Scripture Stories
Chapit 27: Koriyò


Chapit 27

Koriyò

Imaj
Koriyò ap mache

Yon mesye ki te rele Koriyò te rive Zarayemla. Li pa t kwè nan Jezikri epi li te preche ke sa pwofèt yo te di konsènan Sovè a pa t verite.

Imaj
Koriyò ap anseye moun

Koriyò te di moun yo ke yo te fou si yo te kwè ke Jezi t ap vini sou tè a epi soufri pou peche yo.

Imaj
tigason ka p chante

Li te di moun pa t ap pini pou peche yo paske pa gen okenn lavi apre lanmò. Anpil moun te kwè Koriyò. Yo te vin mechan.

Imaj
Koriyò

Koriyò te eseye preche pèp Amon an, men yo pa t vle koute li. Yo te mare li epi yo te mennen l devan Amon, ki te fòse l kite vil la.

Imaj
Y ap voye Koriyò ale

Koriyò te ale nan peyi Jedeyon an, men moun yo pa t vle tande l nonplis. Jij anchèf la te voye l devan Alma.

Imaj
Alma ak Koriyò

Alma te mande Koriyò si l te kwè nan Bondye. Koriyò te di li pa t kwè. Alma te temwaye ke gen yon Bondye epi Kris la t ap vini.

Imaj
Koriyò ak Amon

Koriyò te vle pou Alma fè yon mirak pou te pwouve l ke gen yon Bondye. Koriyò te di li t ap kwè nan Bondye si l te wè yon siy sou pouvwa Bondye.

Imaj
Alma kenbe ekriti yo

Alma te di Koriyò li te deja wè anpil siy pouvwa Bondye atravè ekriti yo ak temwayaj tout pwofèt yo.

Imaj
Alma ap pale ak Koriyò

Alma te l ke di tè ak tout sa ki sou li ak mouvman planèt yo nan syèl la se siy tou ke gen yon Bondye.

Imaj
Koriyò ak Alma

Koriyò te refize kwè. Alma te tris akoz mechanste Koriyò epi li te avèti l ke nanm ni te ka detwi.

Imaj
Alma kenbe ekriti yo

Koriyò te toujou vle yon siy pou te pwouve l ke gen yon Bondye. Alma te di siy Bondye ap bay la sete ke Koriyò pap t ap ka pale ankò.

Imaj
Koriyò

Apre Alma te di sa, Koriyò pa t ka pale

Imaj
Koriyò ap ekri nan tè a

Koriyò te ekri ke l te konnen se Bondye ki te bay siy la epi ke l te toujou konnen gen yon Bondye. Li te mande Alma pou l te priye epi retire malediksyon an.

Imaj
Alma ap pale

Alma te konnen ke si Koriyò te rejwenn lapawòl li ta p bay pèp la manti ankò. Alma te di ke se Senyè a ki t ap deside si Koriyò te dwe pale ankò.

Imaj
Koriyò ap mande manje

Senyè a pa t pèmèt Koriyò rejwenn lapawòl. Koriyò te ale de kay an kay, ap mande manje.

Imaj
jij anchèf la ap ekri lèt

Jij anchèf la te voye yon lèt nan tout peyi a pou l te rakonte sa k te rive Koriyò a. Li te di moun ki te kwè Koriyò yo pou yo te repanti. Moun yo te repanti.

Imaj
Koriyò te mouri nan lari

Koriyò t al viv avèk Zoramit yo. Yon jou pandan l t ap mande, yo te pyetine li jiskaske l te mouri.

Enprime