Vini, Suiv Mwen
10–16 Fevriye. 2 Nefi 6–10: “O Plan Bondye nou an gran anpil”


10–16 Fevriye. 2 Nefi 6–10: “O Plan Bondye nou an gran anpil’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Liv Mòmon 2020 (2020)

“10–16 Fevriye. 2 Nefi 6–10,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2020

Imaj
Jezi ap priye nan Jetsemani

Se pa volonte pa m, men se volonte pa w ki pou fèt, pa Harry Anderson

10–16 Fevriye

2 Nefi 6–10

O, Plan Bondye nou an gran anpil!

Pandan w ap li 2 Nefi 6–10 la, chèche direksyon nan men Lespri a pou w ka konn kisa pou w anseye. Plan leson sa a ak Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a ka enspire w kèk ide siplemantè.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Ankouraje timoun yo pou yo chak pran tou pa yo pou pataje yon bagay yo te aprann konsènan Jezikri ak Sakrifis Ekspyatwa l la pandan yo t ap etidye 2 Nefi 6–10 la pèsonèlman oubyen avèk fanmi yo.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan: timoun ki pi piti yo

2 Nefi 9:7–13, 20–23

Jezikri sove m anba peche ak lanmò.

Kijan w ka itilize 2 Nefi 9:7–13 ak 20–23 a pou ede timoun yo konprann ke Jezikri sove tout moun anba lanmò epi li rann posib pou nou repanti pou peche nou?

Aktivite posib

  • Rakonte yo yon istwa sou yon moun ki te tonbe nan yon twou si pwofon ke l pa t ka remonte pou soti ladan l. Yon mesye te vini epi l te rale moun sa a soti nan twou a. Ou gen dwa desine istwa a sou tablo a oubyen jwe wòl li avèk timoun yo. Eksplike ke nou ka konpare twou sa a avèk lanmò epi mesye ki te ede moun nan soti ladan l lan ak Jezikri, ki te sove tout moun anba lanmò kote l ta banou don rezirèksyon an. Di yo ke menm moun sa a te tonbe nan yon lòt twou ankò. Fwa sa a, sovtè a te ba l yon nechèl pou l te itilize pou l te ka soti nan twou a. Eksplike yo twou sa a ka konpare avèk peche epi nechèl la se Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a, ki pèmèt nou repanti e jwenn padon pou peche nou. Li 2 Nefi 9:22–23, epi rann temwayaj ou konsènan Jezikri ak Sakrifis Ekspyatwa l la.

  • Chante ansanm yon kantik sou lanmou Jezikri, tankou “Je ressens son amour” (Chants pour les enfants, 42–43). Envite timoun yo pou yo desine kèk bagay ki ede yo konnen Sovè a renmen yo.

2 Nefi 9:49

“Kè m rejwi nan lajistis“

Kijan w ka ankouraje timoun w ap anseye yo pou yo “[rejwi] nan lajistis,“ oubyen pou yo obeyi Senyè a avèk jwa? (2 Nefi 9:49).

Aktivite posib

  • Li 2 Nefi 9:49 pou yo, epi ede yo chèche ak konprann sa Jakòb te di li renmen ak sa l te li li rayi. Prezante yo kèk senaryo kote yon timoun fè yon bon chwa oubyen yon move chwa, epi envite yo pou yo kanpe lè chwa a pote bonè epi chita lè chwa a pote tristès. Poukisa nou santi lajwa lè nou chwazi sa ki byen? Nan ki okazyon w konn santi w kontan paske w fè bon chwa?

  • Chante yon chan sou lajwa ki soti nan obeyisans ansanm, tankou “Nous aidons tout avec joie” (Chants pour les enfants, 198), epi mande timoun yo pou yo pote atansyon a sa k fè nou kontan. Fè yo chak pran tou pa yo pou pretann ke yo se yon paran k ap mande lòt timoun yo pou yo fè yon bagay. Fè lòt timoun yo fè pratik obeyi ak lajwa.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan: timoun ki pi gran yo

2 Nefi 6; 7:1–2

Senyè a ap toujou ranpli pwomès li.

Si yo konprann ke Senyè a kenbe pwomès li, sa ka ede timoun yo bati lafwa yo nan li ak konfyans yo nan obeyi kòmandman l yo.

Aktivite posib

  • Mande yo pou yo pale de kèk pwomès yo te fè, tankou yon pwomès yo te fè yon zanmi oubyen alyans yo te fè nan batèm. Poukisa li pafwa difisil pou n kenbe pwomès nou? Poukisa li enpòtan pou n kenbe pwomès nou? Li fraz sa a: “Senyè Bondye a ap akonpli alyans li te fè avèk pitit li yo” (2 Nefi 6:12). Pataje yon egzanp sou fason Bondye te kenbe pwomès li, menmsi benediksyon yo pa t vini tousuit.

  • Montre yon foto Jezi bò kote foto yon timoun. Li 2 Nefi 7:1, epi eksplike ke lè pèp Bondye a sispann obeyi levanjil li a, se tankou yo “divòse” avèk li. Deplase foto timoun nan soti kot foto Jezi a pou montre yo ke lè nou pa kenbe alyans nou, tankou alyans batèm nou, nou separe tèt nou avèk Pè Selès la ak Sovè a. (Pou repase alyans batèm yo, gade D&A 20:37.) Kijan Sakrifis Ekspyatwa Sovè a pèmèt nou rapwoche nou de li? Pandan w ap pale de sa, envite timoun yo pou yo mete foto yo pwòch ankò.

2 Nefi 9:10–23

Jezikri sove m anba peche ak lanmò.

Kijan w ka itilize 2 Nefi 9:10–23 a pou ede timoun yo aprann ke Jezi se Sovè yo?

Aktivite posib

  • Mande yo pou yo ede w desine yon chemen sou tablo a, epi envite yo pou yo ajoute kèk obstak sou chemen an. Li 2 Nefi 9:10 ansanm, epi envite yo pou yo mete etikèt sou obstak yo ki sou chemen an avèk mo ki nan vèsè sa a ki dekri osbtak ki ka anpeche nou retounen al jwenn Bondye yo. Apresa, pale su fason Jezikri te simonte obstak sa yo pou nou (gade 2 Nefi 9:21–23), epi, pandan w ap fè sa, envite yo pou yo efase obstak yo.

  • Montre yo yon foto Adan ak Èv, tankou Y ap kite Jaden Edèn nan nan (ChurchofJesusChrist.org). Eksplike yo ke lè Adan ak Èv te manje fwi Bondye te di yo pou yo pa t manje a nan Jaden Edèn nan, yo te fè peche ak lanmò antre nan mond lan. Montre yon foto Jezikri. Pou ede yo konprann kijan Jezi te simonte peche ak lanmò, rakonte yo istwa moun nan ki te tonbe nan twou a, ki nan premye ide pou ansèyman an nan seksyon “timoun ki pi piti yo“ nan plan leson sa a. Apresa, mande yo pou yo desine kèk foto sou istwa sa a oubyen mime li. Li 2 Nefi 9:21–23, epi rann temwayaj ou konsènan Jezikri ak Sakrifis Ekspyatwa l la.

  • Ede chak timoun jwenn yon kantik sou Ekspyasyon Sovè a nan oubyen liv Cantiques la oubyen liv Chants pour les enfants an (endèks yo nan liv sa yo ka ede). Envite timoun yo pou yo chèche ak pataje kèk fraz nan chan an ki dekri sa Jezi te fè pou nou. Mande yo pou yo pataje sa yo panse ak sa yo santi osijè Sakrifis Ekspyatwa Sovè a, oubyen pataje pwòp temwayaj pa w.

2 Nefi 9:20, 28–29, 42–43

M ap jwenn benediksyon si m suiv konsèy Bondye.

Ede timoun yo bati yon fondasyon konfyans solid nan Bondye pou ke, pandan konesans yo ak kapasite yo ap ogmante, y ap kontinye konte sou li ak suiv konsèy li.

Aktivite posib

  • Envite yo pou yo pale de yon sijè yo konnen trè byen, tankou yon liv oubyen yon lwazi yo pi renmen. Mande yon timoun pou l li 2 Neffi 9:20, epi temwaye ke Bondye “[konn] tout bagay.” Poukisa li enpòtan pou nou konprann ke Bondye konn tout bagay?

  • Mande yo pou yo imajine ke yo tande yon zanmi ap di kòmandman yo oswa ansèyman yo nan Legliz la ridikil. Kisa yo t ap di zanmi sa a? Poukisa l enpòtan pou nou fè konsèy Bondye yo konfyans menmsi nou pa totalman konprann yo? Ankouraje yo pou yo gade nan 2 Nefi 9:20, 28–29, ak 42–43 pou yo ka jwenn èd pandan y ap medite ak diskite sou kesyon sa yo.

Imaj
Senbòl ansèyman

Ankouraje aprantisaj lakay

Ede yo panse ak fason yo ka anseye fanmi yo sa yo aprann sou Jezikri ak Sakrifis Ekspyatwa l yo. Paregzanp, yo gen dwa itilize paj aktivite semèn sa a pou eksplike kijan Sovè a ede nou simonte peche ak lanmò.

Amelyore ansèyman nou

Itilize paj aktivite yo. Pandan timoun yo ap travay sou paj aktivite yo, itilize tan an pou ede yo wè kijan aktivite yo gen rapò avèk prensip yo ki nan leson an ak kijan prensip yo aplike nan lavi yo.

Enprime