“3–9 Fevriye. 2 Nefi 1–5: ‘Nou te viv nan kè kontan,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Liv Mòmon 2020 (2020)
“3–9 Fevriye. 2 Nefi 1–5,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak fanmi yo: 2020
3–19 Fevriye
2 Nefi 1–5
“Epi, se te konsa, nou te viv nan kè kontan”
Ekriti yo ka louvri pòt pou revelasyon pèsonèl. Pandan w ap li 2 Nefi 1–5 la, ou gen dwa wè ke Senyè gen yon bagay espesifik li vle pou w anseye.
Ekri enpresyon ou
Si w te konn lavi w ta pral fini, ki mesaj final ou ta renmen pataje avèk moun ki pi chè pou ou yo? Lè pwofèt Leyi te santi l t ap pwoche nan fen lavi li, li te rasanble pitit li yo yon dènye fwa pou l te pwofetize ak pale yo de verite levanjil li te cheri yo ak moun ki te chè pou li yo. Li te pale de libète, obeyisans, Chit Adan ak Èv la, redanmsyon gras ak Jezikri, ak lajwa. Se pa tout pitit li yo ki te aksepte dènye temwayaj li a, men sa k te aksepte l yo—ansanm ak dè milyon moun ki li l jodia—yo te jwenn dè prensip pou yo ka viv “nan kè kontan” (2 Nefi 5:27) nan temwayaj li a.
Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl
Mwen lib pou m chwazi lavi etènèl.
Èldè D. Todd Christofferson te di: “Bondye vle pou pitit li yo aji selon libète moral li ba yo a. … Plan li ak volonte li se pou nou gen wòl prensipal la nan pran desizyon nan lavi nou” (“Libres à jamais, d‘agir par eux-mêmes,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2014, 16). Nan ansèyman l yo sou libabit la, Leyi ba nou kondisyon esansyèl ki fè libabit posib yo e ki pèmèt nou atenn potansyèl divin nou, enkli bagay sa yo:
-
Yon konesans sou byen ak mal (2 Nefi 2:5)
-
Yon lwa yo bay lòm (2 Nefi 2:5)
-
Dè chwa opoze ki atiran (2 Nefi 2:11)
-
Pouvwa pou aji (2 Nefi 2:16)
Pandan w ap li 2 Nefi 2 a, kisa w aprann sou chak nan kondisyon sa yo ki nesesè pou libabit la ak sou relasyon yo youn ak lòt? Kisa k t ap rive libabit nou si youn oubyen plis nan kondisyon sa yo ta manke? Ki lòt bagay ou aprann osijè libabit nan pawòl Nefi yo?
Chit la ak Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a se pati esansyèl nan plan Pè Selès la.
Anpil moun konsidere Chit la kòm yon evenman trajik. Men, ansèyman Leyi yo sou Chit la revele nou poukisa l te yon pati nesesè nan plan Papa a pou pwogresyon etènèl nou. Pandan w ap li vèsè sa yo, chèche poukisa Chit la te nesesè pou ke noumenm —pitit Pè Selès yo—nou ka pwogrese. Kijan sakrifis ekspyatwa Sovè a rachte nou anba Chit la?
Gade tou Moyiz 5:9–12; 6:51–62; “Chit Adan ak Èv,” Sijè levanjil yo, topics.ChurchofJesusChrist.org.
Joseph Smith te preòdone pou l te retabli levanjil la.
Dènye pati nan 2 Nefi 3 a gen yon pwofesi Joseph nan Ejip te bay konsènan yon fiti vwayan ki t ap gen menm non avèk li (gade vèsè 14–15)—Joseph Smith. Li gen anpil bagay sou misyon Joseph Smith la tou. Kisa vèsè 6–24 yo di Joseph Smith, yon “vwayan chwazi,” t ap gen pou l te fè pou l te beni pèp Bondye a? Kijan travay Joseph Smith la te “gwo valè” pou ou?
Youn nan pati enpòtan nan misyon Joseph Smith la sete pou fè parèt (pibliye) bagay posterite Joseph yo te ekri yo, ki nan Liv Mòmon an. Kisa nou aprann nan chapit sa yo sou enpòtans Liv Mòmon an?
Gade tou Tradiksyon Joseph Smith, Jenèz 50:24–38 (nan apendiks Bib la).
M ka priye Bondye nan feblès mwen.
Nefi te fèk pèdi papa l. Responsablite pou dirije fanmi l lan te repoze sou li kounyeya. Li te santi l antoure pa tantasyon epi li te dekouraje akoz peche li. Menmsi sitiyasyon pa w diferan avèk sitiyasyon Nefi a, kèk nan panse ak emosyon li ekri nan 2 Nefi 4:15–35 yo ka parèt familye pou ou. Kisa k te ede Nefi nan afliksyon l yo? Kijan reyaksyon Nefi devan pwoblèm li yo ka ede w fè fas a pwoblèm pa w?
Nou jwenn bonè nan viv levanjil la.
Kijan w ta ka defini bonè? Nefi te ekri ke pèp li a te viv “nan bonè” (2 Nefi 5:27). Ou gen dwa chèche ki chwa Nefi ak pèp li a te fè ki te mennen yo nan bonè—fason yo youn te sipòte lòt ak fanmi yo, sa yo te bay valè nan kominote yo a, eksetera. Kisa w aprann ki ka ede w bati yon lavi bonè, jan pèp Nefi a te fè a?
Ki malediksyon ki te vin tonbe sou Lamanit yo?
Nan epòk Nefi a malediksyon ki te sou Lamanit yo sete ke yo te “separe de prezans [Senyè a] … akoz inikite yo” (2 Nefi 5:20–21). Sa vledi Lespri Senyè a te retire kò l nan lavi yo. Lè Lamanit yo te anbrase levanjil Jezikri a nan apre, “malediksyon Bondye a pa t kontinye suiv yo ankò” (Alma 23:18).
Liv Mòmon an deklare tou ke yon siy po fonse te vin tonbe sou Lamanit yo apre Nefit yo te separe avèk yo. Nou pa fin totalman konprann nati ak aparans siy sa a. Siy lan te inisyalman distenge Lamanit yo ak Nefit yo. Apresa, paske ni Lamanit yo ni Nefit yo te travèse peryòd mechanste ak enjistis, siy lan te vin pèdi enpòtans li kòm yon endikatè sou sitiyasyon Lamanit yo devan Bondye.
Pwofèt yo afime nan epòk nou an ke siy po fonse a se pa yon siy devafè ni malediksyon divin. Legliz la anbrase ansèyman Nefi yo ki di ke Senyè a “pa rejte pèsonn ki vin jwenn li, nwa ak blan, esklav ak lib, gason ak fi” (2 Nefi 26:33). Prezidan Russell M. Nelson te deklare: “Senyè a mete aksan sou doktrin esansyèl li a ki bay pitit li yo menm opòtinite a. … Diferans nan kilti, lang, sèks, ras, ak nasyonalite vin pèdi tout sans lè moun ki fidèl yo antre sou chemen alyans la epi vin jwenn Redanmtè byenneme nou an” (“Remak Prezidan Nelson nan Selebrasyon Mondyal Prètriz la” [Jen 1, 2018], newsroom.ChurchofJesusChrist.org).
Gade tou “Jiskaske nou tout vin jwenn inite nan lafwa a” (video, ChurchofJesusChrist.org).
Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal
Pandan w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konn ki prensip pou w souliyen ak diskite pou w ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk ide.
2 Nefi 1:13–25
Kisa vèsè sa yo anseye nou sou pi gwo souwè yon paran jis genyen pou pitit li?
2 Nefi 3:6
Li “Vwayan” ansanm nan Diksyonè Bib la. Nan ki fason Joseph Smith te yon vwayan? Poukisa nou rekonesan pou travay Joseph Smith te akonpli a? (gade 2 Nefi 3:6–24).
2 Nefi 4:20–25
Pandan w ap li 2 Nefi 4:20–25 la ansanm, fè yon ti poze apre chak vèsè, epi envite manm fanmi an pou yo di kilè yo te viv oubyen santi sa Nefi dekri a. Kisa Bondye fè pou fanmi nou?
2 Nefi 5
Nan ki fason fanmi w ap viv “nan bonè”? Pandan fanmi an ap li 2 Nefi 5 la, ou gen dwa diskite sou sa Nefit yo te bay enpòtans: fanmi (vèsè 6), kòmandman yo (vèsè 10), ekriti yo (vèsè 12), enstriksyon (vèsè 15), tanp (vèsè 16), travay (vèsè 17), ak apèl nan legliz la (vèsè 26). Yon fason pou w fè sa se chèche objè ki reprezante kèk nan bagay sa yo epi pale sou fason nou montre ke, menmjan ak Nefit yo, nou bay bagay sa yo menm valè tou.
Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.