Scripture Stories
Chapit 22: Misyon Alma nan Amoniya


Chapit 22

Misyon Alma nan Amoniya

Imaj
Alma ak Nefiya

Alma te fè sousi pou mechanste Nefit yo, konsa, li te deside pase tout tan l ap preche levanjil la. Li te chwazi Nefiya pou ranplase l kom jij anchèf.

Imaj
Alma chita atè

Alma te anseye levanjil la nan tout peyi a. Lè li te eseye preche nan Amoniya, moun yo pat vle tande. Yo te pouse do l soti nan vil la.

Imaj
Alma

Alma te tris dèske pèp Amoniya a te si mechan. Li te kite yo pou l t al nan yon lòt vil.

Imaj
zanj ap pale ak Alma

Yon zanj te parèt devan Alma epi l te konsole li. Zanj lan te di l pou l te retounen nan Amoniya epi preche ankò. Alma te kouri retounen.

Imaj
Alma ka p mande yon mesye manje

Alma te grangou. Lè l te antre nan vil la, li te mande yon mesye yon ti manje. Yon zanj te di mesye a ke Alma t ap vini epi Alma sete yon pwofèt Bondye.

Imaj
Amilèk nouri Alma

Mesye sa a, Amilèk, te mennen Alma lakay li epi l te nouri li. Alma te rete avèk Amilèk ak fanmi li pandan anpil jou. Li te remèsye Bondye pou fanmi Amilèk epi l te beni yo.

Imaj
Alma ak Amilèk ap pale

Alma te pale avèk Amilèk de apèl li pou anseye moun Amoniya yo. Amilèk te ale avèk Alma pou preche moun yo. Sentespri a te ede yo.

Imaj
Alma k ap preche

Alma te di moun yo pou yo te repanti, san sa, Bondye t ap detwi yo. Li te di Jezikri ta pral vini epi li t ap sove moun ki te gen lafwa nan li epi ki repanti.

Imaj
moun ki fache kont Alma

Moun Amoniya yo te vin fache. Yo te eseye mete Alma nan prizon, men Senyè a te pwoteje li.

Imaj
Amilèk ak Alma ap anseye

Apresa Amilèk te kòmanse preche. Anpil moun te kwè Amilèk; li pa t yon etranje tankou Alma. Li te pale yo de zanj li te wè a.

Imaj
Amilèk ak Alma

Amilèk te di Alma sete yon pwofèt Bondye epi l te pale verite. Moun yo te etone pou tande temwayaj Amilèk.

Imaj
Zizwòm avèk Amilèk ak Alma

Kèk nan moun yo te vin fache, espesyalman yon mesye mechan ki te rele Zizwòm. Yo te eseye pyeje Amilèk avèk kesyon, men li te di yo li te konnen plan yo te genyen an.

Imaj
Zizwòm ap pale ak Alma

Zizwòm te vle detwi tout bagay ki te bon. Li te konn kreye pwoblèm, epi apresa moun yo te oblije peye l pou l te ka rezoud pwoblèm li te kreye yo.

Imaj
Zizwòm avèk Amilèk ak Alma

Zizwòm pat kapab pyeje Amilèk, konsa li te ofri l lajan pou l te di pa gen Bondye. Amilèk te konnen Bondye vivan epi l te di Zizwòm te konn sa tou men, li te pi renmen lajan pase Bondye.

Imaj
Zizwòm ak lòt moun yo

Apresa Amilèk te anseye Zizwòm konsènan Jezi epi konsènan Rezireksyon an ak lavi etènèl. Moun yo te etone. Zizwòm te kòmanse tranble anba lakrent.

Imaj
Alma ap anseye Zizwòm

Zizwòm te konnen Alma ak Amilèk te gen pouvwa Bondye paske yo te konn sa k te nan panse li. Zizwòm te poze kesyon epi l te koute pandan Alma t ap anseye l levanjil la.

Imaj
yon fanmi k ap li ekriti yo

Kèk moun te kwè Alma ak Amilèk epi yo te kòmanse repanti ak etidye ekriti yo.

Imaj
Alma ak Amilèk anba kòd

Men pifò nan moun yo te vle touye Alma ak Amilèk Yo te mare de mesye yo epi yo te mennen yo devan jij anchèf la.

Imaj
Zizwòm ap defann Alma ak Amilèk

Zizwòm te regrèt ke l te konn fè mechanste epi l te konn anseye moun yo pou te bay manti. Li te sipliye moun yo pou yo te libere Alma ak Amilèk.

Imaj
y ap pouse do kwayan yo

Yo te chase Zizwòm ak lòt moun ki te kwè nan ansèyman Alma ak Amilèk yo mete deyò. Moun mechan yo te voye wòch sou yo.

Imaj
gason k ap boule fi ak ekriti yo

Apresa moun mechan yo te rasanble fi yo ak timoun ki te kwè yo epi yo te jete yo, ansanm ak ekriti yo, nan dife.

Imaj
Alma ak Amilèk ap gade dife a

Yo te fòse Alma ak Amilèk gade fi yo ak timoun yo ki t ap boule nan dife a. Amilèk te vle itilize pouvwa Bondye pou sove yo.

Imaj
Alma ap pale ak Amilèk

Men Alma te di Amilèk ke li pa t ap anpeche yo touye yo paske moun k ap mouri yo ta pral jwenn Bondye lamenm epi moun mechan yo ta pral resevwa pinisyon yo.

Imaj
Y ap souflete Alma

Jij anchèf la te souflete Alma ak Amilèk plizyè fwa epi l te pase yo nan betiz paske yo pa t sove fi yo ak timoun ki tap boule yo. Apresa li te jete yo nan prizon.

Imaj
Alma ak Amilèk nan prizon

Lòt mesye mechan yo te vin nan prizon an epi yo te maltrete Alma ak Amilèk nan plizyè fason, yo pa t ba yo manje yo te krache sou yo.

Imaj
jij anchèf la avèk Alma ak Amilèk

Jij anchèf la te di si Alma ak Amilèk te itilize pouvwa Bondye pou libere tèt yo, li t ap kwè. Li te souflete yo ankò.

Imaj
Alma ak Amilèk ap priye

Alma ak Amilèk te kanpe. Alma te priye epi l te mande Bondye pou l te ba yo fòs poutèt lafwa yo nan Kris la.

Imaj
Alma ak Amilèk kase kòd yo.

Pouvwa Bondye te ranpli Alma ak Amilèk, epi yo te kase kòd yo ki te mare yo a. Mesye mechan yo te pè epi yo te eseye kouri men yo te tonbe.

Imaj
miray prizon yo tonbe

Tè a te tranble, epi miray prizon yo te tonbe sou mesye mechan yo. Senyè a te pwoteje Alma ak Amilèk, epi yo pa t blese.

Imaj
Alma ak Amilèk k ap mache soti kite prizon kraze a

Moun nan Amoniya yo te kouri vin wè sa k t ap pase. Lè yo te wè Alma ak Amilèk ap mache soti nan prizon kraze a, yo te vin pè epi yo te pete kouri.

Imaj
Alma ak Amilèk

Senyè a te di Alma ak Amilèk pou yo t ale Sidon. La, yo te jwenn moun jis yo. Zizwòm te la tou epi l te malad anpil.

Imaj
Alma ap beni Zizwòm

Zizwòm te kontan wè Alma ak Amilèk. Li te pè pou yo pa t mouri akoz sa l te fè a. Li te mande yo pou yo geri li.

Imaj
Zizwòm

Zizwòm te kwè nan Jezikri epi l te repanti pou peche l yo. Lè Alma te priye pou li, Zizwòm te geri imedyatman.

Imaj
Zizwòm k ap batize

Zizwòm te batize epi l te kòmanse preche levanjil la. Anpil lòt moun te batize.

Imaj
moun mouri ki nan lari

Yon lame Lamanit te touye tout moun mechan yo nan Amoniya, jan Alma te pwofetize a.

Enprime