Vini, Suiv Mwen
2–8 Mas. 2 Nefi 31–33: “Sa se chemen an”


“2–8 Mas. 2 Nefi 31–33: ‘Sa se chemen an,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Liv Mòmon 2020 (2020)

“2–8 Mas. 2 Nefi 31–33,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2020

Imaj
Jezi k ap anseye disip li yo

Kris la k ap anseye disip li yo, tablo Justin Kunz

2–8 Mas.

2 Nefi 31–33

“Sa se chemen an”

Plan leson sa a sigjere kèk prensip ou ka twouve k siyifikan nan 2 Nefi 31–33 a. Men, bagay ki pi enpòtan w ap aprann nan etid ou yo ap soti nan enspirasyon Lespri a ap ba ou. Chèche gidans sa a, epi ekri enspirasyon w resevwa yo.

Ekri enpresyon ou

Pami dènye pawòl Nefi te ekri yo, nou jwenn deklarasyon sa a: “Paske se sa Senyè a te kòmande m, e m dwe obeyi l” (2 Nefhi 33:15). Bagay sa a rezime lavi Nefi. Li chèche konn volonte Senyè a epi kourajezman, li efòse l obeyi li—keseswa pou riske lavi li pou l ka jwenn plak eren yo nan men Laban, konstwi yon bato ak travèse oseyan an, oubyen fidèlman anseye doktrin Kris la avèk klate ak puisans. Nefi te ka pale avèk pèsyazyon sou bezwen pou nou “avanse avèk fèmte nan Kris la,” pou nou suiv “chemen etwat ak kwense a, ki mennen nan lavi etènèl la” (2 Nefi 31:20, 18), paske sa se chemen limenm li te suiv. Li te konnen pa eksperyans ke chemen sa a, malgre l difisil pafwa, li jwaye tou, epi “pa gen okenn lòt chemen ni okenn lòt non anba syèl la ki kapab sove lèzòm nan wayòm Bondye a” (2 Nefi 31:21).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

2 Nefi 31–32

Jezikri ak doktrin ni an se sèl chemen ki mennen nan lavi etènèl.

Si w ta gen pou w rezime chemen ki mennen nan lavi etènèl la nan kèlke mo, kisa w t ap di? Avèk klate ak senplisite karakteristik li, Nefi te dekri l nan fason sa a: lafwa nan Kris la, repantans, batèm, resevwa don Sentespri a, ak pèsevere jiskalafen. Lè w fin etidye ansèyman Nefi yo nan 2 Nefi 31–32 an, reflechi sou fason w t ap eksplike yon moun yo nan pwòp pawòl pa w. Panse sou fason w te beni paske w te suiv ansèyman sa yo. Ou gen dwa reflechi sou ansèyman Nefi yo ki nan 2 Nefi 31:18–20 la epi evalye pwòp efò pa w pou w “avanse” sou chemen levanjil la.

Gade 3 Nefi 11:32–39; 27:13–22; D. Todd Christofferson, “La doctrine du Christ,” Ensign oswa Liahona, Me 2012, 86–90; Brian K. Ashton, “La doctrine du Christ,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2016, 106–9.

Imaj
yon fanmi k ap priye ansanm

Suiv ansèyman Jezikri yo mennen nou nan lavi etènèl.

2 Nefi 31:4–13

Jezikri te montre egzanp pafè sou obeyisans lan lè l te batize.

Keseswa batèm ou te fèt yè oubyen sa gen 80 ane, sete yon moman kle pou ou—ou te antre nan yon alyans pou w suiv Jezikri tout lavi ou. Panse a batèm ou pandan w ap li resi batèm Sovè a nan 2 Nefi 31:4–13 la. Poukisa Sovè a te batize? Ki rezon k fè batèm ni an sanblab ak rezon k te fè w batize? Kisa w ap fè jodia pou w kontinye suiv egzanp obeyisans Sovè a?

Òdonans sentsèn nan se yon opòtinite ou genyen chak semèn pou w renouvle angajman pou w suiv Jezikri a. Pwochèn fwa w ap pran Sentsèn, panse pou w li 2 Nefi 31:13 epi medite sou detèminasyon ou pou w “ suiv Pitit Gason an, avèk tout kè ou” ak dispozisyon ou “pou pran non Kris la sou tèt ou” a.

2 Nefi 31:17–2032

Sentespri a ap montre m sa m dwe fè.

Si batèm ak konfimasyon se “pòt pou [nou] antre” nan chemen dwat ak kwense a (2 Nefi 31:17), kisa n dwe fè lè nou fin antre nan chemen sa a? Se sa pèp Nefi a t ap mande tèt yo (gade 2 Nefi 32:1). Ki repons Nefi bay nan 2 Nefi 31:19–20 ak chapit 32 a? Ki repons ou jwenn pou tèt pa w?

Gade David A. Bednar, “Recevez le Saint-Esprit,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2010, 94–97; “Saint-Esprit,” Gospel Topics, topics.ChurchofJesusChrist.org.

2 Nefi 33

Liv Mòmon an pèsyade tout moun pou yo kwè nan Kris la.

Nan 2 Nefi 33, pandan Nefi t ap konkli nan ekri l yo, li te eksplike rezon k fè li te ekri yo. Ki rezon w jwenn nan chapit sa a? Reflechi sou sa w li jiskela nan 1 Nefi ak 2 Nefi yo ak sou nòt ou te pran yo. Ki fason istwa ak ansèyman yo akonpli objektif Nefi pou ou? Paregzanp, kijan yo te pèsyade w pou w te “kwè nan [Kris la], epi pou pèsevere jiskalafen”? (vèsè 4). Panse pou w ekri eksperyans sa yo oubyen pataje yo avèk yon manm fanmi w oswa yon zanmi.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Pandan w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konn ki prensip pou w souliyen ak diskite pou ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk ide.

2 Nefi 31:5–13

Èske gen manm nan fanmi ou k ap prepare yo pou batèm, oubyen ki fèk sot batize? Petèt yo ta ka di poukisa yo te deside pou yo te batize. Selon ansèyman Nefi yo, ki kèk rezon k fè nou dwe batize? Ki benediksyon nou resevwa lè nou batize?

2 Nefi 31:17–21

Kijan w ka ede fanmi w konprann analoji Nefi a sou “chemen dwat ak kwense a”? (2 Nefi 31:18). Paregzanp, nou gen dwa travay ansanm pou desine yon reprezantasyon chemen Nefi dekri nan 2 Nefi 31:17–21 a, pandan n ap mete sa nou dwe fè pou n antre nan chemen an e kontinye avanse sou li. Kijan Sovè a ede nou pwogrese sou chemen an?

2 Nefi 31:20

Si w vle ede fanmi w pi byen konprann kijan pou nou pèsevere jiskalafen, paj 6 nan Preche Levanjil Mwen an gen yon definisyon ki ka ede; ansanm ak mesaj Èldè Dale G. Renlund nan “Sen Dènye Jou yo kontinye ap eseye” a nan (Ensign oswa Liahona, Me 2015, 56–58).

2 Nefi 32:8–9

Pou ede fanmi w konprann ke nou ka “toujou priye,” ou ka fè yon lis sou sikonstans kote nou ka priye (oubyen fè desen ki reprezante yo). Apresa, yo ka chante yon kantik ki anseye sou lapriyè, tankou “La prière est comme un phare? ” (Cantiques, no. 75), pandan w ap ranplase kèk nan pawòl ki nan kantik la avèk pawòl ki sou lis yo a. Kijan Senyè a beni nou lè nou toujou priye?

2 Nefi 33:1–2

Kisa k ka fè moun “andisi kè yo kont Sentespri a”? Kijan nou ka asire nou ke Sentespri a gen “yon plas andedan [nou]”?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore ansèyman nou

Suiv Sovè a. Sa ta bon pou n etidye kijan Sovè a te anseye—metòd li te itilize ak sa l te di. Men pouvwa Jezi pou anseye ak edifye lòt moun nan te finalman soti nan sa l te ye ak nan fason l te viv. Plis ou efòse w avèk dilijans pou w viv tankou Jezikri epi pou w repoze sou pouvwa ekspyatwa l la, se plis w ap ka tou natirèlman anseye nan fason pa li.

Imaj
Jan Batis kap batize Jezi

Pou akonpli tout sa ki jis, tablo Liz Lemon Swindle

Enprime