Istwa nan Ekriti yo
Chapi 6: Rèv Leyi a


Chapit 6

Rèv Leyi a

Imaj
Leyi avèk fanmi

Leyi te pale fanmi li konsènan yon vizyon enpòtan li te resevwa nan yon rèv. Rèv Leyi a te fè l kontan pou Nefi ak Sam men tris pou Laman ak Lemyèl.

Imaj
Leyi ak zanj

Nan rèv li a Leyi te wè yon mesye abiye ak yon wòb blan ki te di Leyi pou l te suiv li. Leyi te suiv mesye a rantre nan yon dezè sonb ak fènwa.

Imaj
Leyi ap priye

Apre l te fin vwayaje nan fènwa a pandan plizyè èdtan, Leyi te priye pou l te mande èd.

Imaj
pyebwa lavi a

Apresa li te wè yon pyebwa ki te gen fwi blan. Fwi dous sa a te fè moun ki manje l yo kontan.

Imaj
Leyi ap manje fwi

Leyi te manje fwi a, epi l te ranpli ak lajwa. Li te vle fanmi l goute fwi a paske l te konnen li t ap fè yo kontan tou.

Imaj
Sarya, Sam, ak Nefi ap mache vin jwenn Leyi

Leyi te wè yon rivyè ki t ap koule toupre pyebwa a. Epi nan sous rivyè a li te wè Sarya, Sam, ak Nefi.

Imaj
fanmi k ap mache al nan direksyon pyebwa

Leyi te rele madanm ni ak pititi gason l yo pou yo te vin goute fwi a. Sarya, Sam, ak Nefi te avanse epi yo te goute fwi a, men Laman ak Lemyèl pa t vini.

Imaj
bafè ki mennen nan pyebwa

Leyi te wè yon bafè ak yon wout dwat ak kwense ki mennen nan pyebwa a.

Imaj
moun ki kenbe bafè a

Li te wè anpil moun ki t ap mache sou chemen an oswa ki t ap vin ladan. Akoz yon bwouya tenèb, kèk moun te kite wout la epi yo te pèdi.

Imaj
moun ki kenbe bafè

Gen lòt moun ki te kenbe bafè a fèm epi yo te kapab travèse tenèb la rive nan pyebwa a. Yo te goute fwi a.

Imaj
moun k ap manje fwi

Moun nan yon gwo kay byenlaj sou lòtbò rivyè a t ap pase moun ki te manje fwi yo nan betiz. Kèk nan moun ki te manje fwi a te vin wont epi yo te soti kot pyebwa a.

Imaj
gwo kay byenlaj

Leyi te wè anpil moun nan rèv li a. Kèk te kenbe bafè a fèm epi yo te travèse tenèb la ale nan pyebwa a. Yo te goute fwi a. Gen lòt ki te ale nan gwo kay byenlaj la oubyen ki te nwaye nan rivyè oubyen pèdi. Laman ak Lemyèl pa t vle manje fwi a. Leyi te enkyè pou yo epi l te eseye ede yo obeyi kòmandman Bondye yo.

Enprime