Scripture Stories
Chapi 38: Asasina Jij Anchèf La


Chapit 38

Asasina Jij Anchèf La

Imaj
Nefit mechan yo ap pale

Mesye mechan te vin tounen jij sou Nefit yo. Yo te pini moun jis yo men pa moun ki te mechan yo.

Imaj
Nefi

Nefi te tris lè l wè tout kantite mechanste sa a nan mitan moun yo.

Imaj
wout pou antre Zarayemla

Yon jou li tap priye sou yon toudekontwòl nan jaden li. Jaden l la te tou pre wout prensipal ki te mennen nan mache nan Zarayemla a.

Imaj
Nefi ap priye

Moun ki t ap pase sou wout prensipal la te tande Nefi k ap priye. Yon gwo foul moun te rasanble, ap mande poukisa li te tris konsa.

Imaj
Nefi ap pale ak moun yo

Lè Nefi te wè moun yo, li te di yo li te tris akoz mechanste yo. Li te di yo pou yo te repanti.

Imaj
Nefit yo ka p koute Nefi

Li te avèti yo ke si yo pa t repanti, lènmi yo tap pran kay yo ak vil yo epi Senyè a pa t ap dispoze pou konbat lènmi yo.

Imaj
Nefi k ap pale

Nefi te di Nefit yo te pi mechan pase Lamanit yo paske Nefit yo te jwenn ansèyman sou kòmandman yo men yo pat obeyi yo.

Imaj
Nefi k ap pale

Li te di ke si Nefit yo pa t repanti, yo t ap detwi.

Imaj
moun ankòlè

Kèk nan jij mechan yo te la. Yo te vle moun yo pini Nefi paske l ta p pale kont yo ak lwa yo.

Imaj
moun k ap diskite

Kèk nan moun yo te dakò avèk jij mechan yo. Lòt te kwè Nefi; yo te konnen li sete yon pwofèt epi l te pale laverite.

Imaj
Nefi k ap pale

Nefi te di moun yo ke yo te rebele kont Bondye epi yo ta pral sibi pinisyon talè konsa si yo pa t repanti.

Imaj
Nefi ka p lonje dwèt

Nefi te di moun yo pou yo t al chèche jij anchèf la. Yo ta pral jwenn ni ap benyen nan san li, apre frè l ki te vle pozisyon an te asasine l.

Imaj
mesye yo ka p kouri

Senk mesye te soti soti nan foul la epi yo te kouri al wè jij anchèf la. Yo pa te kwè ke Nefi sete yon pwofèt Bondye.

Imaj
Jif anchèf la mouri

Lè yo te wè Zèzwom, jij anchèf la, benyen nan san li, yo te tonbe atè avèk lakrent. Kounyeya yo te konnen ke Nefi sete yon pwofèt.

Imaj
mesye yo ka p lonje dwèt

Sèvitè Zizwom yo te deja jwenn jij anchèf la mouri epi yo te kouri al anonse pèp la. Yo te retounen epi yo te wè senk mesye ki te kouche la.

Imaj
mesye ki ankòlè

Pèp la te ke sete senk mesye yo ki te asasinen Zèzwom.

Imaj
mesye k ap pale

Yo te mete senk mesye yo nan prizon epi apresa yo te pibliye nouvèl la nan tout vil la pou di moun te touye jij anchèf la epi asasen yo te nan prizon.

Imaj
mesye yo ka p pale

Nan jou apre a, pèp la te ale kote jij anchèf la ta pral antere a. Jij yo ki te nan jaden Nefi a te mande ki kote senk mesye yo te ye.

Imaj
jij ka p pale

Jij yo te mande pou yo te wè asasen yo te akize yo.

Imaj
mesye yo devan jij yo

Moun yo te akize kòm asasen yo sete senk mesye yo ki te kouri soti nan jaden Nefi a pou yo t al kote jij anchèf la.

Imaj
mesye yo devan jij anchèf la

Senk mesye yo te di yo te jwenn jij anchèf la ap benyen nan san, egzakteman jan Nefi te di a. Apresa jij yo te akize Nefi ke l te voye yon moun pou asasinen Zèzwòm.

Imaj
senk mesye anba kòd

Konesan ke Nefi sete yon pwofèt, senk mesye yo te diskite avèk jij yo, menm yo pa t vle tande. Yo te mare Nefi anba kòd.

Imaj
jij ka p pale ak Nefi

Jij yo te ofri Nefi lajan ak lavi li pou l te ka aksepte di ke l te fè konplo pou touye jij anchèf la.

Imaj
Nefi anba kòd

Nefi te di jij yo pou yo te repanti pou mechanste yo. Apresa li te di yo pou yo t al kot Seantòm, frè Zizwòm.

Imaj
jij yo ap pale ak Seantòm

Nefi te di yo pou yo t al mande Seantòm si limenm ak Nefi te fè konplo pou yo te asasinen Zèzwòm. Nefi te di yo ke Seantòm ta p di ”non.”

Imaj
mesye yo kenbe rad Seantòm

Apresa jij yo te dwe mande Seantòm si li te touye frè l la. Seantòm t ap di ”non” ankò, men jij yo t ap wè san sou rad li.

Imaj
Seantòm

Nefi te di Seantòm t ap tranble epi l t ap pal apresa epi l t ap finalman konfese ke l te touye frè l la.

Imaj
Yo arete Seantòm

Jij yo te ale lakay Seantòm, epi tout bagay te pase jan Nefi te di yo sa t ap pase a. Nefi ak senk mesye yo te jwenn liberasyon yo.

Imaj
Nefi

Pandan moun yo ta prale kite Nefi, kèk te di li sete yon pwofèt; lòt te di li sete bondye. Nefi t al lakay li, toujou tris pou mechanste moun yo.

Enprime