Scripture Stories
Chapit 41: Siy sou nesans Kris la


Chapit 41

Siy sou nesans Kris la

Imaj
Nefi bay pitit gason li anal yo

Nefi, pitit gason Elaman an, te bay Nefi, pi gran pitit gason l lan anal sakre yo ak ekriti yo.

Imaj
moun k ap pale

Nefit yo te wè gwo siy ak mirak ke pwofèt yo te di ki t ap rive avan nesans Jezikri yo.

Imaj
gason ka p souri

Men kèk Nefit te di ke tan nesans Jezi a te deja pase. Yo te pase moun ki te toujou kwè pwofesi Samyèl Lamanit yo nan betiz.

Imaj
gason ka p koute gason ki aje

Moun ki te kwè nan Jezikri ak nan pwofèt yo te tris lè yo t ap panse ke yon bagay ta ka anpeche pwofesi yo akonpli.

Imaj
fanmi ap gade anlè

Moun yo te fidèlman ap tann yon nuit san fènwa, ki sete siy ke Jezikri t ap fèt la.

Imaj
moun ka p konplote

Moun ki pa t kwè nan Jezikri yo te chwazi yon jou pou yo te touye kwayan yo si siy nan pat rive.

Imaj
Nefi

Nefi te tris poutèt mechanste moun sa yo ki pa t kwè nan Sovè a.

Imaj
Nefi ap priye

Nefi te priye tout jounen pou moun yo ki ta pral pèdi lavi yo.

Imaj
Nefi

Senyè a te rekonfòte Nefi epi l te di l ke pa t ap gen fènwa nan nuit sa a. Jezi t ap pran nesans nan demen nan Betleyèm.

Imaj
fanmi k ap gade kouche solèy

Nuit sa a, solèy la te desann, men li pa t fè nwa. Siy nesans Jezikri a te rive. Moun yo te etone.

Imaj
moun mechan atè

Moun ki te planifye pou yo te touye kwayan yo te tonbe atè epi se kòmsi yo te mouri.

Imaj
de moun

Yo te pè paske yo te konn fè mechanste. Kounyea yo te konnen ke Sovè a te pran nesans epi pwofèt yo te gen rezon.

Imaj
gèrye yo nan chantye

Li te fè klè pandan tout nuit la. Lè solèy la te leve nan demen, moun yo te konnen ke Jezikri te pran nesans jou sa a. Pwofesi yo te akonpli.

Imaj
moun k ap gade nouvo zetwal la

Yon nouvo zetwal te parèt nan syèl la, jan pwofèt yo te di sa t ap fèt la.

Imaj
fi ak gason k ap gade anlè

Satan te toujou ap eseye fè moun pa t kwè siy yo te wè yo, men pifò nan yo te kwè.

Imaj
Nefi ap batize gason

Nefi ak lòt dirijan Legliz yo te batize tout moun ki te kwè epi k te repanti yo.

Imaj
moun nan vil

Te gen bòn nouvèl nan peyi a paske pawòl pwofèt yo te akonpli. Jezikri te fèt.

Enprime