Vini, Suiv Mwen
13–19 Janvye. 1 Nefi 8–10: “Vin manje fwi a”


“13–19 Janvye. 1 Nefi 8–10: Vin manje fwi a,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Liv Mòmon 2020 (2020)

“13–19 Janvye. 1 Nefi 8–10,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2020

Imaj
Vizyon Leyi sou pyebwa lavi a

Rèv Leyi a, tablo Steven Lloyd Neal

13–19 Janvye

1 Nefi 8–10

“Vin manje fwi a”

Pandan w ap li 1 Nefi 8–10 la, mande w si vizyon Leyi a aplike pou ou. Ekri enpresyon espirityèl ou resevwa yo nan liv ekriti ou, nan yon kaye, oubyen nan manyèl sa a.

Ekri enpresyon ou

Rèv Leyi a—avèk ba fè a, gouf tenèb la, gwo kay byen laj la, ak pyebwa a ki gen fwi “ki trè dous la”—se yon envitasyon enspiran pou w resevwa benediksyon lanmou Sovè a ak sakrifis ekspyatwa l la. Men, pou Leyi, vizyon sa a sete osijè fanmi l tou: “Epi gade, poutèt bagay m te wè a, m gen rezon pou m rejwi nan Senyè a pou Nefi ak pou Sam. … Men, Laman ak Lemyèl, m pè anpil pou nou” (1 Nefi 8:3–4). Lè Nefi te fin dekri vizyon l lan, li te egzòte Laman ak Lemyèl pou yo ta “koute pawòl li, petèt sa ta fè Senyè a gen mizèrikòd pou yo” (1 Nefi 8:37). Menmsi w te etidye vizyon Leyi a plizyè fwa, fwa sa a, pran tan pou w panse a jan Leyi te fè a—panse a yon moun ou renmen. Pandan w ap fè sa, sekirite ba fè a, danje gwo kay laj la, ak dousè fwi a ap pran yon nouvo siyifikasyon pou ou. Epi w ap vin pi byen konprann “tout santiman [yon] paran sansib” ki te resevwa vizyon remakab sa a.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

1 Nefi 8

Pawòl Bondye a mennen m al jwenn Sovè a epi l ede m santi amou li.

Vizyon Leyi a ofri yon envitasyon pou w mande tèt ou ki kote w ye—ak ki kote w prale—nan vwayaj pèsonèl ou pou w konn Sovè a ak santi amou li. Prezidan Boyd K. Packer te anseye: “Ou gen dwa petèt panse ke rèv oubyen vizyon Leyi a pa gen yon siyifikasyon espsyal pou ou, men li genyen. Ou ladan li; nou tout ladan l (gade 1 Nefi 19:23). Rèv oubyen vizyon Leyi a konsènan ba fè a gen ladan l tout sa yon … Sen Dènye Jou bezwen pou l konprann tès lavi a” (“Lehi’s Dream and You,” New Era, Jan. 2015, 2).

Yon fason pou w etidye 1 Nefi 8 la se ta ranpli yon tablo tankou sa yo montre la a. Pou konprann siyifikasyon senbòl yo, li ta bon pou w ta refere w a vizyon Nefi te fè lè l te priye pou l te ka konprann vizyon papa l la—gade espesyalman 1 Nefi 11:4–25, 32–36; 12:16–18; ak 15:21–33, 36. Pandan w ap etidye vizyon Leyi a, reflechi sou sa Senyè a vle w aprann.

Senbòl ki nan vizyon Leyi a

Siyifikasyon

Kesyon pou medite

Senbòl ki nan vizyon Leyi a

Pyebwa a ak fwi li (1 Nefi 8:10–12)

Siyifikasyon

Kesyon pou medite

Kisa m ap fè pou m envite lòt moun pou yo vin goute amou Bondye?

Senbòl ki nan vizyon Leyi a

Rivyè (1 Nefi 8:13)

Siyifikasyon

Kesyon pou medite

Senbòl ki nan vizyon Leyi a

Ba fè (1 Nefi 8:19–20, 30)

Siyifikasyon

Kesyon pou medite

Senbòl ki nan vizyon Leyi a

Gouf tenèb (1 Nephi 8:23)

Siyifikasyon

Kesyon pou medite

Senbòl ki nan vizyon Leyi a

Gwo kay byen laj (1 Nefi 8:26–27, 33)

Siyifikasyon

Kesyon pou medite

Senbòl ki nan vizyon Leyi a

Siyifikasyon

Kesyon pou medite

Gade David A. Bednar, “Le songe de Léhi: se tenir avec fermeté à la barre de fer,” Ensign oswa Liahona, Okt. 2011, 33–37.

Imaj
Leyi k ap manje fwi pyebwa lavi a

Leyi k ap manje fwi pyebwa lavi a. Pyebwa lavi a, tablo Marcus Alan Vincent

1 Nefi 9

Poukisa Nefi te fè de seri plak?

“Bi saj” Senyè a nan fè Nefi kreye de seri anal yo te vin byen klè dè syèk apre. Lè Joseph Smith te fin tradui premye 116 paj maniskri Liv Mòmon an, li te bay Martin Harris yo, ki te pèdi yo (gade DA 10:1–23). Men, dezyèm seri plak Nefi yo te kouvri menm peryòd la, epi Senyè a te kòmande Joseph Smith pou l te tradui plak sa yo olye ke l te retradui sa k te pèdi yo (gade DA 10:38–45).

Pou plis enfòmasyon sou plak yo mansyone nan1 Nephi 9 yo, gade “Yon brèf eksplikasyon sou Liv Mòmon an”; 1 Nefi 19:1–5; 2 Nefi 5:29–32; ak Pawòl Mòmon 1:3–9.

1 Nefi 10:2–16

Ansyen pwofèt yo te konn misyon Jezikri a epi yo te temwaye de li.

Resi vizyon Leyi a te siman fè yon enpresyon sou fanmi li, men, li te toujou gen lòt verite etènèl pou l te anseye yo sou misyon Sovè a. Pandan w ap li 1 Nefi 10:2–16 la, panse a fason Senyè a te vle pou fanmi Leyi—ansanm ak nou tou—konnen verite sa yo. Reflechi sou sa w ta ka di moun ki chè pou ou yo pou envite yo pou yo vin jwenn Sovè a. Lè w fin etidye vizyon Leyi a ak ansèyman l yo, ki bagay ou santi w enspire, tankou Nefi, pou w aprann “pa pouvwa Sentespri a”? (1 Nefi 10:17).

(1 Nefi 10:17).

Bondye ap revele m verite a si m chèche l avèk dilijans.

Kijan w reyaji lè w rankontre yon prensip levanjil ou pa konprann? Note diferans ant fason Nefi te reyaji devan vizyon Leyi a (gade 1 Nefi 10:17–19; 11:1) ak fason Laman ak Lemyèl te reyaji (gade 1 Nefi 15:1–10). Poukisa yo te reyaji nan fason sa yo, epi ki rezilta reyaksyon yo te genyen?

Panse pou w ekri osijè yon okazyon kote w te anvi konnen si yon ansèyman levanjil te vrè. Kijan w ka konpare pwosesis ou te suiv la avèk sa Nefi te fè a?

Gade 1 Nefi 2:11–19; Doktrin ak Alyans 8:1–3 tou.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Pandan w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konn ki prensip pou w souliyen ak diskite pou ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk ide.

1 Nefi 8

Manm fanmi w ta ka kontan jwe sèn sou vizyon Leyi a oubyen fè desen epi itilize desen yo pou yo rakonte li. Oubyen ou ka montre tablo atis la sou vizyon Leyi a ki akonpaye leson sa a epi envite manm fanmi yo pou yo chèche detay ak pasaj ekriti ki dekri sa bagay sa yo reprezante. Kantik “The Iron Rod” la nan (Hymns, no. 274) ale byen avèk chapit sa a. Ou gen dwa pase yon videyo ki dekri vizyon Leyi a (gade koleksyon videyo Liv Mòmon an nan ChurchofJesusChrist.org oubyen app Bibliyotèk Levanjil la).

1 Nefi 8:10–16

Kimoun nou ta ka envite pou yo vin pi pre Jezikri epi santi dousè amou li? Kisa nou ka fè pou n “[rele] yo”?

1 Nefi 9:5–6

Nan ki okazyon nou te suiv yon kòmandman san nou pa t totalman konprann rezon yo? Kijan nou te beni?

1 Nefi 10:20–22

Nan ki fason enpite fizik menmjan avèk enpite espirityèl? Kisa nou ka fè pou n asire n ke nou rete pwòp spirityèlman?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore ansèyman nou

Kijan ekriti yo aplike nan lavi nou? Lè w fin li yon pasaj ekriti, mande manm fanmi yo pou yo di ki fason pasaj sa a aplike ak lavi yo. Paregzanp, lè manm fanmi w yo li 1 Nefi 8:33, yo gen dwa pale de fason pou n pa pote atansyon a moun ki “lonje dwèt avèk mepri yo.”

Imaj
Vizyon Leyi a

Pyebwa lavi a, tablo Avon Oakeson

Enprime