Scripture Stories
Chapit 37: Nefi ak Leyi nan prizon


Chapit 37

Nefi ak Leyi nan prizon

Imaj
Elaman ak pitit gason li

Nefi ak Leyi sete pitit gason Elaman. Elaman te vle yo rete jis tankou Leyi ak Nefi ki te kite Jerizalèm yo.

Imaj
Elaman ap anseye pitit gason yo

Elaman te anseye pitit gason l yo pou yo te kwè nan Jezikri. Yo te aprann ke padon vini atravè lafwa ak repantans.

Imaj
moun k ap batize

Nefi ak Leyi t ale anseye Nefit yo ak Lamanit yo pawòl Bondye a. Dè milye moun te batize.

Imaj
Nefi ak Leyi anba kòd

Lè Nefi ak Leyi te rive nan peyi Nefi a, yon lame Lamanit te jete yo nan prizon epi yo pa t ba yo manje pandan plizyè jou.

Imaj
Nefi ak Leyi nan dife

Lamanit yo te antre nan prizon an pou yo te touye Nefi ak Leyi men yo pa t kapab paske yo te pwoteje pa yon sèk dife ki t ap boule tout moun ki te eseye touche yo.

Imaj
Nefi ak Leyi nan dife

Nefi ak Leyi pa t boule nan dife a. Yo te di Lamanit yo ke sete pouvwa Bondye ki t ap pwoteje yo.

Imaj
miray prizon yo souke

Tè a ak miray prizon yo te kòmanse souke. Yon nyaj sonb te antoure moun yo nan prizon an, epi yo te pè.

Imaj
sòlda yo nan fènwa

Yon vwa ki te soti anwo te pale nan fènwa a. Li te trankil tankou yon chichotman, men tout moun te ka tande li.

Imaj
moun nan fènwa

Vwa a te di moun yo pou yo te repanti epi sispann eseye touye Nefi ak Leyi.

Imaj
solda kouche atè

Vwa a te pale twa fwa, epi tè a ak miray prizon yo te kontinye souke. Lamanit yo pa t ka kouri paske l te twò fènwa epi yo te twò pè.

Imaj
Figi Nefi ak Leyi te klere

Yon Nefit ki sete yon manm Legliz la te wè figi Nefi ak Leyi ki te klere nan mitan fènwa a.

Imaj
Nefi ak Leyi klere

Nefi ak Leyi t ap gade nan direksyon syèl la epi yo t ap pale. Mesye a te di Lamanit yo pou yo te gade. Yo t ap mande ak kimoun Nefi ak Leyi t ap pale.

Imaj
Aminadab k ap pale ak mesye yo

Mesye a, ki te rele Aminadab, te di Lamanit yo ke Nefi ak Leyi t ap pale avè zanj.

Imaj
Aminadab ap pale

Lamanit yo te mande Aminadab kijan pou yo te fè nyaj tenèb la ale. Li te di yo pou yo te repanti epi priye jiskaske yo te gen lafwa nan Jezikri.

Imaj
Lamanit yo ap priye

Lamanit yo te priye jiskaske nyaj tenèb la te disparèt.

Imaj
dife antoure mesye yo

Lè tenèb yo te disparèt, moun yo te wè yon kolòn dife antoure yo nèt. Dife a pa t boule yo ni miray prizon an.

Imaj
Lamanit

Lamanit yo te santi gwo lajwa, epi Lespri Bondye te ranpli kè yo.

Imaj
twa Lamanit

Yon vwa te chichote, ki t ap di yo ke yo ta pral jwenn konsolasyon akoz lafwa yo nan Jezikri.

Imaj
anj

Lamanit yo te leve je yo pou yo te wè ki kote vwa a te soti. Yo te wè zanj ki t ap desann soti nan syèl la.

Imaj
Lamanit k ap pale

Apeprè 300 moun te wè ak tande sa k te pase nan prizon an. Yo te ale epi yo te rakonte lòt moun yo.

Imaj
Lamanit yo ap depoze zàm yo

Pifò nan Lamanit yo te kwè yo epi yo te depoze zàm yo.

Imaj
Lamanit ak Nefit k ap pale

Lamanit yo te sispann rayi Nefit yo epi yo te remèt yo peyi yo te pran yo. Lamanit yo te vin pi jis pase Nefit yo.

Imaj
Lamanit ak Nefit k ap mache

Anpil Lamanit te akonpaye Nefi avèk Leyi epi yo te anseye ni Nefit ni Lamanit .

Enprime