Scripture Stories
Chapit 35: Kapitèn Mowoni ak Paoran


Chapit 35

Kapitèn Mowoni ak Paoran

Imaj
Mowoni ap li jounal

Kapitèn Mowoni te kontan tande ke Elaman ak lame l la te reprann pifò nan tè Nefit yo nan men Lamanit yo.

Imaj
gèrye ki kanpe sou miray

Men Elaman ak lame l la te bezwen èd. Yo pa t gen ase sòlda pou te defann tout kantite vil sa yo.

Imaj
Kapitèn Mowoni ap ekri

Kapitèn Mowoni te ekri yon lèt voye bay Paworan, jij anchèf ak gouvènè a. Li te mande Paoran pou l te voye plis sòlda pou te ede lame Elaman an.

Imaj
Lamanit k ap atake vil

Lamanit yo te atake yon vil Nefit ke Elaman te reprann. Yo te touye anpil Nefit epi yo te chase rès yo fè yo kite vil la.

Imaj
Mowoni k ap ekri

Ankòlè avèk dirijan gouvènman an paske yo pa t voye èd ba li, Mowoni te ekri Paoran yon lòt lèt.

Imaj
sòlda yo

Kapitèn Mowoni te ekri ke anpil moun te mouri paske Paoran pa t voye plis sòlda.

Imaj
Mowoni k ap ekri

Si Paworan pa t voye moun ak manje rapidman, Mowoni t ap mennen lame l la Zarayemla epi l t ap pran sa lame l la te bezwen.

Imaj
Mowoni resevwa lèt

Anvan lontan Mowoni te resevwa yon lèt Paoran te voye. Li te tris anpil dèske Mowoni ak lame l yo t ap soufri.

Imaj
Paoran k ap ekri lèt

Paoran te di Mowoni ke yon gwoup Nefit mechan ki te rele moun-wa yo pa t vle li kòm jij anchèf. Yo te fòse limenm ak sipòtè l yo kite Zarayemla.

Imaj
lame k ap rasanble andeyò vil la

Paoran te ajoute ke l te rasanble yon lame pou l te eseye reprann kontwòl Zarayemla.

Imaj
wa ak mesye l yo

Moun-wa yo te chwazi yon wa pou te dirije yo epi yo te ini yo avèk Lamanit yo.

Imaj
Paoran k ap ekri lèt

Paoran pa t fache poutèt sa Mowoni te ekri l la. Li te vle pou Nefit yo konsève libète yo tou.

Imaj
Mowoni ap li lèt

Li te mande Mowoni pou l te mennen kèk moun pou te ede l epi l te di di si Mowoni te rasanble plis moun sou wout li, lame konbine yo a t ap ka reprann kontwòl Zarayemla.

Imaj
Mowoni ki kenbe yon lèt

Kapitèn Mowoni te kontan dèske Paoran te toujou rete lwayal anvè peyi li epi l te toujou vle pèp li a gen libète.

Imaj
Mowoni ak sòlda yo

Avèk kèk nan meseye l yo, Mowoni te al rankontre Paoran. Li te pote etanda libète a, epi dèmilye gason te ini avèk yo sou wout la.

Imaj
batay devan miray vil la

Lame konbine Mowoni ak Paoran yo te mache kont Zarayemla. Yo te touye wa Nefit mechan yo epi yo te kaptire patizan l yo.

Imaj
Mowoni ak sòlda

Mowoni te voye manje ak 12.000 sòlda pou ede lame Nefit yo. Lame sa yo te chase Lamanit yo, epi lapè te retounen nan peyi a.

Enprime