Vini, Suiv Mwen
9–15 Mas. Jakòb 1–4: “Rekonsilye avèk Bondye pa mwayen Ekspyasyon Kris la”


“9–15 Mas. Jakòb 1–4: ‘Rekonsilye avèk Bondye pa mwayen Ekspyasyon Kris la,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Liv Mòmon 2020 (2020)

“9–15 Mas. Jakòb 1–4,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2020

Imaj
yon fi ki ajenou nan pye Jezi

Padone, tablo Greg K. Olsen

9–15 Mas.

Jakòb 1–4

Rekonsilye avèk Bondye pa mwayen Ekspyasyon Kris la

Lè w ekri enpresyon espirityèl ou resevwa yo, ou montre ke w vle Sentespri a anseye ou. Pandan w ap li Jaòb 1–4 la, panse pou w ekri enpresyon w resevwa yo.

Ekri enpresyon ou

Nefit yo te konsidere Nefi kòm “gwo pwotektè yo” (Jakòb 1:10). Li te defann yo kont atak enmi yo, epi li te avèti yo kont danje espirityèl yo. Kounyeya, li te mouri, epi tach pou dirije Nefit yo te tonbe spirityèlman sou Jakòb, ke Nefi te konsakre kòm prèt ak enstriktè moun yo (gade Jakòb 1:18). Pa enspirasyon, Jakòb te reyalize ke pèp la te bezwen pou yo anseye l nan “pale kare,” paske yo te “kòmanse ap benyen nan peche” (Jakòb 2:7, 5). Peche sa yo te sanble ak sa pèp la ap rakontre yo jodia a: lanmou richès ak imoralite seksyèl. Men, byenke Jakòb te santi ke l te dwe kondane mechanste sa a, kè l te gen chagren pou viktim yo, ki te gen kè yo “pèse avèk yon maleng ki fon” (Jakòb 2:35). Li temwaye ke gerizon pou de gwoup moun sa yo—pechè a ak moun ki blese spirityèlman an—vini atravè Sovè a, Jezikri. Mesaj Jakòb la, menmjan ak mesaj Nefi yo anvan li, sete yon apèl pou nou “rekonsilye avèk Bondye pa mwayen Ekspyasyon Kris la” (Jakòb 4:11).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

Jakòb 1:6–8, 15–19; 2:1–11

Senyè a vle m mayifye apèl mwen.

Pou Jakòb, anseye pawòl Bondye a sete plis pase yon tach frè l la te konfye li—sete yon “manda Senyè a te ba li,” konsa, li te travay avèk dilijans pou l te “mayifye ofis [li]” (Jakòb 1:17, 19). Prezidan Gordon B. Hinckley te anseye ke nou mayifye apèl nou “lè nou sèvi avèk dilijans, lè nou anseye avèk fwa ak temwayaj, lè nou edifye ak fòtifye ak bati konviksyon nan moun nou touche lavi yo” (“Magnifiez votre appel,” Ensign, Juillet 1989, 40). Panse a pwòp “[manda] pa w nan men Senyè a” pandan w ap li Jakòb 1:6–8, 15–19 ak 2:1–11 yo. Poukisa Jakòb te sèvi si fidèlman? Kisa egzanp li enspire w pou w fè pou w ka mayifye apèl ou nan Legliz la ak responsablite w lakay ou?

Gade videyo “Rise to Your Call” la nan (video, ChurchofJesusChrist.org).

Jakòb 2:23–3:12

Senyè a pran plezi nan chastete.

Peche gen konsekans ni pou moun ni pou sosyete yo. Pandan l t ap pale de peche seksyèl, Jakòb te bay avètisman sou de kalite konsekans. Lè w ap li Jakòb 2:31–35 ak 3:10, chèche wè fason imoralite te afekte Nefit yo antanke yon pèp e endividyèlman. Ki resanblans nou wè ant fason sa yo ak konsekans imoralite nou wè nan mond lan jodia? Kisa w wè nan pawòl Jakòb yo ki ta ka ede w anseye yon moun ki chè pou ou sou enpòtans chastete? Ki fason efò w pou rete chas yo beni ou?

Note ke Jakòb te pale sou pratik ki sete gen plis ke yon sèl madanm nan. Kisa w jwenn nan Jakòb 2:23–30 ki ede w konprann rezon k fè Senyè a, nan kèk sitiyasyon limite, te kòmande pèp li a pou yo pratike maryaj pliral? Kisa l panse de moun ki pratike bagay sa a san otorizasyon l yo?

Jakòb 4

Kijan m ka rekonsilye avèk Bondye pa mwayen Ekspyasyon Jezikri a?

Jakòb te sipliye pèp li a pou yo te “rekonsilye avèk Bondye pa mwayen Ekspyasyon Kris la” (Jakòb 4:11). Kisa w panse sa vle di? Èske sa pa t ap ede w si w ta gade rekonsilye nan yon diksyonè? Petèt ou ka jwenn mo oubyen fraz nan chapit sa a ki sigjere w kijan w ka vin jwenn Kris la pou w ka rekonsilye avèk Bondye. Paregzanp, Jakòb te anseye ke yo te bay lwa Moyiz la pou te dirije atansyon pèp la sou Jezikri (gade Jakòb 4:5). Kisa Bondye bay pou dirije atansyon nou sou Kris la? Kijan w itilize bagay sa yo pou rapwoche w de Bondye?

Gade 2 Nefi 10:24.

Jakòb 4: 8-18

M ka evite avègleman espirityèl nan konsantre m sou Sovè a.

Pandan Jakòb t ap eseye vire je moun yo pi totalman sou Senyè a, li te avèti yo pou yo pa t avèg spirityèlman epi pou yo pa t meprize “pawòl klè” levanjil yo (gade Jakòb 4:13–14). Èldè Quentin L. Cook te avèti nou sou menm kalite pwoblèm yo nan epòk nou an: “Gen yon tandans pami kèk nan nou pou n ‘gade odela mak la’ olye ke nou kenbe yon temwayaj sou bagay debaz levanjil yo. Nou fè sa lè nou ranplase verite levanjil yo pa filozofi lèzòm, lè n angaje nou nan ekstremis nan levanjil la, … oubyen nou mete dè règ anlè doktrin nan. Evite kalite konpòtman sa yo ap ede nou evite avègleman teyolojik ak trebichman Jakòb dekri yo” (“Regarder au-delà du point marqué,” Ensign, Mas 2003, 42).

Selon Jakòb 4:8–18, kisa nou ka fè pou konsantre nou sou Sovè a epi evite avègleman espirityèl?

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Pandan w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konn ki prensip pou w souliyen ak diskite pou ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk ide.

Jakòb 1:6–8, 15–19; 2:1–11; 4:18

Ki pawòl ak fraz nan vèsè sa yo ki montre amou Jakòb te santi pou moun li t ap dirije yo? Kisa dirijan nou yo nan Legliz la fè pou ede nou santi “dezi yo ak enkyetid yo pou byennèt nanm [nou]”? (Jakòb 2:3). Petèt manm fanmi w yo ta ka pataje fason nou ka soutni dirijan Legliz nou yo. Ou gen dwa planifye yon bagay an fanmi pou dirijan Legliz lokal yo, tankou ekri yo nòt pou remèsye yo pou sèvis yo oubyen sonje yomenm avèk fanmi yo nan priyè ou.

Jakòb 2:8

Kijan pawòl Bondye a geri “moun ki blese”?

Jakòb 2: 12–21

Kisa vèsè sa yo anseye sou fason nou dwe konsidere richès materyèl? Kisa n ap fè pou l lonje lamen bay lòt moun ki bezwen èd nou?

Jakòb 3:1-2

Kisa savle di pou n “pi nan kè” epi pou n “tounen vè Bondye avèk fèmte nan lespri”?

Jakòb 4: 4-11

Yon fason pou w ede fanmi w konprann kisa sa vle di pou yo gen yon lafwa “inebranlab” se jwenn yon gwo pyebwa nan vwazinaj ou epi mande yo pou yo sekwe branch yo. Apresa fè yo sekwe pyebwa a. Poukisa li difisil pou w sekwe li? Kisa nou ka aprann nan ansèyman Jakòb yo sou fason pou nou devlope yon lafwa ki “inebranlab”?

Imaj
yon gwo pyebwa nan yon pak

Tankou yon pyebwa, lafwa nou nan Kris la ka “inebranlab.”

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore etid pèsonèl nou

Koute Lespri a. Pandan w ap etidye a, pote atansyon a panse w ak sa w santi (gade DA 8:2–3), menmsi yo sanble yo pa anrapò avèk sa w ap li yo. Enpresyon sa yo se ka egzakteman sa Bondye vle pou w konnen ak pou w fè.

Imaj
Jakòb k ap ekri sou plak lò yo

M ap transmèt pawòl yo (Jakòb, enstriktè a), tablo Elspeth Caitlin Young

Enprime