Scripture Stories
Chapit 1: Kijan nou te jwenn Liv Mòmon an


Chapit 1

Kijan nou te jwenn Liv Mòmon an

Imaj
Joseph k ap gade yon legliz

Lè Joseph Smith te gen 14 zan, anpil legliz te pretann ke yo te gen laverite, epi li pa t konnen nan kiyès pou l te rantre.

Imaj
Joseph ap li Labib

Yon jou Joseph te li Jak 1:5 nan Bib la: “Si nenpòt moun manke bon konprann, se pou l mande Bondye.” Joseph te bezwen konnen ki legliz ki te vrè a, konsa li te deside pou l te mande Bondye.

Imaj
Joseph nan boskè a

Yon jou maten sezon prentan, Joseph te ale nan yon boskè toupre lakay li pou l te priye.

Imaj
Joseph k ap priye

Pandan li te mete l ajenou epi l te kòmanse priye, Satan te eseye bloke li. Joseph te priye pi rèd, kote l te mande Pè Selès la pou ede li.

Imaj
Pè Selès la ak Jezi

Pè Selès la avèk Jezikri te parèt devan Joseph nan yon kolòn limyè. Pè Selès la te lonje dwèt li sou Jezi epi l te di: “Sa se Pitit Gason Byenneme m nan. Koute l!”

Imaj
Jezi

Joseph te mande nan ki legliz pou l te rantre. Jezi te di li pou l pa t rantre nan okenn nan yo paske yo tout te nan erè.

Imaj
moun k ap pase Joseph nan betiz

Lè Joseph te rakonte kèk moun kisa l te wè ak sa l te tande, yo te ri li. Dirijan nan anpil legliz nan lokalite a te pèsekite li.

Imaj
Joseph k ap priye

Twazan te pase. Yon jouswa, Joseph t ap priye pou l jwenn padon pou peche li epi pou l te konn kisa pou l te fè.

Imaj
Mowoni ki parèt devan Joseph

Yon zanj ki rele Mowoni te parèt epi l te pale Joseph de yon liv ki te ekri sou plak lò. Joseph te gen pou l te tradui plak sa yo an Anglè.

Imaj
Joseph nan kabann ni

Lè Mowoni te fin ale, Joseph te reflechi sou sa Mowoni te di l yo. Mowoni te retounen de lòt fwa nan nuit sa a.

Imaj
Joseph k ap soulve yon wòch

Nan demen, Joseph te ale sou tèt Kolin Kimora a, ke l te wè nan yon vizyon. La li te jwenn yon gwo wòch. Li te soulve wòch la avèk yon bout bwa.

Imaj
Joseph k ap gade plak lò yo.

Anba wòch la te gen yon bwat anwòch. Lè Joseph te gade andedan bwat la, li te wè plak lò yo.

Imaj
Mowoni ki parèt devan Joseph

Mowoni te parèt epi l te di Joseph pou l pa t pran plak yo men pou l te retounen nan menm jou a chak ane pandan katran. Chak fwa Joseph t ale, Mowoni te anseye li.

Imaj
Mowoni ki parèt devan Joseph

Apre katran, Joseph te finalman jwenn otorizasyon pou l te pran plak lò yo. Li te itilize Ourim ak Toumim nan pou l te tradui kèk nan yo.

Imaj
Jospeh avèk sekretè li

Te gen sekretè ki te ede Joseph nan ekri pawòl yo pandan l t ap tradui yo apati plak lò yo.

Imaj
Joseph nan enprimri

Joseph te pote pawòl li te tradui yo nan yon enprimri epi l te fè yon enprime yo vin fè yon liv.

Istwa Legliz la 1:71.

Imaj
Liv Mòmon

Liv la rele Liv Mòmon an. Li pale de moun ki t ap viv nan Amerik la sa gen dèzane. Li pale de Jezikri, Pitit Gason Bondye a tou.

Enprime