Vini, Suiv Mwen
6–12 Janvye. 1 Nefi 1–7: “M prale epi m ap fè”


“6–12 Janvye. 1 Nefi 1–7: ‘M prale epi m apfè,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Liv Mòmon 2020 (2020)

“6–12 Janvye. 1 Nefi 1–7,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2020

Imaj
fanmi Leyi k ap vwayaje nan dezè a

Leyi ap vwayaje bò Lanmè Wouj la, foto Gary Smith

6–12 Janvye

1 Nefi 1–7

“M prale epi m ap fè”

Nefi te ekri “bagay Bondye yo.” (1 Nefi 6:3). Pandan w ap etidye ekri Nefi yo, pote atansyon a bagay Bondye yo w ap jwenn yo, espesyalman enpresyon w resevwa nan men Lespri yo.

Ekri enpresyon ou

Liv Mòmon an kòmanse avèk istwa yon fanmi reyèl k ap rankontre difikilte reyèl. Sa te pase an 600 AK, men gen bagay nan istwa sa a ki ka sanble yo familye pou fanmi yo jodia. Fanmi sa a t ap viv nan yon mond ki te plis anplis ap rantre nan inikite, men Senyè a te pwomèt yo ke si yo te suiv li, li t ap mennen yo an sekirite. Sou wout yo, yo te gen bon moman epi yo te gen move moman; yo te resevwa gwo benediksyon ak mirak, men yo te sibi anpil goumen ak kontansyon tou. Se raman nan ekriti yo nou jwenn yon resi long konsa sou yon fanmi k ap eseye viv levanjil la: yon papa k ap lite pou l enspire fanmi l lafwa, pitit gason k ap deside si y ap kwè li ou pa, yon manman ki pè pou sekirite pitit li, ak frè k ap lite anba jalouzi ak chirepit—epi pafwa youn padone lòt. Globalman, gen yon pouvwa reyèl nan suiv egzanp lafwa fanmi sa a te demontre a—malgre enpèfeksyon yo.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

1 Nefi 1–6

Ekriti yo gen gwo valè.

Sis premye chapit Liv Mòmon yo gen anpil referans a liv sakre, anal sakre, ak pawòl Senyè a. Pandan w ap li 1 Nefi 1–6la, kisa w aprann osijè rezon k fè pawòl Bondye a gen “gwo valè” a? (1 Nefi 5:21) Kisa pasaj sa yo anseye ou sou ekriti yo? Kisa w twouve k enspire ou pou w fouye ekriti yo avèk pi plis angajman?

Gade “Eritaj ekriti yo” (video, ChurchofJesusChrist.org).

1 Nefi 1:7–15

Liv Mòmon an temwaye konsènan Jezikri

Fidèl a objektif yo deklare nan paj entwodiksyon l lan—pou konvenk tout moun ke Jezi se Kris la—Liv Mòmon an kòmanse avèk vizyon remakab Leyi a sou Sovè a. Kisa w aprann osijè Jezikri nan sa Leyi te wè yo? Ki kèk zèv “gran ak mèveye” Sovè a reyalize nan lavi w? (1 Nefi 1:14).

1 Nefi 2

Lè m chèche epi m fè Senyè a konfyans, li adousi kè m.

Byenke Laman, Lemyèl, ak Nefi te grandi nan menm fanmi an epi yo te viv menm eksperyans yo, te gen yon gwo diferans ant fason yo te reyaji a direksyon divin papa yo te resevwa yo nan chapit sa a. Pandan w ap li 1 Nefi 2 a, gade si w ka jwenn idantifye rezon k fè kè Nefi te adousi a pandan ke kè frè l yo pa t adousi. Ou gen dwa panse a pwòp fason ou reyaji devan direksyon Senyè a, keseswa w resevwa yo atravè Sentespri a oubyen nan men pwofèt li. Kilè w konn santi Senyè a adousi kè w pou w te ka pi dispoze pou aksepte direksyon li ak konsèy li?

1 Nefi 3–4

Bondye ap prepare yon fason pou m fè volonte li.

Lè Senyè a te kòmande Leyi ak fanmi li pou yo t al chèche plak eren yo nan men Laban, li pa t bayo enstriksyon espesifik sou fason pou yo te akonpli kòmandman sa a. Se souvan menm ka a pou lòt kòmandman oswa revelasyon pèsonèl nou resevwa nan men Bondye, epi sa fè nou panse ke l mande nou “yon bagay ki difisil” (1 Nefi 3:5). Kisa k enspire w nan reyaksyon Nefi pou kòmandman Senyè a te bay la, ke nou jwenn nan 1 Nefi 3:7, 15–16 la? Èske gen yon bagay ou santi w pouse pou w “al fè”?

Pandan w ap etidye 1 Nefi 1–7 la, chèche wè fason Bondye te prepare chemen an pou Leyi ak fanmi li. Kijan l fè sa pou ou?

Gade Pwovèb 3:5–6; 1 Nefi 17:3; “Obeyisans,” Sijè Levanjil yo, topics.ChurchofJesusChrist.org; koleksyon videyo Liv Mòmon yo nan ChurchofJesusChrist.org oswa app Bibliyotèk Levanjil la tou.

1 Nefi 4:1–3; 5:1–8; 7:6–21

Lè m sonje pawòl Bondye yo, sa ka ban m lafwa pou m obeyi kòmandman yo.

Lè Laman ak Lemyèl te santi yo anvi mimire, yo te toujou gen Nefi ak Leyi bò kote yo pou ankouraje yo ak pou reprimande yo. Lè w santi w ta anvi mimire, lekti pawòl Nefi yo ak pawòl Leyi yo ka ba w konsèy ak pèspektiv valab. Kijan Nefi ak Leyi te eseye ede manm fanmi yo bati lafwa yo nan Bondye? (gade 1 Nefi 4:1–3; 5:1–8; 7:6–21). Kisa w aprann nan egzanp yo ki ka ede w pwochèn fwa w gen tantasyon pou w mimire oubyen rebele?

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Pandan w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konn ki prensip pou w souliyen ak diskite pou ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk ide.

1 Nefi 1–7

Nan tout 1 Nefi 1–7 la, ou ka enkouraje manm fanmi yo pou yo remake kijan manm fanmi Leyi ak Sarya yo te aji antreyo. Kisa w ka aprann nan relasyon sa yo ki ka ede fanmi w?

Imaj
Nefi ak fanmi li k ap etidye plak yo

Nefi ak fanmi li te bay pawòl pwofèt yo valè.

1 Nefi 2:20

Prensip ki nan 1 Nefi 2:20 an repete souvan nan tout Liv Mòmon an. Kijan manm fanmi ou ka aplike l nan lavi yo pandan n ap etidye Liv Mòmon an ansanm ane sa a? Petèt nou ta ka fè yon afich ansanm ki gen pwomès Senyè a fè nan vèsè sa a epi afiche l nan kay la. Li ta ka sèvi kòm yon rapèl pou w diskite tanzantan sou fason w wè Senyè a fè fanmi w pwospere lè w obeyi kòmandman l yo. Panse pou w note eksperyans sa yo sou afich la.

1 Nefi 2:11–13; 3:5–7

Petèt fanmi w ta ka benefisye nan obsève diferans ant reyaksyon Laman ak Lemyèl avèk reyaksyon Nefi devan kòmandman Senyè a te bay yo. Kisa nou ka aprann nan 1 Nefi 2:11–13; 3:5–7 sou mimire? Ki benediksyon ki vini lè nou egzèse lafwa?

1 Nefi 3:19–20; 5:10–226

Vèsè sa yo ta ka enspire fanmi w pou yo kenbe yon jounal sou evenman ak eksperyans enpòtan yo nan lavi yo. Petèt ou ta ka kòmanse yon jounal familyal, menmjan ak anal Nefi ak Leyi te kenbe sou eksperyans fanmi yo te fè yo. Kisa w ta ka mete nan jounal familyal ou a?

1 Nefi 7:19–21

Kisa k frape w nan egzanp Nefi a nan vèsè sa yo? Ki fason fanmi w beni lè youn “padone lòt franchman”?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore ansèyman nou

Etidye ekriti yo regilyèman. Yon kle pou bon jan ansèyman nan fwaye a se kreye okazyon aprantisaj konstan pou fanmi ou. Prezidan Thomas S. Monson te anseye: “Kou entansif yo pa osi efikas ke lekti ak aplikasyon kotidyèn ekriti yo nan lavi nou” (“Soyez au meilleur de vous-mêmes,” Ensign oswa Liahona, Me 2009, 68).

Imaj
Nefi kanpe bò kot Laban ki sou

M te obeyi vwa Lespri a, tablo Walter Rane

Enprime