Scripture Stories
Chapit 48: Lapè nan Amerik la


Chapit 48

Lapè nan Amerik la

Imaj
disip k ap anseye

Apre Jezi te retounen nan syèl la, disip li yo te tabli Legliz li a nan tout peyi a.

Imaj
gason k ap batize

Moun ki te repanti pou peche yo te batize epi yo te resevwa Sentespri a.

Imaj
moun ki kontan

Anvan lontan, tout Nefit ak Lamanit yo te vin konvèti. Yo pa t fè dispit ankò epi tout moun te onèt.

Imaj
moun ki chita

Pa t gen rich ni pòv. Moun yo te pataje tout bagay, epi tout te gen sa yo te bezwen.

Imaj
gason ka p resevwa benediksyon

Disip yo te akonpli anpil mirak nan non Jezikri. Yo te geri malad epi yo te fè moun mouri rejwenn lavi.

Imaj
moun k ap konstwi

Moun yo te konstwi nouvo vil kote lòt yo te detwi yo.

Imaj
gason k ap pale

Yo te obeyi kòmandman Bondye yo. Yo te jene ak priye epi reyini ansanm souvan pou yo te tande pawòl Bondye a.

Imaj
tigason ka p jwe

Moun yo te gen kè kontan.

Imaj
gason k ap pale

Pa t gen okenn vòlè, ni mantè, ni asasen. Moun yo pa t divize an Nefit ak Lamanit ankò men yo tout sete pitit Bondye.

Imaj
papa ak pitit gason

Senyè a te beni moun yo nan tout sa yo te antreprann.

Imaj
moun k ap travay nan jaden

Yo te viv nan lapè pandan 200 zan. Moun yo te vin rich anpil.

Enprime