Scripture Stories
Chapit 50: Jaredit yo kite Babèl


Chapit 50

Jaredit yo kite Babèl

Imaj
Jarèd ak frè li k ap pale

Jarèd ak frè l la sete gason jis ki te viv nan yon vil ki te rele Babèl. Yo te viv dè santèn ane avan Nefit yo.

Imaj
moun mechan nan Babèl

Pifò nan moun Babèl yo sete mechan. Yo te bati yon tou pou yo te eseye rive nan syèl la. Senyè a te vin fache epi l te chanje lang yo.

Imaj
Jarèd k ap pale avèk frè li

Jarèd te mande frè l la pou l te priye epi mande Senyè a pou l pa t chanje lang fanmi li ak zanmi l yo.

Imaj
frè Jarèd la k ap priye

Frè Jarèd la te priye, epi Senyè a te reponn priyè li. Jarèd, frè l la, ak fanmi yo ak zanmi yo te toujou ka konprann youn lòt.

Imaj
Jarèd ak fanmi ap deplase

Senyè a te di frè Jarèd la pou l te rasanble fanmi l ak zanmi li yo epi kite peyi a. Yo te pran bèt yo ak tout kalite semans avèk yo.

Imaj
Jaredit yo kap vwayaje

Senyè a te di l t ap dirije Jaredit yo al nan yon tè pwomiz.

Imaj
Jaredit yo

Jaredit yo te pran zwazo ak pwason pou mennen avèk yo.

Imaj
abèy

Yo te pran abèy tou.

Imaj
Jaredit k ap vwayaje

Jaredit yo te vwayaje nan dezè a. Senyè a te pale avèk yo nan yon nyaj epi l te di yo ki wout pou yo te fè.

Imaj
Jaredit yo

Senyè a te di ke moun ki viv nan tè pwomiz la dwe sèvi Bondye oubyen y ap detwi.

Imaj
Jaredit yo monte tant yo toupre rivaj la

Lè Jaredit yo te rive bò lanmè a, yo te monte tant yo. Yo te rete bò lanmè a pandan katran.

Enprime