Istwa nan Ekriti yo
Chapit 47: Jezikri beni disip li yo


Chapit 47

Jezikri beni disip li yo

Imaj
Jezi avèk disip yo

Yon jou kote disip yo te reyini pou yo te jene ak priye, Jezikri te parèt devan yo.

Imaj
Kris la pale ak disip yo

Disip yo te mande li kijan pou yo te rele Legliz la. Jezi te di yo ke legliz la ta dwe pote non li paske se Legliz li.

Imaj
Jezi pale ak disip yo

Jezi te eksplike disip li yo ke Pè Selès la te voye l sou tè a pou l bay tout moun lavi.

Imaj
Kris la ap pale avèk disip yo

Li te di tout moun ki repanti, ki batize nan non li e ki obeyi kòmandman l yo, yo pral konsidere yo kòm inosan devan Pè Selès la.

Imaj
Kris la ap pale avèk disip yo

Sovè a te di disip li yo pou fè sa yo te wè l fè. Li te tabli egzanp la pou yo.

Imaj
Kris ap pale konsènan ekriti yo

Li te di pou yo te ekri sa yo te wè ak sa yo te tande tou pou lòt moun ta ka konnen yo.

Imaj
Kris la avèk disip

Jezi te mande disip li yo kisa yo te vle l fè pou yo. Nèf nan yo te vle viv avèk li apre lavi yo sou tè a te fini.

Imaj
Jezi avèk disip yo

Jezi te pwomèt yo ke lè yo te rive laj 72 zan, yo t ap vin jwenn ni nan syèl la.

Imaj
Jezi avèk twa disip yo

Lòt twa disip yo pa t oze mande sa yo te vle a, men Jezi te konnen. Yo te vle rete sou tè a pou yo te ka anseye levanjil la jiskaske Jezi te retounen.

Imaj
Sovè a ak disip yo

Sovè a te pwomèt yo ke yo pa t ap soufri doulè ni tristès epi yo pa t ap mouri. Yo t ap anseye moun levanjil la jiskaske l retounen.

Imaj
Jezi k ap ale

Jezi te touche chak disip yo eksepte twa yo ki te vle rete sou tè a. Epi apresa li te ale.

Imaj
twa disip yo k ap monte nan syèl

Twa disip yo te monte nan syèl la, kote yo te wè ak tande anpil bagay mèvèye. Yo te vin kapab pi byen konprann bagay Bondye yo.

Imaj
twa disip yo

Kò yo te chanje pou yo pa t mouri.

Imaj
disip yo ap batize lòt moun

Twa disip yo te retounen sou tè a epi yo te kòmanse preche ak batize.

Imaj
twa disip yo nan yon twou byen fon

Nefit mechan yo te jete twa disip yo nan prizon ak nan pi byen fon, men pouvwa Bondye te ede yo chape.

Imaj
disip yo y ap pouse nan founo a

Lè yo te pouse yo antre nan founo dife ak andedan twou chaje bèt sovaj, yo te pwoteje pa pouvwa Bondye tou.

Imaj
disip yo ap preche moun yo

Twa disip yo te kontinye preche Nefit yo levanjil Jezikri a. Yo toujou kontinye ap preche levanjil li a.

Enprime