Scripture Stories
Chapit 23: Amon: yon gwo sèvitè


Chapit 23

Amon: yon gwo sèvitè

Imaj
pitit gason Mozya yo k ap deplase

Kat pitit gason Mozya yo te kite Zarayemla pou yo t al anseye Lamanit yo levanjil la. Yo chak te ale nan yon vil diferan.

Imaj
Yo te kaptire Amon

Amon te ale nan peyi Izmayèl la. Lè l te antre nan vil la, Lamanit yo te mete l anba kòd epi yo te mennen l devan wa yo a, Lamoni.

Imaj
Lamoni ak Amon

Amon te di Wa Lamoni ke l te vle viv nan mitan Lamanit yo. Lamoni te kontan epi l te fè mesye l yo demare Amon.

Imaj
Amon ap gade twoupo yo

Amon te di li ta p vin youn nan sèvitè wa yo. Wa a te mete l kòm gadyen twoupo l yo.

Imaj
Lamanit yo ap gaye twoupo

Yon jou pandan Amon ak lòt sèvitè yo ta p mennen twoupo yo al bwè dlo, vòlè Lamanit yo te gaye bèt yo epi yo te eseye vòlè yo.

Imaj
sèvitè yo avèk Amon

Sèvitè ki te avèk Amon yo te panike. Wa Lamoni te konn touye lòt sèvitè ki te konn pèdi bèt vòlè sa yo te konn pran yo.

Imaj
Amon

Amon te konnen sa sete chans li pou l te itilize pouvwa Senyè a pou touche kè Lamanit yo. Apresa yo t ap dispoze pou yo te tande mesaj li a.

Imaj
Amon ap pale ak sèvitè yo

Amon te di sèvitè yo ke si yo te rasanble bèt ki te gaye yo, wa a pa t ap touye yo.

Imaj
Amon ap rasanble bèt

Amon ak lòt sèvitè yo te rapidman jwenn bèt yo epi yo te mennen yo retounen nan zòn dlo a.

Imaj
Amon ap pale ak sèvitè yo

Lamanit vòlè yo te retounen. Amon te di lòt sèvitè yo pou yo te siveye twoupo yo pandan li t apral konbat vòlè yo.

Imaj
vòlè

Lamanit vòlè yo pa t pè Amon. Yo te panse yo te ka touye l fasilman.

Imaj
Amon ap touye vòlè

Pouvwa Bondye te avèk Amon. Li te frape epi l te touye kèk nan vòlè yo avèk wòch, sa k te fè rès vòlè yo fache anpil.

Imaj
Amon ap konbat vòlè

Yo te eseye touye Amon avèk baton yo, men chak fwa yon vòlè te leve yon baton pou frape Amon, li te koupe bra vòlè a. Vòlè yo te kraponnen epi yo te kouri ale.

Imaj
sèvitè yo ap pale ak wa a

Sèvitè yo te pote bra k te koupe yo bay Wa Lamoni epi yo te rakonte l sa Amon te fè.

Imaj
Wa Lamoni

Wa a te etone devan gran pouvwa Amon. Li te vle wè Amon men li te pè paske l te panse Amon sete Gran Espri a.

Imaj
wa ap medite

Lè Amon te antre pou vin wè li, Wa Lamoni pa t konnen kisa pou l te di. Li pa t pale pandan inèdtan.

Imaj
Amon ap preche

Sentespri a te ede Amon konnen kisa wa a t ap panse. Amon te eksplike ke li pa t Gran Espri a. Li sete yon moun.

Imaj
Wa Lamoni ap pale avèk Amon

Wa a te ofri pou l te bay Amon tout sa l te vle si l ta di l ki pouvwa l te itilize pou l te venk vòlè yo epi konnen panse wa a.

Imaj
Amon ap pale ak Wa Lamoni

Amon te di ke sèl bagay li te vle pou Wa Lamoni te fè sete kwè sa l ta pral di l yo. Wa a te di l te pare pou l te kwè tout bagay Amon te di li.

Imaj
Amon ap pale ak Wa Lamoni

Amon te mande Wa Lamoni si l te kwè nan Bondye. Wa a te di li kwè nan yon Gran Espri.

Imaj
Amon ap anseye Lamoni

Amon te di ke Gran Espri a se Bondye, ke l te kreye tout bagay nan syèl la ak sou tè a, epi li konnen panse tout moun.

Imaj
Amon ap anseye Lamoni

Amon te di moun te kreye dapre imaj Bondye. Li te di tou ke Bondye te aple l pou l te anseye Lamoni ak pèp li a levanjil la.

Imaj
Amon ap anseye avèk ekriti yo

Pandan l te itilize ekriti yo, Amon te anseye Wa Lamoni konsènan Kreyasyon an, Adan, ak Jezikri.

Imaj
Lamoni ap priye

Wa Lamoni te kwè Amon epi l te priye pou l te jwenn padon pou peche li. Apresa li te tonbe atè epi sanble l te mouri.

Imaj
sèvitè wa a

Sèvitè yo te mennen wa a bay madanm ni epi yo te mete l kouche sou yon kabann. Apre de jou sèvitè yo te panse l te mouri epi yo te deside antere li.

Imaj
rèn nan ap pale ak Amon

Rèn nan pa t kwè ke mari l te mouri. Apre l te enfòme sou gran pouvwa Amon, li te mande l pou l te ede wa a.

Imaj
Amon ap pale ak rèn nan

Amon te konnen Lamoni te anba pouvwa Bondye. Li te di rèn nan ke Lamoni t ap reveye nan jou apre a.

Imaj
Lamoni ap reveye

Li te rete avèk Lamoni pandan tout nuit la. Nan jou apre a Lamoni te reveye epi l te di l ke l te wè Jezikri. Wa a ak rèn nan te ranpli avèk Sentespri a.

Imaj
Lamoni k ap batize

Lamoni te anseye pèp li a konsènan Bondye ak Jezikri. Moun ki te kwè yo te repanti pou peche yo epi yo te batize.

Enprime