Scripture Stories
Chapit 7: Konstwi bato a


Chapit 7

Konstwi bato a

Imaj
Nefi

Apre fanmi Leyi te fin tabli kan yo bò lanmè a pandan plizyè jou, Senyè a te pale avèk Nefi. Li te di l pou l te konstwi yon bato pou l te ka mennen fanmi l nan tè pwomiz la.

Imaj
Nefi ap prepare zouti

Nefi pa t konn kijan pou l te fè yon bato, men Senyè a te di li t ap montre li. Li te di Nefi kikote pou l te jwenn metal pou l te fè zouti l t ap bezwen yo.

Imaj
Laman ak Lemyè avèk Nefi

Laman ak Lemyèl te pase Nefi nan betiz paske l te vle konstwi yon bato. Yo pa t kwè ke Senyè a te montre Nefi kijan pou l te fè sa. Yo te refize ede l.

Imaj
Nefi ap pale ak Laman ak Lemyèl

Nefi te di Laman ak Lemyèl pou yo te repanti epi pa fè rebèl. Li te raple yo ke yo te wè yon zanj. Li te di yo tou ke Bondye gen pouvwa pou l fè tout bagay.

Imaj
Laman ak Lemyèl vle voye Nefi jete nan lanmè

Laman ak Lemyèl te fache kont Nefi epi yo te vle voye l jete nan lanmè a.

Imaj
Nefi avèk Laman ak Lemyèl

Lè yo te pwoche kot Nefi, li te kòmande yo pou yo pa t touche li paske l te ranpli avèk pouvwa Bondye. Laman ak Lemyèl te pè pandan plizyè jou.

Imaj
Laman ak Lemyèl tonbe sou do

Apresa Senyè a te di Nefi pou l te touche Laman ak Lemyèl. Lè Nefi te fè sa, Senyè a te souke yo. Laman ak Lemyèl te konnen pouvwa Bondye te avèk Nefi.

Imaj
Nefi

Nefi te di Laman ak Lemyèl pou yo obeyi paran yo ak obeyi Bondye. Li te di si yo te fè sa, yo t ap beni.

Imaj
Laman ak Lemyèl ap konstwi bato

Laman ak Lemyèl te repanti epi yo te ede Nefi konstwi bato a.

Imaj
Nefi ap priye

Nefi t ale sou montay la plizyè fwa pou l te priye pou èd. Senyè a te anseye l kijan pou l te konstwi bato a.

Imaj
bato a fini

Lè Nefi ak frè l yo te fin konstwi bato a, yo te konnen li te yon bon bato. Yo te remèsye Bondye paske l te ede yo.

Enprime