Scripture Stories
Chapit 41: Jezikri beni timoun yo


Chapit 44

Jezikri beni timoun yo

Imaj
Kris avèk timoun

Jezikri te di Nefit yo pou yo te mennen timoun piti yo ba li. Timoun yo te chita atè a bò kote Jezi.

Imaj
Jezi ap priye avèk timoun

Sovè a te di moun yo pou yo te mete yo ajenou. Apresa li te mete l ajenou epi l te priye Pè Selès la.

Imaj
moun k ap souri

Priyè Sovè a te tèlman mèvèye ke moun pa t ka ekri li. Li te ranpli Nefit yo ak lajwa.

Imaj
Jezi ap pale ak moun yo

Apre priyè l la, Jezi te di Nefit yo t ap resevwa benediksyon poutèt lafwa yo.

Imaj
Jezi

Li te sitèlman santi anpil lanmou ak lajwa ke l te kriye.

Imaj
Jezi ap beni timoun

Apresa li te pran timoun yo epi l te beni yo youn apre lòt. Li te priye Pè Selès la pou yo epi l te kriye ankò.

Imaj
Jezi avèk timoun yo

Jezi te di Nefit yo pou yo te vire je gade timoun yo.

Imaj
zanj te antoure timoun yo

Pandan moun yo t ap gade, zanj te desann soti nan syèl la epi yo te ansèkle timoun yo. Timoun yo ak zanj yo te antoure avèk dife.

Enprime