Istwa nan Ekriti yo
Chapit 2: Leyi avèti moun yo


Chapit 2

Leyi avèti moun yo

Imaj
pwofèt k ap anseye

Pifò nan moun ki t ap viv nan Jerizalèm yo, 600 zan avan nesans Kris la, te mechan. Bondye te voye pwofèt pou te di yo pou yo te repanti, men yo pa t vle tande.

Imaj
Leyi ak kolòn dife a

Leyi sete yon pwofèt. Li te priye pou pèp li a te repanti. Pandan l t ap priye, yon kolòn dife te parèt devan l. Bondye te pale avèk Leyi epi l te montre l anpil bagay.

Imaj
Leyi fèn yon vizyon

Leyi te retounen lakay li epi l te fèyon vizyon. Li te wè Bondye antoure avèk anpil zanj. Zanj yo t ap chante ak bay Bondye louwanj.

Imaj
Vizyon Leyi a

Nan vizyon l la, Leyi te resevwa yon liv ki te rakonte sa k ta pral pase nan lefiti. Li te li ke Jerizalèm ta pral detwi akoz de mechanste pèp la.

Imaj
Leyi ap pale avèk moun yo

Leyi te di moun yo ke Jerizalèm te gen pou l detwi. Li te pale yo de vini Jezi a tou. Moun yo te fache epi yo te eseye touye Leyi, men Senyè a te pwoteje li.

Enprime