te ekri yo. Yo gen dwa touche w pèsonèlman e enspire w ak motive ou. Panse pou w make yo nan ekriti yo oubyen ekri yo nan yon jounal etid.

Chèche verite levanjil yo

Pafwa verite levanjil yo (ke yo souvan rele doktrin oswa prensip) fòmile dirèkteman, e pafwa yo souzantandi nan yon egzanp oubyen yon istwa. Mande tèt ou: “Ki verite etènèl yo anseye nan vèsè sa yo?”

Koute Lespri a

Se pou w pote atansyon a sa w panse ak sa w santi yo, menmsi yo pa anrapò avèk sa w ap li a. Enpresyon sa yo se gen dwa egzakteman sa Pè Selès la ta renmen pou w aprann.

Konpare ekriti yo avèk lavi ou

Reflechi sou fason istwa ak ansèyman w ap li yo aplike ak lavi ou. Paregzanp, ou gen dwa mande tèt ou: “Ki eksperyans mwen te fè ki sanble avèk sa m ap li la a?” oubyen “Ki fason m ka suiv egzanp moun sa a nan ekriti yo?”

Poze tèt ou kesyon pandan w ap fè etid la

Pandan w ap li ekriti yo, kesyon ka vin nan lespri w. Kesyon sa yo gen dwa anrapò avèk sa w ap li a oubyen avèk lavi w an jeneral. Medite sou kesyon sa yo epi chèche repons pandan w ap kontinye etidye ekriti yo.

Itilize Èd pou Etid Ekriti yo

Pou w ka jwenn ide adisyonèl sou vèsè w ap li yo, itilize referans yo bay anba paj yo, Gid pa sijè a, Diksyonè Bib la, Gid ekriti yo nan (scriptures.ChurchofJesusChrist.org), ak lòt èd pou etid.

Konsidere kontèks ekriti yo

Ou ka jwenn ide siyifikan osijè yon ekriti si w konsidere kontèks li—sikonstans oubyen kad ekriti a. Paregzanp, paske w konn antesedan ak kwayans yon pèp yon pwofèt ap pale, sa ka ede w konprann ki objektif pawòl li yo vize.

Ekri sa w panse ak sa w santi

Gen anpil fason pou w ekri enpresyon w resevwa pandan w ap fè etid yo. Paregzanp, ou gen dwa make yon mo oubyen yon fraz ki siyifikan pou ou epi ekri sa k vin nan lespri w yo kòm yon nòt nan liv ekriti w yo. Ou gen dwa fè yon jounal kote w ap ekri ide, panse, ak enpresyon w resevwa yo tou.

Etidye pawòl Pwofèt ak Apot dènye jou yo

Li sa pwofèt ak apot modèn yo anseye sou prensip ou jwenn nan ekriti yo (paregzanp, gade nan conference.ChurchofJesusChrist.org ak nan revi legliz yo).

Pataje ide

Pale sou ide w jwenn nan etid pèsonèl ou yo se non sèlman yon bon fason pou w anseye lòt moun, men sa ede ranfòse konpreyansyon w sou sa w li yo tou.

Aplike sa w aprann yo

Etid ekriti yo dwe non sèlman enspire nou—men li dwe fè nou chanje fason n ap viv tou. Koute sa Lespri a enspire w pou w fè pandan w ap li a, epi apresa, pran angajman pou w aplike enspirasyon sa yo.

Imaj
yon fanmi k ap li ekriti yo

Prezidan Russell M. Nelson te di: “Si nou avanse devan, pandan n ap fè festen ak pawòl Kris yo, epi nou pèsevere jiska lafen, … [n ap] gen lavi etènèl’ [2 Nefi 31:20].

“Fè festen vle di plis pase goute. Fè festen vledi savoure. Nou savoure ekriti yo lè nou etidye yo nan yon espri dekouvèt delisye ak obeyisans fidèl. Lè nou fè festen ak pawòl Kris yo, yo ekri ‘sou tab lachè kè nou’ [2 Korentyen 3:3]. Yo vin fè pati entegrant nati nou” (“Viv pa gidans ekriti yo,” Ensign, Nov. 2000, 17).

Enprime