Vini, Suiv Mwen
3–9 Fevriye. 2 Nefi 1–5: “Nou te viv ak kè kontan”


“3–9 Fevriye. 2 Nefi 1–5: ‘Nou te viv ak kè kontan,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Liv Mòmon 2020 (2020)

“3–9 Fevriye. 2 Nefi 1–5,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2020

Imaj
Adan ak Èv k ap kite jaden Edèn nan

Adan ak Èv, pa Douglas Fryer

3–9 Fevriye

2 Nefi 1–5

“Nou te viv ak kè kontan”

Leyi te anseye chak nan timoun yo selon bezwen ak sikonstans endividyèl yo. Suiv egzanp li pandan w ap prepare pou w anseye timoun nan klas ou yo.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Lè w fin eksplike yo ke Leyi te anseye fanmi l sou libète pou fè pwòp chwa nou yo, envite yo pou yo pataje eksperyans yo te fè nan chwazi bon bagay. Kijan yo te santi yo apre yo te fin fè chwa sa a? Kijan yo ka sonje pou yo chwazi bon bagay nan lefiti?

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan: timoun ki pi piti yo

2 Nefi 1:20

M beni lè m obeyi.

Prensip yo anseye nan vèsè sa a—obeyisans pote benediksyon—an ilistre souvan nan Liv Mòmon an. Panse sou fason w ka ede timoun yo rekonèt sa nan pwòp lavi yo.

Aktivite posib

  • Mande yo pou yo ede w defini mo kòmandman yo epi fè yon lis sou kòmandman yo. Li 2 Nefi 1:20, epi souliyen ke n ap “pwospere,” oubyen nou beni, lè nou respekte kòmandman yo. Kijan nou santi nou lè nou obeyi kòmandman sa yo?

  • Montre timoun yo kèk bagay ki bay pwoteksyon, tankou soulye, chapo, ak gan. Fè yo eseye yo. Ki fason bagay sa yo pwoteje nou? Di yo ke kòmandman Pè Selès la ba nou yo ka pwoteje nou kont danje espirityèl. Pataje yon eksperyans kote w te jwenn pwoteksyon nan suiv kòmandman yo.

2 Nefi 2:11, 16, 27

Bondye te ban m libète pou m chwazi.

Akoz chwa yo te fè yo, Adan ak Ev te oblije kite Jaden Edèn nan. Kijan w ka anseye timoun yo ke chwa Adan ak Ev la pèmèt nou egzèse libète pou nou chwazi Pè Selès la jodia?

Aktivite posib

  • Desine foto yon moun lib ak foto yon moun ki kaptif (petèt yon moun nan prizon), epi envite timoun yo pou yo montre desen kòrèk la lè w li mo lib ak kaptivite a nan 2 Nefi 2:27. Mete aksan sou fraz “lib pou chwazi” a, epi envite chak timoun pou repete li.

  • Repase istwa Adan ak Èv la avèk timoun yo (gade 2 Nefi 2:17–19; gade “Chapit 3: Adan ak Èv tou,” Istwa Ansyen Testaman yo, 15–18, oubyen videyo korespondan an nan ChurchofJesusChrist.org) ak chwa yo te fè nan Jaden Edèn nan. Ede timoun yo fè lis kèk chwa yo fè chak jou. Temwaye ke Pè Selès la ba nou libète pou nou chwazi ant byen ak mal, epi envite timoun yo pou yo sote anplas oubyen bat men yo pou aplodi libète pou chwazi sa a.

  • Jwe yon jwèt kote w di yon mo (tankou limyè) epi timoun yo di opoze li (fènwa). Repete aktivite sa a plizyè fwa. Pou ede timoun yo konprann kijan opoze yo ede nou fè chwa, li premye pati nan 2 Nefi 2:11 ak 2 Nefi 2:16 yo. Rakonte yo istwa yon timoun ki te gen tantasyon pou l te fè yon move chwa. Ede yo reflechi sou kisa opoze chwa sa a ye, epi envite yo pou yo mime li. Temwaye ke Pè Selès la beni nou lè nou chwazi bon bagay.

  • Ansanm, chante yon chan sou fè chwa, tankou “Jésus-Christ est mon modèle” oswa “Choisir le bien” (Chants pour les enfants, 40–41, 82–83), epi mande yo kisa yo aprann nan chan an osijè fè chwa.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan: timoun ki pi gran yo

2 Nefi 1:20

M beni lè m obeyi.

Lè timoun yo gen lafwa ke Bondye ap beni yo dèske yo kenbe kòmandman yo---menmsi benediksyon sa yo pa vini tousuit---li pi fasil pou yo fè bon chwa.

Aktivite posib

  • Ede yo repase kèk nan chwa Nefi ak frè l yo te fè yo. Pou kèk egzanp, gade 1 Nefi 2:11–16; 3:5–7; ak 18:9–11. Envite yo pou yo li 2 Nefi 1:20 ansanm epi pou yo di poukisa yo panse Leyi te bay pitit li yo mesaj sa a.

  • Ekri kèk fraz nan 2 Nefi 1:20 an sou kèk moso papye, epi diskite sou siyifikasyon fraz yo. Envite timoun yo pou yo mete moso papye yo nan lòd kòrèk la pandan y ap itilize vèsè a. Pou ilistre diferans ant pwospere ak retranche a, montre yo yon plant ki an sante ak yon branch yo te koupe nan plant lan. Ki diferans ki genyen ant yon branch ki sou yon plant ak yon branch yo koupe. Nan ki fason nou sanble ak branch ki sou plant lan lè nou obeyi kòmandman Bondye yo? Envite timoun yo pou yo ekri nan jounal yo kijan Bondye beni yo lè yo chwazi bon bagay.

2 Nefi 2:22–28

Bondye te ban m libète pou m chwazi.

Jezikri te souve nou anba lanmò fizik ak lanmò spirityèl (separasyon avèk Bondye akoz peche) atravè Sakrifis Ekspyatwa l la ak Rezirèksyon l lan. Pou nou ka viv avèk Pè Selès la ankò, nou dwe itilize libabit nou pou n toujou repanti epi fè efò pou nou viv nan ladwati.

Aktivite posib

  • Kenbe yon foto Adan ak Èv (gade Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 4), epi envite timoun yo pou yo di kisa yo konnen sou sa k te rive Adan ak Èv la nan Jaden Edèn nan. Ede yo jwenn repons yo nan 2 Nefi 2:22–27. Eksplike yo ke akoz chwa Adan ak Èv la, nou gen benediksyon pou n vin sou tè a epi itilize libabit nou pou n fè bon chwa epi repanti gras ak Sakrifis Ekspyatwa Kris la lè nou fè move chwa.

  • Ekri pawòl ki nan 2 Nefi 2:27 yo sou tablo a. Ede timoun yo memorize vèsè a nan repete ak pran tan pou yo efase mo yo chak fwa yo repete li. Ede yo imajine a kisa yon lavi san chwa t ap sanble. Poukisa yo rekonesan pou libabit?

  • Envite yo pou yo pataje yon eksperyans kote yo te fè yon bon chwa. Kijan yo te santi yo lè yo te fin fè chwa sa a? Kisa nou ka fè pou ede tèt nou chwazi sa ki byen lè nou gen tantasyon pou n fè yon bagay ki pa bon. Panse pou w chante yon kantik sou fè chwa, tankou “Bien choisir” (Cantiques, no. 239), epi envite timoun yo pou yo pataje sa yo aprann nan kantik la.

2 Nefi 3:6–24

Joseph Smith sete ”yon vwayan chwazi.”

Nan 2 Nefi 3 Leyi fè referans ak yon pwofesi sou Pwofèt Joseph Smith. Ou ka itilize sa kòm yon opòtinite pou anseye timoun yo sou misyon li nan dènye jou yo.

Aktivite posib

  • Envite timoun yo pou yo gade nan 2 Nefi 3:6–24 pou chèche endis sou pwofèt y ap pale a. Fè lis endis yo sou tablo a. Poukisa yo rele Joseph Smith yon ”vwayan chwazi”? Kisa Joseph Smith te fè ki te ”gen gwo valè pou [frè l yo]”? vèsè 7).

  • Chante yon chan sou Joseph Smith, tankou “Au grand prophète” (Cantiques, no. 27), oubyen gade yon videyo ki dekri diferan aspè nan misyon li, tankou sa nou jwenn nan history.ChurchofJesusChrist.org/article/joseph-smith-video-downloads yo. Mande timoun yo poukisa yo rekonesan pou Pwofèt Joseph Smith.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Ankouraje timoun yo pou yo note okazyon yo genyen pou yo fè bon chwa yo semèn sa a. Envite yo pou yo pare pou vin pataje ki chwa yo te fè ak rezilta chwa yo te fè yo nan semèn k ap vini an.

Amelyore ansèyman nou

Timoun yo ka rekonèt enfliyans Lespri a. Anseye yo ke santiman lapè, lanmou, ak chalè yo santi lè y ap pale oubyen chante sou Jezikri yo ak sou levanjil li a soti nan Sentespri a. Santiman sa yo ka fòtifye temwayaj yo.

Enprime