Scripture Stories
Chapit 26: Pèp Amon an


Chapit 26

Pèp Amon an

Imaj
Mozya ap anseye Lamanit yo

Pitit gason Mozya yo te anseye Lamanit yo levanjl la. Dèmilye Lamanit te repanti epi yo te rantre nan Legliz la.

Imaj
Anti-Nefi-Leyi yo

Lamanit sa yo ki te rantre nan Legliz la te rele tèt yo Anti-Nefi-Leyi, oswa pèp Amon an. Yo te bon moun ki te travay di.

Imaj
Lamanit k ap prepare pou batay

Lamanit ki pa t repanti yo te fache kont pèp Amon an epi yo te prepare pou t al goumen avèk yo.

Imaj
Pèp Amon an

Pèp Amon an te konnen ke Lamanit mechan yo t ap vini pou touye yo men yo te deside pou yo pa t goumen kont yo. Yo te repanti pou asasina yo te konn komèt yo.

Imaj
moun ka p antere zàm yo

Yo te antere zàm yo fon anba tè a epi yo te pwomèt Bondye pou yo pa t janm touye moun ankò.

Imaj
Lamanit yo ap vini epi moun yo ap priye

Lè Lamanit mechan yo te vini epi yo te kòmanse touye yo, yo te bese tèt yo atè epi yo te priye.

Imaj
Lamanit yo antoure pèp Amon an

Lè yo te wè pèp Amon an pa t riposte, anpil nan Lamanit mechan yo te sispann touye yo.

Imaj
Lamanit yo ap depoze zàm yo

Lamanit yo te regrèt ke yo te touye yo. Yo te voye zàm yo jete epi yo te ini yo ak pèp Amon an. Yo pa t sou batay ditou ankò.

Imaj
Lamanit kap touye pèp Amon an

Plis Lamanit te vini pou touye pèp Amon an. Yo te toujou pa goumen kont yo, epi anpil te mouri.

Imaj
Amon ap priye

Paske li pa t vle pèp li te renmen an detwi, Amon te priye pou l te jwenn èd. Senyè a te di l pou l te pran pèp li a epi kite peyi a.

Imaj
pèp Amon an ak Nefit nan Zarayemla yo

Nefit nan Zarayemla yo te bay Amon ak pèp li a peyi Jèchon an epi yo te pwoteje yo. Yo te vin zanmi.

Enprime