Scripture Stories
Chapit 10: Jakòb ak Cherèm


Chapit 10

Jakòb ak Cherèm

Imaj
Nefi k ap bay Jakòb plak yo

Avan Nefi te mouri, li te bay ti frè l Jakòb plak yo. Jakòb sete yon moun ki te jis.

Imaj
Jakòb k ap ekri sou plak yo

Nefi te di Jakòb pou l te ekri bagay ki t ap ede moun yo kwè nan Jezikri.

Imaj
Nefi ap beni Jakòb

Nefi te bay Jakòb pouvwa pou l te vin yon prèt nan Legliz la epi pou l te anseye Nefit yo pawòl Bondye a.

Imaj
Jakòb ap anseye moun

Apre Nefi te fin mouri, anpil nan Nefit yo te vin mechan. Jakòb te anseye moun yo epi l te di yo pou yo te repanti pou move bagay yo t ap fè yo.

Imaj
Cherèm ap anseye

Yon mesye mechan ki te rele Cherèm te ale nan mitan Nefit yo, ap anseye yo pou yo pa t kwè nan Jezikri.

Imaj
Cherèm

Cherèm te di moun yo ke pa t ap gen okenn Kris. Anpil moun te kwè nan Cherèm.

Imaj
Cherèm ap diskite avèk Jakòb

Jakòb te anseye moun yo pou yo te kwè nan Kris la. Cherèm te vle diskite avèk Jakòb epi pèsyade li ke pa t ap gen okenn Kris.

Imaj
Jakòb ak Cherèm

Lafwa Jakòb nan Jezikri pa t ka ebranle. Li te wè zanj epi l te tande vwa Senyè a. Li te konnen Jezi t ap vini.

Imaj
Jakòb temwaye bay Cherèm.

Sentespri a te avèk Jakòb pandan l t ap rann temwayaj li konsènan Jezikri pou Cherèm.

Imaj
Cherèm ap mande siy

Cherèm te mande pou l te wè yon siy. Li te mande Jakòb pou l te pwouve l ke gen yon Bondye. Li te vle wè yon mirak.

Imaj
Jakòb

Jakòb pa t vle mande Bondye yon siy. Li te di ke Cherèm te deja konnen sa Jakòb t ap anseye a sete verite.

Imaj
Jakòb ak Cherèm

Jakòb te di si Bondye te frape Cherèm, se t ap yon siy sou pouvwa Bondye.

Imaj
Cherèm tonbe atè

Cherèm te tonbe imedyatman. Li pa t ka leve pandan plizyè jou.

Imaj
Cherèm

Cherèm te fèb epi l te konnen li ta pral mouri. Li te mande pou moun yo te rasanble.

Imaj
Cherèm ap pale avèk moun

Li te di yo li te bayo manti. Li te di yo pou yo te kwè nan Jezikri.

Imaj
Cherèm

Apre Cherèm te fin pale ak moun yo, li te mouri. Moun yo te santi pouvwa Bondye, epi yo te tonbe atè.

Imaj
Jakòb avèk lòt moun

Moun yo te kòmanse repanti epi li ekriti yo. Yo te viv nan lapè ak lanmou. Jakòb te kontan epi l te konnen ke Bondye te reponn priyè l yo.

Enprime