Scripture Stories
Chapit 12: Wa Benjamen


Chapit 12

Wa Benjamen

Imaj
Wa Benjamen ap anseye

Wa Benjamen sete yon wa Nefit jis. Avèk èd lòt gason jis, li te etabli lapè nan peyi a.

Imaj
Wa Benjamen avèk Mozya

Wa Benjamen te vin granmoun epi l te vle pale avèk pèp li a. Li te bezwen di yo ke pitit gason li, Mozya, ta pral vin pwochen wa a.

Imaj
moun k ap rasanble bò tanp la

Moun te soti tout kote nan peyi a epi yo te rasanble tou pre tanp lan. Yo te enstale tant yo yon fason pou pòt yo te anfas tanp lan.

Imaj
Wa Benjamen ap pale

Wa Benjamen te kanpe sou yon yon toudegad pou Nefit yo te ka tande li.

Imaj
Nefit

Li te di pèp li a ke l te travay anpil pou l te sèvi yo. Li te di yo ke fason pou yo sèvi Bondye se nan sèvi youn lòt.

Imaj
Wa Benjamen

Wa Benjamen te di pèp la pou yo obeyi kòmandman Bondye yo. Moun ki te kenbe kòmandman yo fidèlman t ap gen bonè epi yon jou yo va viv avèk Bondye.

Imaj
Jezi tibebe ak Mari

Wa Benjamen te di Jezikri ta pral pran nesans sou tè a anvan lontan. Manman l t ap rele Mari.

Imaj
Jezi k akonpli mirak

Jezi ta pral akonpli mirak. Li ta pral geri malad epi fè rmò retounen gen lavi. Li ta pral fè avèg wè ak moun soud tande.

Imaj
Jezi k ap priye

Jezi ta pral soufri epi mouri pou peche tout moun. Moun ki repanti epi gen lafwa nan Jezi yo ap jwenn padon pou peche yo.

Imaj
Jezi y ap krisifye

Wa Benjamen te di Nefit yo ke moun mechan ta pral fwete Jezi. Apresa yo t ap krisifye li.

Imaj
Jezi resisite

Apre twa jou Jezi t ap resisite.

Imaj
Nefit ki repanti

Lè Wa Benjamen te fin pale, Nefit yo te tonbe atè. Yo te regrèt paske yo te peche epi yo te vle repanti.

Imaj
Moun k ap priye

Moun yo te gen lafwa nan Jezikri, epi yo te priye pou yo te jwenn padon.

Imaj
Nefit k ap souri

Sentespri a te ranpli kè yo. Yo te konnen ke Bondye te padone yo epi ke l te renmen yo. Yo te santi lapè ak lajwa.

Imaj
Wa Benjamen ap pale ak moun yo

Wa Benjamen te di pèp la pou yo kwè nan Bondye. Li te vle pou yo konnen ke Bondye te kreye tout bagay epi ke li saj ak puisan.

Imaj
fanmi k ap priye

Wa Benjamen te di pèp la pou yo gen imilite epi priye chak jou. Li te vle pèp li a toujou sonje Bondye epi rete fidèl.

Imaj
Wa Benjamen ap pale

Li te di paran yo pou yo pa t kite pitit yo goumen ni fè dispit.

Imaj
paran k ap anseye timoun

Li te di yo pou yo te anseye timoun yo pou yo rete obeyisan epi pou youn renmen ak sèvi lòt.

Imaj
Nefit k ap koute Wa Benjamen

Li te avèti pèp la pou yo te fè atansyon avèk sa yo t ap panse, sa yo t ap di, ak sa yo t ap fè. Yo te dwe rete fidèl epi kenbe kòmandman yo pou rès lavi yo.

Imaj
Wa Benjamen ap pale ak moun

Wa Benjamen te mande moun yo si yo te konprann ansèyman l yo. You tout te di yo te konprann. Sentespri a te chanje yo, epi yo pa t gen dezi pou yo peche ankò.

Imaj
Nefit k ap souri

You tout te fè alyans, oswa pwomèt, pou yo te kenbe kòmandman Bondye yo. Wa Benjamen te kontan.

Imaj
Wa Benjamen ap beni Mozya

Wa Benjamen te bay pitit gason li Mozya dwa pou l te vin nouvo wa a. Twazan apresa, Wa Benjamen te mouri.

Imaj
Mozya ap travay

Mozya sete yon wa jis. Li te travay anpil epi l te sèvi pèp li, jan papa l te fè a.

Enprime