Scripture Stories
Entwodiksyon


Entwodiksyon

Pou lektè a

Istwa sa yo nan Liv Mòmon an te ekri espesyalman pou ou. Yo soti nan yon liv ki sakre paske l soti nan Pè Selès la. Pandan w ap li istwa sa yo, sonje ke yo konsène moun reyèl ki te viv an Amerik la, sa gen lontan.

Apre w fin li istwa yo ki nan liv sa a, w ap anvi li yo nan Liv Mòmon an tou. Anba chak foto, w ap wè ki kote w ka jwenn istwa sa a nan Liv Mòmon an. Mande papa w, manman w, enstriktè w, oswa yon zanmi pou ede ou.

Si w pa konn kisa yon mo vle di, al chèche l nan seksyon Mo pou w konnen an ki nan fen liv sa a. W ap jwenn enfòmasyon konsènan moun yo ak andwa yo mansyone nan Liv Mòmon an nan fen liv la tou.

Pou paran yo ak enstriktè yo

Liv sa a ap ede w anseye ekriti yo. Pataje temwayaj ou konsènan Liv Mòmon an, epi ankouraje moun w ap anseye yo pou yo chèche resevwa pwòp temwayaj pa yo. Konpreyansyon yo ap grandi pandan w ap li pou yo tèks konplè sou istwa prefere yo nan Liv Mòmon an.

Enprime