Scripture Stories
Kote pou nou konnen


Kote pou nou konnen

Abondans1

plas kote fanmi Leyi te tabli kan yo apre yo te fin nan dezè a pandan yuit ane. Apati la yo te vwayaje ale nan tè pwomiz la.

Abondans2

Andwa kote Jezikri te vini lè l te vizite Nefit yo

Amerik

tè pwomiz kote Bondye te dirije fanmi Leyi ak Jaredit yo

Amoniya

yon vil moun mechan ki pa t vle tande Alma pi Jèn nan ak Amilèk

Babèl

yon vil kote moun mechan yo te bati yon tou pou yo te ka monte nan syèl la

Betleyèm

yon vil toupre Jerizalèm kote Jezikri te pran nesans

Dlo Mòmon yo

Lye kote Alma te batize Nefit konvèti yo ki te abandone Wa Nowe yo

Jèchon

peyi Nefit yo te bay pèp Amon an

Jerizalèm

vil kote Leyi te pwofetize pou moun mechan yo ak plas kote Jezikri te anseye ak sibi krisifiksyon

Kolin Kimora

Andwa kote Mowoni te antere plak lò yo epi Joseph Smith te dekouvri yo nan apre.

Nefi

vil Nefi ak pèp li a te bati apre yo te fin kite Laman ak Lemyèl ak patizan yo

Sidon

peyi kote Alma pi Jèn nan te tabli Legliz la. Li te vin tounen nouvo fwaye moun jis ki te kite Amoniya yo

tè pwomiz

nenpòt peyi kote Bondye dirije moun li chwazi. Li te dirije fanmi Leyi ak Jaredit yo nan yon tè pwomiz.

Zarayemla

yon gran vil Nefit kote gouvènman ak sant Legliz la te ye. Wa Mozya ak Wa Benjamen te viv la. Vil sa a te boule lè lanmò Jezi.

Enprime