Scripture Stories
Chapit 8: Travèse lanmè a


Chapit 8

Travèse lanmè a

Imaj
fanmi k ap mare pakèt li

Senyè a te di Leyi pou l te anbake fanmi l sou bato yo te konstwi a. Yo te anbake fwi, vyann, ak myèl ak semans pou yo te plante nan tè pwomiz la.

Imaj
bato k ap fè vwal

Gwo van te soufle pou te pouse bato a nan direksyon tè pwomiz la.

Imaj
Laman ak Lemyèl k ap mare Nefi

Laman, Lemyèl, ak kèk lòt moun te kòmanse vin mechan. Lè Nefi te di yo pou yo te sispann, yo te fache epi yo te mare l avèk kòd.

Imaj
bato nan tanpèt

Akoz mechanste yo, Lyawona a te sispann travay. Yo pa t konn nan ki direksyon pou yo te mennen bato a. Yon gwo tanpèt te pouse bato a fè bak pandan twa jou.

Imaj
Leyi ak Sarya

Leyi te di Laman ak Lemyèl pou yo te demare Nefi, men yo pa t vle tande. Leyi ak Sarya te tèlman fache ke yo te vin malad.

Imaj
moun ka p fè diskisyon

Madanm Nefi ak pitit li yo te kriye. Yo te sipliye Laman ak Lemyèl pou yo te demare Nefi, men yo te refize.

Imaj
bato a ki preske koule

Sou katriyèm jou a tanpèt la te vin pi move. Bato a ta pral koule.

Imaj
Laman ak Lemyèl

Laman ak Lemyèl te konnen ke sete Bondye ki te voye tanpèt la. Yo te pè pou yo pa t nwaye.

Imaj
Nefi avèk fanmi l

Finalman Laman ak Lemyèl te repanti epi yo te demare Nefi. Malgre ponyèt li ak jepye l te vin anfle epi fè l mal akoz kòd yo, Nefi pa t plenyen.

Imaj
Nefi ki kenbe Lyawona

Apresa Nefi te pran Lyawona a, epi l te rekòmanse travay. Nefi te priye, epi van yo te sispann. Lanmè a te vin kalme.

Imaj
Nefi k ap mennen bato a

Nefi te dirije bato a, epi l te fè vwal al nan direksyon tè pwomiz la ankò.

Enprime