Scripture Stories
Chapit 36: Agòt


Chapit 36

Agòt

Imaj
Nefit yo ap vwayaje

Apeprè 55 ane avan nesans Jezikri, dèmilye Nefit gason, fi, ak timoun te kite Zarayemla epi yo te vwayaje ale nan nò.

Imaj
Agòt ap konstwi gwo bato

Youn ladan yo, yon mesye ki te rele Agòt, te konstwi yon gwo bato epi l te lanse l sou lanmè nan direksyon lwès.

Imaj
Nefit yo ap anbake sou gwo bato

Anpil Nefit te pran manje ak materyèl epi yo te fè vwal ale nan nò nan bato l la.

Imaj
bato sou dlo

Apresa Agòt te konstwi lòt bato ki te pote moun ale nan yon peyi nan nò a. Premye bato a te retounen epi l te ranmase plis moun toujou.

Imaj
de bato sou dlo

Yon lòt bato te pati. Okenn nan bato yo pa t tounen, epi Nefit pa t janm konnen sa k te rive moun sa yo.

Enprime