Vini, Suiv Mwen
10–16 Fevriye. 2 Nefi 6–10: “O ala plan Bondye nou an gran anpil!”


“10–16 Fevriye. 2 Nefi 6–10: ‘O ala plan Bondye nou an gran anpil!” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Liv Mòmon 2020 (2020)

“10–16 Fevriye. 2 Nefi 6–10,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2020

Imaj
Jezi ap priye nan Jetsemani

Se pa volonte pa m, men se volonte pa w ki pou fèt, tablo Harry Anderson

10–16 Fevriye.

2 Nefi 6–10

“O, Plan Bondye nou an gran anpil!“

Pandan w ap li 2 Nefi 6–10 la, medite sou sa Senyè a ap eseye anseye w. Lè w idantifye verite sa yo, ekri yo epi, nan yon espri lapriyè, panse sou fason w ka aji selon sa w ap aprann yo.

Ekri enpresyon ou

Sa te gen omwen 40 tan depi fanmi Leyi te kite Jerizalèm. Yo te nan yon nouvo peyi etranj, yon demi mond lwen Jerizalèm ak rès pèp alyans Bondye a. Leyi te mouri, epi posterite l te deja kòmanse sa k t ap vin tounen yon kerèl ki te dire plizyè syèk ant Nefit yo—“ki te kwè nan avètisman ak revelasyon Bondye yo”—ak Lamanit yo, ki pa t kwè nan yo (2 Nefi 5:6). Nan sikonstans sa yo, Jakòb, ki sete ti frè Nefi epi ki te òdone kòm enstriktè pou Nefit yo kounyeya, te vle pou pèp alyans la konnen Bondye pa t ap janm bliye yo, epi pou yo pa janm bliye li. Sa se yon mesaj nou asireman bezwen nan mond nou an, kote yo denigre alyans yo epi yo rejte revelasyon. Li te deklare: “An nou sonje li, … paske Bondye pa chase nou. … Pwomès Senyè a fè nou yo gran anpil” (2 Nefi 10:20–21). Pami pwomès sa yo, okenn pa pi gran pase pwomès yon “ekspyasyon enfini” pou simonte lanmò ak lanfè a (2 Nefi 9:7). Jakòb te konkli: “Se poutèt sa, fè kè nou kontan”! (2 Nefi 10:23).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

2 Nefi 6–8

Senyè a gen mizèrikòd pou pèp li a epi l ap kenbe pwomès li.

Pou l te ede pèp li a konprann ke yo te fè pati mezon Izrayèl la epi yo te ka mete konfyans yo nan Bondye ak nan pwomès li yo, Jakòb te site pwofesi Ezayi yo, ki nan 2 Nefi 6–8 yo. Ezayi te dekri dispèsyon Izrayèl la ak rasanbleman ak redanmsyon Sovè a te pwomèt pèp li a. Pandan w ap li, medite sou kesyon tankou sa yo:

  • Kisa m aprann sou amou redanmtè Sovè a genyen pou mwen?

  • Ki konsolasyon Sovè a ofri moun ki chèche li?

  • Kisa m ka fè pou m ka pi fidèlman “tann” Sovè a ak benediksyon l pwomèt yo?

2 Nefi 9:1–26

Gras ak Sakrifis Ekspyatwa l la, Jezikri delivre tout moun anba lanmò fizik ak spirityèl.

Ki mo oubyen foto w ta ka itilize pou fè yon moun konprann bezwen dezespere nou pou yon Redanmtè vin sekouri nou anba lanmò ak peche? Jakòb te itilize mo “terib” ak “mons” yo. Kisa Jakòb te anseye sou “mons sa a, lanmò ak lanfè“ ak “delivrans“ Bondye prepare pou nou an? (2 Nefi 9:10). Pandan w ap li 2 Nefi 9:1–26 la, panse pou w make sa k t ap rive nou san Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a nan yon koulè. Epi, nan yon lòt koulè, ou ka make sa nou ka resevwa gras ak Sakrifis Ekspyatwa Sovè a. Ki verite w jwenn sou Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a ki ka fè w louwe “sajès Bondye, mizèrikòd li, ak gras li”? (2 Nefi 9:8).

Gade “Sakrifis Ekspyatwa Jezikri,” Sijè Levanjil yo, tou nan topics.ChurchofJesusChrist.org.

2 Nefi 9:27–54

M ka vin jwenn Kris la e resevwa benediksyon gloriye Ekspyasyon yo.

Jezikri te vini “nan mond lan pou l te ka sove tout moun si yo koute vwa li” (2 Nefi 9:21; italik ajoute). Otremandi, nou dwe dispoze pou n aksepte benediksyon sali li ofri yo. Lè l te fin dekri gwo plan redanmsyon an, Jakòb te bay mizangad ak envitasyon enpòtan, ke n ap jwenn nan 2 Nefi 9:27–54, pou ede nou resevwa benediksyon Ekspyasyon yo. Panse pou w ekri yo sou yon tablo tankou sa a:

Avètisman

Envitasyon

Avètisman

Envitasyon

Avètisman

Envitasyon

Kisa w santi Lespri a pouse pou w fè pou w ka koute avètisman ak envitasyon sa yo?

2 Nefi 10:20, 23–25

Gras ak sakrifis Jezikri a, m ka gen “kè kontan.”

Mesaj Jakòb la sete yon mesaj lajwa. Li te di: “M pale nou pawòl sa yo pou nou kapab rejwi, e pou nou leve tèt nou pou tout tan” (2 Nefi 9:3). Pandan w ap li 2 Nefi 10:20, 23–25 la, kisa w jwenn ki ba w espwa? Ki lòt bagay ou jwenn nan 2 Nefi 9–10 la ki ba w espwa? Kisa w pral fè pou w sonje bagay sa yo lè w santi w dekouraje?

Gade Jan 16:33 tou.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Pandan w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konn ki prensip pou w souliyen ak diskite pou ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk ide.

2 Nefi 8:3–7

Lè w li 2 Nefi 8:3 la, ou gen dwa montre foto yon dezè oubyen yon jaden. Kijan Senyè a transfòme dezè lavi nou yo fè yo tounen jaden? Nan vèsè 4–7 yo, kisa Senyè a konseye nou pou n fè pou nou ka resevwa lajwa yo dekri nan vèsè 3 a?

2 Nefi 8:24–25

Kijan pawòl ankourajan Ezayi te di pèp Siyon yo ka fòtifye nou nan efò nou pou n vin disip Jezikri ki pi fidèl? Nan ki fason reveye nou epi abiye nou sanble ak sa Bondye vle nou fè spirityèlman?

2 Nefi 9:1–26

Kisa fanmi w ta ka fè pou yo pi byen konprann grandè “ekspyasyon enfini” Jezikri a? (vèsè 7). Petèt yo ta ka gade oubyen panse sou kèk bagay ki sanble yo enfini an kantite—ti moso zèb nan yon jaden, grenn sab sou yon plaj, oubyen zetwal nan syèl la. Nan kisa Sakrifis Ekspyatwa Sovè a te enfini? Ki fraz nan 2 Nefi 9 la ki apwofondi rekonesans nou pou sa Sovè a te fè pou nou?

2 Nefi 9:27–44

Petèt yon jou nan semèn sa a, fanmi w ta ka li 2 Nefi 9:27–38, pou yo chèche avètisman yo (ki kòmanse pa “malè”). Kiyès nan egzanp sa yo ki espesyalman enpòtan pou fanmi w ta diskite? Yon lòt jou, ou gen dwa gade nan 2 Nefi 9:39–44, pou w chèche kisa Jakòb te envite moun yo pou yo sonje.

2 Nefi 9:28–29, 50–51

Ki egzanp ki montre “vanite ak frajilite, ak foli lèzòm”? (vèsè 28). Kisa nou ka fè pou n mete plis valè nan bagay Bondye yo ak mwens valè nan bagay mond lan?

2 Nefi 9:45

Fanmi w ka petèt ta renmen fè yon chenn an papye epi apresa, pran tan pou metel sou yo epi defèt li. Kijan peche nou yo sanble avèk chenn? Kijan Sovè a ede nou defèt yo?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore ansèyman nou

Se pou ou disponib e aksesib. “Kèk nan pi bon moman ansèyman yo kòmanse pa yon kesyon oubyen yon preyokipasyon nan kè yon manm [fanmi] an. … Fè yo konnen atravè pawòl ak aksyon ou ke w dispoze pou w koute yo“ (gade Anseye nan fason Sovè a, 16).

Imaj
Jezi ap geri moun

Sovè a ap sove tout pitit Bondye yo “si yo koute vwa li” (2 Nefi 9:21). Li te geri anpil kalite maladi, tablo J. Kirk Richards

Enprime