Scripture Stories
Chapit 31: Kapitèn Mowoni defèt Zarayemna


Chapit 31

Kapitèn Mowoni defèt Zarayemana

Imaj
Lamanit k ap pale

Zarayemna, lidè Lamanit yo, te vle pou pèp li a te kontinye rayi Nefit yo epi fè yo tounen esklav.

Imaj
sòlda Nefit

Nefit yo te vle konsève teritwa yo ak fanmi yo an libète. Yo te vle lib lib pou yo te adore Bondye tou.

Imaj
Kapitèn Mowoni

Kapitèn Mowoni sete lidè lame Nefit yo. Lè Lamanit yo te vin batay, Mowoni ak lame lyo t al rankontre yo nan peyi Jèchon an.

Imaj
Kapitèn Mowoni avèk lame a

Kapitèn Mowoni te prepare lame l la avèk zàm, boukliye, pwoteksyon, ak rad epè.

Imaj
lame Lamanit

Lamanit yo te gen yon gwo lame men yo te pè lè yo te wè pwoteksyon Nefit yo—Lamanit yo pa t konn mete anpil rad.

Imaj
Lamanit ki kache nan dezè a

Lame Lamanit la pa t pran chans batay kont lame Kapitèn Mowoni an. Lamanit yo te kouri al nan dezè a epi yo te deside atake yon lòt nan vil Nefit yo.

Imaj
Alma k ap priye

Mowoni te voye espyon pou te siveye Lamanit yo. Li te mande yo tou pou yo te priye pou èd Senyè a. Senyè a te di Alma ki kote Lamanit yo ta pral atake.

Imaj
Mowoni k ap avanse avèk lame l la

Lè Mowoni te resevwa mesaj Alma a, li te kite kèk solda pou siveye Jèchon epi l te mache avèk rès yo pou yo t al rankontre Lamanit yo.

Imaj
Sòlda Mowoni yo k ap kache

Sòlda Kapitèn Mowoni yo te kache sou de bò rivyè Sidon an, ap tann pou yo te pran lame Lamanit la nan pyèj.

Imaj
batay nan rivyè a

Yon batay te kòmanse, epi Lamanit yo te eseye chape nan travèsè rivyè a, men Nefit yo t ap tann yo sou toulède bò yo.

Imaj
Nefit yo ap lanse flèch

Zarayemna ak lame l la te batay pi rèd pase yo te janm fè anvan, epi yo te touye anpil Nefit. Nefit yo te sipliye Senyè pou l te ba yo èd.

Imaj
Nefit yo anfas Lamanit yo

Senyè a te fòtifye lame Nefit la. Lame a te antoure Lamanit yo, epi Mowoni te bay lòd pou batay la kanpe.

Imaj
Mowoni ap pale ak Zarayemna

Mowoni te di Zarayemna ke Nefit yo pa t vle touye Lamanit yo ni fè yo vin esklav yo.

Imaj
Mowoni ap pale

Mowoni te di Lamanit yo pa t ka detwi lafwa Nefit yo nan Jezikri. Li te di yo Bondye t ap kontinye ede Nefit yo batay toutotan yo te rete fidèl.

Imaj
Mowoni bay Zareyemna lòd

Mowoni te bay Zarayemna lòd pou l te depoze zàm li yo. Lamanit yo pa t ap mouri si yo te pwomèt pou yo pa janm retounen konbat Nefit yo ankò.

Imaj
Zarayemna k ap remèt Mowoni zàm yo.

Zarayemna te bay Mowoni zàm li yo men li pa t pwomèt pou l pa t batay. Mowoni te remèt Lamanit yo zàm yo pou yo te ka defann tèt yo.

Imaj
Sòlda Nefit yo kraze epe Zarayemna a

Zarayemna te plonje sou Mowoni pou l touye li, men yon sòlda Nefit te frape l epi yo te kase epe Zarayemna a.

Imaj
sòlda a koupe cheve Zarayemna

Apresa sòlda a te koupe cheve Zarayemna, li te mete l sou pwent epe li, epi l te leve l anlè.

Imaj
cheve Lamanit

Li te di yo ke Lamanit yo t ap tonbe tankou cheve a, amwenske yo te depoze zàm yo epi pwomèt pou yo pa t janm retounen batay ankò.

Imaj
Lamanit yo te depoze zàm yo.

Anpil Lamnit te mete zàm yo nan pye Mowoni epi yo te pwomèt pou yo te sispann batay. Yo te pèmèt yo ale lib.

Imaj
Lamanit k ap batay

Zarayemna te ankòlè epi l te pouse rès sòlda yo al batay. Sòlda Mowoni yo te touye anpil nan yo.

Imaj
Zarayemna k ap sipliye Mowoni

Lè Zarayemna te wè ke limenm ak tout mesye l yo ta pral mouri, li te sipliye Mowoni pou l te epanye yo. Li te pwomèt pou l pa t janm tounen batay kont Nefit yo ankò.

Imaj
Lamanit yo k ap mache ale lwen Nefit yo

Mowoni te kanpe batay la epi l te pran zàm Lamanit yo. Apre yo te pwomèt pou pa t batay ankò, Lamanit yo te ale.

Enprime