Vini, Suiv Mwen
24 Fevriye1 Mas. 2 Nefi 26–30: “Yon travay mèveye ak yon pwodij”


“24 Fevriye 1 Mas. 2 Nefi 26–30: ‘Yon travay mèveye ak yon pwodij,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Liv Mòmon 2020 (2020)

“24 Fevriye1 Mas. 2 Nefi 26–30,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2020

Imaj
Jezi lonje lamen bay yon fi

L ap kondui ou pa lamen, tablo Sandra Rast

24 Fevriye–1 Mas

2 Nefi 26–30

“Yon travay mèveye ak yon pwodij”

Senyè a te di: “M kòmande tout moun … pou yo ekri pawòl m pale ba yo” (2 Nefi 29:11). Pa lentèmedyè Lespri a, Senyè a ap pale avèk ou pandan w ap etidye pawòl li yo. Ekri sa w resevwa yo.

Ekri enpresyon ou

Nefi te ekri: “M ap pwofetize pou nou konsènan dènye jou yo” (2 Nefi 26:14). Otremandi, li t ap ekri konsènan epòk pa nou an. Epi, li te gen rezon pou l te enkyè pou sa l te wè: moun ki ap nye pouvwa ak mirak Bondye yo, lanvi ak lit k ap jeneralize, dyab la k ap mare moun yo anba gwo kòd. Men, akote “zèv tenèb” dènye jou sa yo (2 Nefi 26:10, 22) ki dirije pa advèsè a, Nefi te pale de “yon travay mèveye ak yon pwodij” ki dirije pa Senyè a limenm (2 Nefi 27:26). Epi, nan mitan travay sa a, t ap gen yon liv—yon liv pawòl li soti nan pousyè a, ki ekspoze mansonj Satan yo epi ki rasanble jis yo tankou yon etanda. Liv sa a se Liv Mòmon an, travay mèveye a se travay Legliz Senyè a ap fè nan dènye jou yo, epi pwodij la sèke l envite nou tout, malgre feblès nou, pou n vin patisipe ladan l.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

2 Nefi 26:20–33

Jezikri envite tout moun pou vin jwenn ni.

Pwofèt Joseph Smith te anseye ke Pè Selès la pi “enfini nan mizèrikòd li ak benediksyon l, pase nou pare pou n kwè oubyen pou n resevwa yo” (The Joseph Smith Papers,History, 1838–1856, volume D-1,” p. 4 [addenda], josephsmithpapers.org). Li sa Nefi te predi yo nan 2 Nefi 26:20–22 ak sa l te anseye sou Sovè a nan vèsè 23–33 yo, epi konpare sa avèk deklarasyon Joseph Smith la. Kisa w aprann sou mizèrikòd enfini Senyè a? Kisa w ka fè kòm manm Legliz Jezikri a pou w ka vin pi kretyen nan fason w ap trete pitit Bondye yo?

Gade 3 Nefi 18:30–32 tou.

2 Nefi 26–27

Kisa Liv Mòmon an mansyone nan chapit sa yo?

Pwofesi Nefi a nan 2 Nefi 26–27 la, ki grandman enspire pa yon ansyen pwofesi Ezayi (gade Ezayi 29), predi parisyon Liv Mòmon an. Pwofesi sa a dekri bagay sa a:

Anplis Ezayi, gen lòt pwofèt nan Bib la ki fè alizyon a Liv Mòmon an tou, malgre yo pa mansyone l pa non li. Paregzanp, Ezekyèl 37:15–20 pale de yon “bwa Joseph,” ki ka petèt fè alizyon a rejis Nefit yo, ki sete desandan Joseph. Rejis sa a t ap vin mete avèk “bwa Jida” a, ki vle di Bib la.

Gen lòt egzanp nou ka jwenn nan Gid Ekriti yo, “Liv Mòmon” (scriptures.ChurchofJesusChrist.org).

2 Nefi 28

Satan ap eseye twonpe nou.

Yo ekspoze anpil nan mansonj ak taktik Satan yo nan deskripsyon Nefi fè konsènan dènye jou yo nan 2 Nefi 28. Gade si w ka jwenn yo (paregzanp, gade vèsè 6, 8, 21–23, 29). Poukisa nou dwe konn mansonj Satan yo? Kisa w ap fè lè advèsè a ap eseye twonpe w?

2 Nefi 28:27–3129

Bondye kontinye bay revelasyon pou gide pitit li yo.

Antanke Sen Dènye Jou, nou gen benediksyon pou n gen pawòl Bondye a an abondans, konsa, avètisman Nefi a ka aplike pou nou tou: nou pa dwe janm santi ke “nou gen ase!” Pandan w ap li avètisman yo nan 2 Nefi 28 ak 29, medite sou kesyon tankou sa yo:

  • Kisa Senyè a vle m santi osijè pawòl li a e ki fason l vle m reyaji?

  • Poukisa moun yo konn pafwa “fache” poutèt y ap resevwa plis verite nan men Bondye? (2 Nefi 28:28). Èske m konn janm santi m fason sa a? Si wi, kijan m ka vin pi reseptif pou verite a?

  • Kisa sa vle di resevwa pawòl Bondye a? Kijan m ka montre l ke m vle resevwa plis nan pawòl li yo?

Gade Alma 12:10–11; 3 Nefi 26:6–10.

2 Nefi 29–30

Bondye te prepare Liv Mòmon an pou epòk pa nou an?

Anvan menm Liv Mòmon an te ekri, Nefi te konnen pa revelasyon ke, yon jou t ap rive kote l ta pral “gen anpil valè pou pitit lèzòm” (2 Nefi 28:2). Poukisa Liv Mòmon an gen gwo valè pou ou? Panse sou kesyon sa a pandan w ap li 2 Nefi 29–30. Ki kèk bagay “mèveye” Bondye akonpli nan mond lan ak nan lavi ou pa mwayen Liv Mòmon an?

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Pandan w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konn ki prensip pou w souliyen ak diskite pou ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk ide.

2 Nefi 26:12–13

Nefi te anseye ke Jezikri t ap manifeste tèt li atravè Sentespri a. Ki eksperyans manm fanmi w ta pataje youn ak lòt sou moman kote temwayaj yo konsènan Sovè a te fòtifye pa Sentespri a?

2 Nefi 26:22; 28:19–22

Petèt fanmi w ta ka renmen yon leson objè ki ilistre sa 2 Nefi 26:22 a anseye osijè dyab la. Pandan w ap li taktik Satan yo nan 2 Nefi 28:19–22 la, ou ka mare yon fil nan ponyèt yon moun pou reprezante “yon kòd len fen.” Kijan yon kòd len fen ka konpare avèk tantasyon Satan yo? Kijan l ka vin tounen yon kòd solid? Kijan nou ka detekte mansonj Satan yo?

Imaj
moso fisèl woule

Nefi te konpare tantaton dyab la avèk “yon kòd len fen.”

2 Nefi 27:20–21

Kisa Senyè a siman te anvi di nou lè l te deklare: “M kapab fè travay mwen” an? Kijan verite sa a enfliyanse fason nou sèvi nan Legliz li a?

2 Nefi 28:30–31

Èske fanmi w ka panse ak yon bagay ki, tankou revelasyon nan men Bondye, pi bon lè nou resevwa l ti kal pa ti kal? Poukisa Bondye revele nou verite “liy sou liy, presèp apre presèp, yon ti kras isit, yon ti kras lòtbò” olye revele l yon sèl kou?

2 Nefi 29:7–9

Kisa Senyè a gen entansyon pou l pwouve oubyen montre pa mwayen Liv Mòmon an?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore etid pèsonèl nou

Pataje ide. Pale avèk lòt moun sou fason sa w aprann yo ka fòtifye konpreyansyon ou. Lè w fin li 2 Nefi 29:6–14, ou gen dwa santi w pouse pou w eksplike yon zanmi rezon k fè nou bezwen Liv Mòmon an.

Imaj
Nefi ap ekri sou plak lò yo

Ekri Nefi yo te predi “yon travay mèveye ak yon pwodij” ki t apral fèt nan dènye jou yo (2 Nefi 27:26).

Enprime