Scripture Stories
Mo pou nou konnen


Mo pou nou konnen

A

adore

adore oubyen suiv yon moun oswa yon bagay

alyans

yon pwomès ant Bondye avèk yon moun

antre

vin fè pati yon gwoup

arc

yon baton long avèk yon kòd elastik tache nan chak pwent ki sèvi pou lanse flèch

Imaj
arc

arc

armure

yon pwoteksyon sòlda yo pote pou pwoteje tèt yo nan batay

Imaj
armure

armure

avèg

pa kapab wè

B

bafè a

yon senbòl nan rèv Leyi a ki reprezante pawòl Bondye

batèm

yon òdonans kote yon moun ki gen otorite Bondye plonje yon lòt moun totalman anba dlo epi leve l sòti anba dlo a. Batèm se kondisyon pou yon moun vin manm Legliz Jezikri a.

Imaj
batèm

batèm

bati

fè oswa konstwi yon bagay

bato

yon gwo bato ki sèvi pou pote moun oswa materyo

Imaj
bato

bato

beni

pou bay yon moun yon bagay ki ap benefisye gason oswa fi. Beni sentsèn nan se mande Bondye pou l aksepte pen ak dlo a kòm senbòl Jezikri.

bòn nouvèl

mesaj lespwa ak konsolasyon ki soti nan Bondye

boukliye

yon pati nan ekipman ki pwoteje pati anlè kò yon sòlda kont epe oswa lòt zàm

C

chape

sove ale lwen yon moun

D

detwi

konplètman elimine oswa anile yon bagay, tankou yon vil oswa yon vi

dezè

yon gran etandi tè ki pa gen okenn vil ni moun

dirijan

yon moun k ap gide yon gwoup moun

disip

yon moun k ap suiv Jezikri epi k ap eseye vin menmjan avèk li

E

enb

dispoze pou aprann ak chèche volonte Bondye

epe

yon moso metal long ki sèvi pou koupe oswa pèse

Imaj
epe

epe

esklav

moun yo fòse travay pou lòt moun

esklavaj

pa gen libète, oblije travay tout lajounen pou benefis yon lòt moun

etanda libète

yon mesaj kapitèn Mowoni te ekri pou l te ankouraje pèp li a defann libète yo

Imaj
etanda libète a

etanda libète a

F

famin/grangou

yon rate manje akoz lapli pa tonbe epi semans yo pa ka grandi

fidèl

kontinye obeyi kòmandman yo

fistibal

yon zàm ki sèvi pou lanse wòch

Imaj
fistibal

fistibal

flèch

yon zàm ki gen yon pwent file ki sèvi nan lachas oswa nan lagè

Imaj
flèch

flèch

G

geri

fè yon moun malad oubyen blese vin pi byen oswa rekipere

Gran Espri

Non Lamanit yo pou Bondye

I

idòl

yon bagay moun adore ki se pa Bondye

J

jene

rete san manje ni bwè dlo pandan w ap chèche èd espirityèl

jij

yon dirijan ki deside kisa lwa yo vledi oubyen kijan moun ta dwe obsève yo

jis

yon bagay ki soti nan Bondye Moun jis yo se moun ki suiv kòmandman Bondye yo.

K

kapitèn

yon lidè nan yon lame

kòmandman

yon bagay Bondye di pèp li a pou yo fè pou yo ka gen kè bonè

konplote

konsevwa yon move plan kont yon moun

konprann

konnen oubyen sezi yon ide

krisifye

touye yon moun nan kloure l sou yon kwa

kwè

santi oubyen konnen yon bagay ki kòrèk

L

lafwa

kwè nan Jezikri

lagè

yon batay ant enmi oswa lame opoze

lame

yon gwoup sòlda ki prepare pou goumen

lans

yon zam file e pwenti ki sèvi pou ponyade

Imaj
lans

lans

lapè

yon santiman kalmi oswa yon peryòd san lagè

lapide

voye wòch sou yon moun jiskaske l mouri

lavi etènèl

viv avèk Bondye pou tout tan

levanjil

ansèyman Jezikri yo

libète

posiblite pou fè chwa

libète

posiblite pou fè chwa

Lyawona

yon boul an eren Bondye te bay fanmi Leyi pou l te montre yo wout pou yo te suiv nan dezè a. Li te fonksyone sèlman lè fanmi Leyi te jis.

Imaj
Lyawona

Lyawona

M

manm

yon moun ki fè pati yon legliz oswa yon gwoup

mechan

yon bagay ki pa soti nan Bondye Yon moun mechan renmen Satan epi l pa kenbe kòmandman Bondye yo.

mechanste

yon bagay ki mal

mirak

yon evenman oswa okazyon inabityèl ki montre pouvwa Bondye

misyonè

yon moun ki anseye lòt moun levanjil Jezikri a

O

obeyi

fè sa yo mande oubyen sa yo kòmande

òdonans

yon seremoni oswa yon aksyon sakre ki gen yon siyifikasyon espirityèl, tankou batèm oubyen sentsèn

òdone

bay pouvwa ak otorite prètriz la

Imaj
òdone

òdone

otèl

yon anplasman sakre, elve anwo tè oubyen souwòch kote yo ofri priyè oswa sakrifis pou Bondye

Imaj
otèl

otèl

Ourim ak Toumim

enstriman espesyal Bondye bay pwofèt yo pou ede yo tradui ak resevwa revelasyon

P

padone

bliye bagay mal yon moun te fè epi renmen moun nan

peche

kraze yon kòmandman

pèsekite

di mansonj sou yon moun pou eseye blese li

pik

yon zàm ki sèvi pou atake bèt oswa moun

Imaj
pik

pik

pini

lakoz oswa pèmèt bagay mal rive yon moun Moun yo souvan pini lè yo pa obeyi Bondye

plak

fèy metal fen kote moun yo te konn ekri ansèyman Bondye yo ak istwa pèp yo

Imaj
plak

plak

plak eren yo

yon rejis sou kòmandman ak relasyon Bondye yo avèk zansèt Leyi yo

Imaj
plak eren yo

plak eren yo

plak lò yo

yon anal ki ekri sou fèy lò fen. Mowoni te kache yo nan Kolin Kimora a, epi Joseph Smith te dekouvri yo apresa.

Imaj
plak lò yo

plak lò yo

pouvwa

yon fòs pou fè byen oubyen mal, souvan yon èd espesyal oubyen yon fòs espesyal ki soti nan Bondye

Prètriz

otorite pou aji nan non Bondye

priye

pale avèk Bondye, ba l remèsiman epi mande l benediksyon

prizon

yon andwa ki sèvi pou fèmen moun ki komèt yon krim

pwofèt

yon moun Bondye aple pou di pèp Bondye a volonte li

pwofetize

dekri yon evenman avan l rive

pwomès

yon garanti oswa angajman pou fè yon bagay oubyen pou vin yon bagay

pyebwa lavi a

yon pyebwa nan rèv Leyi a ki reprezante lanmou Bondye

R

ranpli avèk Sentespri a

Sentespri a ki yon moun nan lespri l ak nan kè l sa ki verite

rebele

dezobeyi oswa aji kont kòmandman yo

repanti

santi tristès pou yon aksyon oswa yon panse epi pwomèt pou pa repete li

resisite

fè yon moun oswa yon bagay retounen a lavi

rèv

yon istwa ki dewoule nan lespri yon moun pandan l ap dòmi

S

sakrifis

abandone yon bagay presye pou Bondye

scalp

koupe anlè tèt yon moun

sentsèn

yon òdonans kote mesye ki gen prètriz yo beni epi distribye pen ak dlo bay lòt moun yo. Sentsèn nan fè moun yo sonje Jezikri.

sèvitè

moun ki sèvi oubyen ki travay pou yon lòt moun tankou yon wa

sinagòg

yon tip bilding kote moun rasanble pou adore Bondye

sòlda

yon moun ki batay nan yon lame

sou

pèdi kontwòl paske l bwè twòp alkòl

soud

pa kapab tande

syèj-jijman

yon pozisyon nan gouvènman Nefit la ke jij anchèf la te okipe

syèl

plas kote Pè Selès la ak Jezikri ap viv

T

tanp

kay Bondye

Imaj
tanp

tanp

temwayaj

yon santiman oswa konviksyon ke levanjil la vrè

tou

yon bilding oswa platfòm wo moun ka kanpe sou li

Imaj
tou

tou

tradui

chanje mo soti nan yon lang al nan yon lòt

V

vanyan

konnen ak defann sa ki bon

vizyon

yon fòm revelasyon

vòlè

pran yon bagay ki apatni a yon lòt moun

vrè

yon bagay ki te rive reyèlman oswa ki bon oswa kòrèk

W

wa

yon dirijan yon gwoup moun

wòb

yon vètman long, ki flote

Z

zàm

yon bagay ki sèvi pou blese oswa touye lòt moun, tankou yon epe oswa lans

zanj

yon mesaje selès ki soti bò kot Bondye

Enprime