Vini, Suiv Mwen
Itilize Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo


“Itilize Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo,Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2020 (2020)

“Itilize Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo,Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2020

Itilize Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo

Pou kimoun yo prepare dokimantasyon sa a?

Dokimantasyon sa a destine pou tout moun ak tout fanmi nan Legliz la. Yo prepare l pou ede w aprann levanjil la—keseswa poukont ou oubyen ansanm avèk fanmi ou. Si w pa t konn etidye levanjil la regilyèman nan lepase, dokimantasyon sa a ka ede w kòmanse fè sa. Si w te deja pran bon abitid pou etidye levanjil la, dokimantasyon sa a ka ede w fè plis eksperyans siyifikan.

Kijan m ta dwe itilize dokimantasyon sa a?

Itilize l nan nenpòt fason k ap pwofitab pou ou. Ou gen dwa petèt itilize l kòm yon gid oubyen kòm yon èd pou etid ekriti pèsonèl ak familyal ou. Ou gen dwa itilize l pou sware familyal tou. Plan leson yo souliyen prensip enpòtan w ap jwenn nan Nouvo Testaman an, ki sigjere ide ak aktivite pou moun yo ak fanmi yo, epi ki gen espas ki prepare pou w note enpresyon ou.

Oumenm ak fanmi w petèt deja ap etidye levanjil la regilyèman. Paregzanp, petèt ke w ap li lòt ekriti apa Liv Mòmon an pou yon klas seminè oswa enstiti. . Vini, Suiv Mwen an pa la pou l ranplase bon bagay ou deja ap fè yo ni pou l fè konpetisyon avèk yo. Gen dwa gen plizyè mwayen pou w etidye Nouvo Testaman an regilyèman pandan w ap kontinye akonpli lòt bi etid ekriti w fikse yo. Paregzanp, ou gen dwa kontinye li Liv Mòmon an pou etid ekriti pèsonèl ou epi li Nouvo Testaman an avèk fanmi w (oubyen vice versa). Se pou w suiv direksyon Lespri a pou w ka detèmine kijan w ap òganize etid ou sou pawòl Bondye a.

Ki rapò ki genyen ant dokimantasyon sa a avèk sa k ap pase nan Legliz la?

Plan yo prepare pou ou yo nan dokimantasyon sa a òganize selon yon orè lekti chak semèn. Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a ak Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch la suiv menm orè a. Pou ankouraje efò ou pou w aprann levanjil la ak aplike l nan fwaye ou, enstriktè w yo ap ba w opòtinite pou w pale de eksperyans ou, pou eksprime panse ou, ak poze kesyon w genyen sou pasaj ekriti w te etidye pandan semèn nan.

Paske Lekòldidimanch anseye sèlman defwa pa mwa, enstriktè Lekòldidimanch yo gen dwa chwazi pou yo sote oubyen konbine plan leson yo pou yo ka rete ajou avèk orè semèn nan. Sa ka nesesè nan semèn kote reyinyon nòmal Legliz yo pa fèt poutèt konferans pieu oubyen pou lòt rezon yo. Pandan semèn sa yo, yo envite nou pou nou kontinye etidye Liv Mòmon an lakay nou.

Èske m oblije suiv plan etid la?

Orè a prepare pou ede w fini lekti Liv Mòmon w lan rive nan fen ane a. Epitou, suiv menm orè avèk lòt moun yo nan pawas ou a ka mennen eksperyans siyifikan nan legliz la. Men ou pa dwe santi w oblije respekte orè a; li se senpleman yon gid pou ede ou. Bagay ki pi enpòtan an sèke w ap aprann levanjil la pèsonèlman epi ansanm avèk fanmi ou.

Imaj
yon fanmi k ap li ekriti yo

Enprime